Jenèz 50 - 1998 Haitian Creole

1Jozèf Jen 46.4 lage kò l sou papa l, li kriye kont li, li bo l nan figi.

2Apre sa, Jozèf rele doktè ki t'ap sèvi li yo. Li fè yo anbonmen kadav la. Se sa menm doktè yo fè.

3Yo Nonb 20.29; Det 34.8 pran karant jou pa pare kò a jan yo te konn fè li a. Apre sa, moun Lejip pran dèy pou Jakòb pandan swasanndis jou.

4Lè Jen 33.15 tout swasanndi jou yo fin pase, jou pou antèman an rive. Jozèf pale ak moun lakay farawon yo, li di yo konsa:

— Tanpri souple, rann mwen sèvis sa a. Pote komisyon sa a bay farawon an pou mwen.

5Di l 2 Kwo 16.14; Eza 22.16; Mat 27.60 pou mwen: Anvan papa m te mouri li te fè m sèmante pou m te antere l nan kavo li te fè pare pou li nan peyi Kanaran. Tanpri, kite m moute al antere papa m. Apre sa, m'a tounen.

6Farawon an voye reponn li:

— Ou mèt al antere papa ou, jan ou te sèmante ba li a.

7Se konsa Jozèf moute al antere papa l. Tout moun lakay farawon yo, tout chèf ak tout notab peyi Lejip yo ale ak li,

8ansanm ak tout fanmi Jozèf yo, frè l yo, ak tout fanmi papa l yo. Men yo te kite tout timoun piti yo Gochenn ansanm ak bèt yo, mouton, kabrit ak bèf.

9Te gen anpil cha ak anpil kavalye sou chwal ki te ale avèk li. Kifè pat manke moun nan lantèman an.

10Lè 2 Sam 1.17; Tra 8.2 yo rive nan glasi Atad ki lòt bò larivyè Jouden, kote solèy leve a, yo pran rele byen fò. Jozèf te fè yo fè sèvis la pandan sèt jou pou papa l.

11Lè moun peyi Kanaran yo wè sèvis lantèman yo t'ap fè Atad la, yo di:

— Ala yon grannèg ki mouri lakay moun peyi Lejip yo papa!

Se poutèt sa yo rele glasi ki lòt bò larivyè Jouden an: Glasi lapenn moun peyi Lejip yo.

12Konsa, pitit gason Jakòb yo te fè jan papa yo te ba yo lòd fè a.

13Yo Jen 49.30 pote kadav li nan peyi Kanaran, yo antere l nan twou wòch ki te nan jaden Makpela a, anfas Manmre. Se jaden sa a Abraram te achte nan men Efwon, moun Et la, pou sèvi l simityè.

14Apre Jozèf fin antere papa l, li tounen Lejip ansanm ak frè l yo ak tout moun ki te moute avè l pou lantèman papa l la.

Jozèf pale ak frè l yo

15Apre lanmò papa yo, frè Jozèf yo di:

— Ou pa janm konnen. Jozèf ka kenbe nou nan kè, li ka fè nou peye tou sa nou te fè l yo.

16Se konsa yo voye di Jozèf:

— Men komisyon papa te ban nou pou ou anvan l te mouri:

17Men Jen 49.25 sa n'a di Jozèf pou mwen: Tanpri, padonnen krim frè ou yo te fè ou la. Padonnen peche yo paske yo te fè ou mal anpil. Kounyeya atò, tanpri, padonnen mal nou te fè ou la, nou menm k'ap sèvi Bondye papa ou la.

Lè Jozèf tande pawòl sa a, li pran kriye.

18Apre Jen 42.6 sa, frè l yo vini yo menm menm, yo bese tèt yo jouk atè devan li, yo di l konsa:

— Men nou pote tèt nou pou nou sèvi ou domestik.

19Jozèf Jen 30.2; 2 Wa 5.7 di yo:

— Nou pa bezwen pè. Mwen pa kapab pran plas Bondye.

20Nou Jen 45.5,7 te moute konplo pou fè m mal. Men Bondye fè sa tounen yon byen, pou l te fè sa k rive jòdi a rive, pou l te ka sove lavi tout kantite moun sa yo.

21Non. Jen 47.12 Nou pa bezwen pè. M'ap okipe nou, nou menm ansanm ak tout pitit nou yo.

Se konsa, Jozèf te pale byen ak frè l yo, li te di yo pawòl ki te touche kè yo, li remoute kouray yo.

Lanmò Jozèf

22Jozèf te rete nan peyi Lejip ak tout fanmi papa l yo. Li te gen sandizan (110 an) lè l mouri.

23Li Jen 30.3; Nonb 32.39; Jòb 42.16 te gentan wè pitit ak pitit pitit Efrayim. Se nan men l pitit Maki yo te fèt. Maki sa a te pitit Manase.

24Li Jen 28.13; Egz 3.16,17; Eb 11.22 di frè l yo konsa:

— Mwen pral mouri. Men mwen sèten Bondye gen pou vin ede nou. L'ap fè nou kite peyi sa a, l'ap fè nou tounen nan peyi li te sèmante l'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la.

25Apre Egz 13.19; Joz 24.32; Tra 7.16; Eb 11.22 sa, Jozèf fè pitit Izrayèl yo sèmante ba li, li di yo:

— Wi, Bondye gen pou vin ede nou. Lè sa a, tanpri, pote zosman m yo moute ak nou.

26Lè Jen 50.2 Jozèf mouri, li te gen sandizan. Yo benyen kò a, yo anbonmen li, yo mete li byen fèmen nan sèkèy li nan peyi Lejip.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help