1Samyèl mouri, tout pèp Izrayèl la sanble pou pi gwo pinisyon ki genyen si anvan denmen maten mwen pa touye dènye moun lakay li, granmoun kou timoun.
23Wè Jen 24.64; Jij 1.14; Rit 2.10 Abigayèl wè David, li kouri desann bourik li a, li lage kò l ajenou devan David, li bese tèt li jouk atè.
24Apre 2 Sam 14.9 sa, li lage kò l nan pye David, li di l konsa:
— Tanpri, chèf mwen, ban m pèmisyon pale avè ou. Tout fòt la se pou mwen. Koute sa m'ap di ou.
25Tanpri, pa okipe nonm yo rele Nabal la. Se yon voryen. Se pa pou gremesi yo rele l Nabal ki vle di moun fou. Mwen menm, mèt, mwen pat wè mesye ou te voye yo.
26Se Jen 20.6; 1 Sam 20.3; 2 Sam 18.32; Wòm 12.19; Eb 10.30 Senyè a menm ki anpeche ou mete san deyò pou pran revanj ou. Koulyeya mwen sèmante devan Senyè a ak devan ou menm, Mèt mwen, se pou lènmi ou yo, moun ki vle fè ou mal yo, se pou yo fini tankou Nabal.
27Kounyeya, mèt Jen 33.11; 1 Sam 30.26; 2 Wa 5.15 mwen, men sa mwen pote fè ou kado pou ou bay moun k'ap mache avè ou yo.
28Tanpri, 1 Sam 2.35; 18.17; 2 Sam 7.11,27; 1 Wa 11.38 mèt, padonnen sa mwen fè ki mal. Senyè a va ba ou yon fanmi ki p'ap janm disparèt, paske batay w'ap mennen yo se batay Senyè a yo ye. Ou p'ap janm fè anyen ki mal nan tout lavi ou.
29Si Jer 10.18 yon moun konprann pou li atake ou, si l'ap chache touye ou, Senyè a, Bondye ou la, va pwoteje ou. L'a sere ou bò kote l tankou lè yon moun ap sere yon bagay li renmen anpil. Men l'ap pran lènmi ou yo, l'ap voye yo jete byen lwen tankou lè yon moun ap voye wòch nan fistibal.
30Konsa, lè Senyè a va fè pou ou tout bèl bagay li te pwomèt ou yo, lè l'a mete ou chèf sou pèp Izrayèl la,
31wi, Wòm 12.19; Eb 10.30 lè sa a, mèt mwen, ou p'ap bezwen nan regrèt, ni konsyans ou p'ap boulvèse dèske ou te mete san moun deyò san rezon osinon dèske ou te pran revanj ou sou moun. Lè Senyè a va beni ou, tanpri pa bliye m.
32David Sòm 41.13; 72.18; Lik 1.68 di Abigayèl konsa:
— Lwanj pou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki voye ou jòdi a vin kontre avè m!
33Kite m di Bondye mèsi pou bon konprann ou genyen an, pou ou menm tou dèske jòdi a ou vin kenbe men m pou m pa mete san moun deyò, pou m pa tire revanj mwen mwen menm.
34Senyè a Jen 20.6; Rit 3.13; 1 Wa 14.10 pa kite m fè ou anyen. Men tou, si ou pat prese vin kontre avè m, mwen fè sèman devan Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, anvan denmen maten tout gason fanmi Nabal yo, ata ti gason piti yo, t'ap pèdi lavi yo.
35Abigayèl renmèt David tou sa li te pote, epi David di l:
— Tounen lakay ou ak kè poze! Mwen koute tou sa ou di m la a. Ou pa bezwen bat kò ou.
36Abigayèl tounen al jwenn Nabal lakay li. Nabal t'ap fè yon gwo resèpsyon, parèy ak resèpsyon wa yo konn fè. Nabal te sou anpil, kè l te kontan. Madanm lan pa di l anyen jouk nan denmen maten.
37Nan maten, lè Nabal fin desoule, madanm li rakonte l tout bagay. Mesye fè yon kriz kè, li vin paralize nan tout kò l.
38Dis 1 Sam 26.10; 2 Kwo 13.20; Tra 12.23 jou apre sa, Senyè a frape Nabal, Nabal mouri.
39Lè Jen 24.27; 1 Sam 24.15; 25.26,33,34; 1 Wa 2.44; Sòm 7.16; Pwo 22.23; Lik 1.68 David vin konnen Nabal mouri, li di:
— Lwanj pou Senyè a! Li fè Nabal peye wont li te fè m lan, li kenbe men m pou m pa fè sa ki mal. Senyè a fè mechanste Nabal la tonbe sou pwòp tèt li.
Apre sa a David voye di Abigayèl li ta renmen l pou madanm.
40Moun David yo al jwenn Abigayèl lavil Kamèl. Yo pale avè l, yo di l konsa:
— David voye nou bò kote ou pou nou mennen ou ba li pou l sa marye avè ou.
41Abigayèl Rit 2.10 leve, li lage kò l ajenou, li bese tèt li atè epi li di:
— Se domestik li mwen ye, mwen tou pare pou m lave pye moun pa l yo.
42Abigayèl leve byen vit, li moute bourik li. Li pran senk jenn fi ki t'ap sèvi avè l lakay li. Li pati ak mesaje David yo. Se konsa li vin madanm David.
43David 1 Sam 27.3; 30.5; 2 Sam 2.2; 3.2,3; 1 Kwo 3.1 te deja marye ak Akinoam, moun lavil Jizreyèl. Li vin pran Abigayèl kounyeya, sa te fè l de madanm.
44Sayil 1 Sam 18.27; 2 Sam 3.13-16 menm bò pa l te pran Mikal, pitit fi li a ki te madanm David, li marye l ak Palti, pitit gason Layis, moun lavil Galim.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.