1Yon lè, moun pèp Izrayèl yo ansanm mwen vire l tèt anba, mwen souke l, epi mwen di:
— Se pou Bondye pran nenpòt nan nou ki pa kenbe pwomès li, pou l souke l konsa tou. Bondye ap pran kay li ak tout lòt byen li genyen, l'ap kite l san anyen.
Tout moun ki te la yo reponn:
— Amèn! Se sa menm! Se sa menm!
Apre sa, yo fè lwanj Senyè a. Se konsa tout pèp la te kenbe pwomès yo te fè a.
Neyemi p'ap kouri dèyè enterè14Pandan Ney 2.1; 13.6; 2 Tes 3.8 tout douzan mwen pase gouvènè peyi Jida a, depi jou lanperè Atagzèsès te nonmen mwen nan pòs sa a, - lè sa a li t'ap mache sou ventan depi li te lanperè -, rive sou tranndezan depi li t'ap gouvènen an, ni mwen, ni okenn moun lakay mwen, nou pa janm manyen lajan yo te dwe peye gouvènè a.
15Gouvènè ki te la anvan m yo te konn ap peze pèp la: chak jou yo te konn pran karant pyès an ajan pou pen ak diven. Ata moun ki t'ap travay avèk yo te konn ap peze pèp la tou. Men mwen menm, mwen pat fè sa, paske mwen te gen krentif Bondye.
16Mwen te mete men nan travay ranpa a tankou tout moun, mwen pa achte okenn tè, epi tout moun ki t'ap travay avè m yo te la tou nan travay miray la.
17Chak 2 Sam 9.7,10 jou mwen te gen sansenkant (150) moun ap manje sou menm tab avè m lakay mwen: se te chèf yo ak majistra yo, san konte tout lòt moun ki te vin lakay mwen sòti nan lòt peyi nan vwazinay la.
18Chak 1 Wa 4.22,23 jou mwen te fè yo kwit pou mwen yon bèf, sis bon mouton byen gra ak anpil bèt volay. Se mwen menm ki te peye pou tout bagay sa yo ak lajan nan pòch mwen. Chak dis jou mwen fè yon pwovizyon diven fre. Men, malgre sa, mwen pa janm mande pou yo ban mwen sa pou yo bay gouvènè a pou manje l, paske pèp la te gen kont chay sou do li deja.
19Bondye Ney 6.14; 13.14,22,31 mwen, tanpri, pa bliye anyen nan tou sa mwen fè pou pèp sa a. Make sa yon kote pou mwen!
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.