1Kounyeya, paske nou gen konfyans nan Bondye, Bondye fè nou gras, n'ap gremesi Jezikri, Senyè nou an.
2Paske paske nou gen espwa resevwa pa nou nan pouvwa Bondye a ansanm avèk li.
3Nou menm lè n'ap soufri.
4Poukisa? Paske nou konnen lè n'ap soufri sa fè nou gen pasyans. Lè nou gen pasyans konsa, sa ban nou kouray pou nou soufri. Plis nou gen kouray, se plis nou gen espwa.
5Espwa Sòm 22.5; 25.20; Eb 6.18,19 sa a p'ap janm twonpe nou, paske Bondye te fè nou wè jan l renmen nou lè li ban nou Sentespri li.
6Se konsa, lè nou pat kapab fè anyen pou tèt pa nou, Kris la mouri pou tout moun ki meprize Bondye, nan tan Bondye te fikse pou sa te rive a.
7Se pa fasil pou ou jwenn yon moun asepte mouri pou yon nonm ki gen rezon. Ou ta ka jwenn yonn konsa ki ta gen kouray mouri pou yon nonm debyen.
8Sou Jan 3.16; 1 Jan 4.10 pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil. Paske nou te nan peche toujou lè Kris la mouri pou nou.
9Se Wòm 1.18; 2.5,8 paske li bay san li pou nou kifè kounyeya Bondye fè nou gras. Nou pa bezwen mande si Kris la p'ap delivre nou tou anba kòlè Bondye.
10Nou Wòm 8.7 te lènmi ak Bondye lè Pitit Bondye a mouri pou l te fè nou byen ak Bondye ankò. Kounyeya nou se zanmi Bondye, nou pa bezwen mande si lavi Pitit Bondye a p'ap delivre nou.
11Epi se pa sa sèlman. Nou jwenn tout plezi nou nan Bondye, gremesi Jezikri, Senyè nou an, ki fè nou byen ak Bondye ankò depi kounyeya.
Adan ak Jezikri12Se Jen 2.17; 3.19; Wòm 6.23 poutèt yon sèl moun kifè peche antre nan lemonn. Peche louvri pòt bay lanmò. Se konsa, lanmò vin pou tout moun, paske tout moun peche.
13Peche Wòm 4.15 te deja nan lemonn bèldriv anvan lalwa Moyiz la. Men paske pa te gen lalwa, Bondye pa te pran sanksyon kont peche.
14Men, 1 Kor 15.21,22,45,55 sòti nan tan Adan rive nan tan Moyiz, lanmò te donminen sou tout moun, malgre yo pat fè peche tankou Adan ki te dezobeyi Bondye. Adan, se te pòtre moun ki te gen pou vini an.
15Men, peche Adan an pa menm bagay ak kado Bondye bay pou gremesi a. Se fòt yon sèl moun ki lakòz yon bann lòt moun mouri. Men, favè Bondye a gen plis pouvwa toujou. Gremesi yon sèl moun, Jezikri, Bondye bay anpil moun yon kado ki pi gwo toujou.
16Gen yon lòt diferans ankò ant kado Bondye a ak konsekans peche Adan an. Apre yon sèl moun te fin peche, lè yo jije moun, yo tout tonbe anba kondannasyon. Men, apre tout kantite peche moun fè, Bondye fè yo yon favè, li fè yo gras.
17Se vre wi. Poutèt peche yon sèl moun, lanmò te donminen akòz li menm sèlman. Men, gremesi yon sèl moun tou, Jezikri, nou jwenn plis toujou: tout moun ki resevwa favè Bondye a an kantite, tout moun ki resevwa kado Bondye a lè li fè yo gras, yo gen pou yo viv, pou yo donminen akòz Kris la.
18Se 1 Kor 15.22 sa k fè menm jan fòt yon sèl moun lakòz tout moun kondannen, konsa tou gremesi yon sèl moun ki mache dwat devan Bondye, tout moun delivre anba jijman kondannasyon, yo jwenn lavi.
19Si Eza 53.11 dezobeyisans yon sèl moun lakòz yon foul moun peche, konsa tou, obeyisans yon sèl moun lakòz Bondye va fè anpil moun gras.
20Lalwa Wòm 4.15; 7.8; Gal 3.19 antre nan koze a pou fè moun peche plis toujou. Men, kote moun fè plis peche a, se la favè Bondye a vide pi rèd sou yo.
21Se Wòm 6.23 sa k fè, menm jan peche a te bay lanmò lè l te donminen sou nou, konsa tou lè se favè Bondye a ki donminen sou nou, li fè moun gras, li ba yo lavi ki pa janm fini an, gremesi Jezikri, Senyè nou an.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.