Jòb 23 - 1998 Haitian Creole

Twazyèm repons Jòb bay Elifaz

1Lè sa a, Jòb pran lapawòl, li di konsa:

2— Fwa Jòb 10.1; Sòm 32.4 sa a ankò, m'ap kenbe tèt ak Bondye, m'ap plenyen nan pye l.

Se plenn m'ap plenn pou sa m'ap pase anba men l.

3Si m te Sòm 9.7,8 ka konnen kote pou m jwenn li,

mwen ta rive kote l ye a.

4M ta Jòb 13.3; 33.5 defann kòz mwen devan li.

M ta di l dènye sa ki nan lide m pou defann tèt mwen.

5M ta konnen jan l'ap reponn mwen,

m ta tande sa l'ap di m.

6Eske Bondye ta pral sèvi ak tout fòs li pou diskite avè m?

Non. Li ta rete koute m ase.

7Li ta wè moun k'ap pale avè l la se yon moun ki toujou mache dwat.

Li menm k'ap jije m lan, li ta rekonèt mwen inonsan.

8M'ale Jòb 9.11; 35.14 bò solèy leve, Bondye pa la.

M'ale bò solèy kouche, mwen pa wè l tou.

9Mwen moute nan nò al chache l, m pa wè l.

Mwen desann nan sid, bichi!

10Men, Sòm 66.10; 139.1-3,24; Zak 13.9; 1 Pyè 1.7 Bondye konnen tout ti vire tounen mwen.

Si li sonde m, la wè m bon tankou bon lò ki pase nan dife.

11M mache Sòm 17.5; 44.18 pye pou pye dèyè l.

M swiv chemen li mete devan m lan.

M pa janm devire ni adwat ni agòch.

12Mwen Sòm 119.11,103; Jan 4.32,34 toujou fè tou sa li bay lòd fè.

Mwen te fè volonte l, mwen pa fè sa m te gen nan tèt mwen.

13Men, Jòb 9.12; 12.14; Sòm 115.3 lè Bondye fin deside yon bagay,

ki moun ki ka fè l chanje lide?

Ki moun ki ka enpoze l fè sa li vle fè a?

14L'ap Jòb 10.13; 1 Tes 3.3 toujou fè m sa li vle fè m lan.

Sa se yonn nan tout bagay li deside fè yo.

15Se poutèt sa, m'ap tranble devan l.

Lè m chonje sa, mwen sòti pè l.

16Men wi, se Bondye k'ap kraze kouray mwen.

Se Bondye menm mwen sòti pè. Se pa fènwa a.

17Fènwa a kache Bondye pou m pa wè l.

L enpoze m santi prezans li. Se tout!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help