Jak 2 - 1998 Haitian Creole

Nou pa dwe gade sou figi moun

1Frè m yo, nou menm ki gen konfyans nan Jezikri, 1 Kor 2.8 Senyè nou an ki gen tout pouvwa pou li, nou pa dwe gade sou figi moun.

2Sipoze Eb 10.25 de moun vin antre kote nou rasanble a. Yonn byen abiye ak bèl bag lò li nan dwèt li. Lòt la se yon pòv ak rad li tou chire.

3Si nou leve pou n salwe nonm ki gen bèl rechanj lan, epi nou di li: Mesye, chita la nan bon plas sa a, epi si nou di pòv la: Ou menm, kanpe bò la a, osinon, chita atè bò pye m lan,

4eske nou pa mete yon diferans nan mitan nou? Eske sa pa moutre nou gen move lide nan tèt nou lè n'ap jije moun?

5Frè 1 Kor 1.26; Lik 12.21 mwen renmen anpil yo, tande sa byen: Bondye chwazi moun ki pòv sou latè pou yo ka rich nan konfyans nan Bondye, pou yo ka jwenn pòsyon pa yo nan peyi li te pwomèt moun ki renmen l yo.

6Men nou menm se meprize n'ap meprize pòv yo! Eske se pa moun rich yo k'ap kraze nou, k'ap trennen nou tribinal?

7Se yo menm tou k'ap pran non Bondye nou an pase nan tenten.

8Jan Lev 19.18 sa ekri nan Liv la, lalwa gran Wa a di: Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Si nou fè sa, nou fè byen.

9Men, Det 1.17 si n'ap gade sou figi moun, nou fè peche. Lalwa ap kondannen nou pou dezobeyisans.

10Men Mat 5.19 moun ki obsève tout lalwa a, men ki dezobeyi menm yon sèl nan kòmandman yo, se tankou si li te dezobeyi tout nèt.

11Bondye Egz 20.13,14; Det 5.17 ki di: Pa fè adiltè a, se li menm tou ki di: Pa fè zak sasinay touye moun. Konsa menm si ou pa fè adiltè, men ou fè zak sasinay touye moun, se dezobeyi ou dezobeyi lalwa.

12Se Jak 1.25 pou nou pale, se pou nou aji tankou moun ki gen pou pase anba jijman dapre lalwa ki ban nou libète a.

13Paske, Mat 5.7; 18.30,34; 25.45,46 lè Bondye ap jije, l'ap san pitye pou moun ki te san pitye. Men, moun ki gen pitye pou lòt va sòti tèt dwat lè jou jijman an.

Fè sa ki byen si ou gen konfyans nan Bondye

14Frè m Mat 7.21; 21.29 yo, kisa sa fè pou yon moun k'ap di li gen konfyans nan Bondye, si li pa fè bagay pou moutre li gen konfyans lan vre? Eske konfyans sa a ka delivre li?

15Sipoze gen yon frè osinon yon sè ki touni, ki pa gen manje pou li manje,

16si 1 Jan 3.17 yonn nan nou di yo: Ou mèt ale. Chofe kò ou, manje plen vant ou, san li pa ba yo sa yo bezwen, kisa sa ap fè pou yo?

17Se konsa tou pou lafwa nan Bondye. Si li pa manifeste nan fè sa ki byen, se yon lafwa ki mouri.

18Men, Gal 5.6 gen moun ki va di: Ou menm, ou gen konfyans. Mwen menm, mwen fè sa ki byen. M'a reponn li: Moutre m ki jan ou ka gen konfyans san ou pa fè sa ki byen, mwen menm m'ap moutre ou jan mwen gen konfyans ak sa m'ap fè ki byen.

19Ou Mak 5.7 kwè gen yon sèl Bondye? Se byen. Se sa denmon yo kwè tou, men yo menm, sa fè yo frisonnen sitèlman yo pè.

20Gade jan ou manke konprann! Eske ou vle wè kijan lafwa pa vo anyen si li pa mache ak fè sa ki byen?

21Abraram Jen 22.9,10,12 granpapa nou, eske Bondye pat fè l gras poutèt sa li te fè lè l te ofri Izarak, pitit li a, sou lotèl la?

22Ou Eb 11.17 wè. Konfyans li te mache ansanm ak sa li te fè. Konsa tou, sa l te fè a te fè konfyans li vin bon nèt.

23Se Eza 41.8; Jen 15.6; Wòm 4.3; 2 Kwo 20.7 konsa, pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, epi Bondye fè l gras. Se sa k fè yo te rele Abraram zanmi Bondye.

24Ou Jan 8.39; Wòm 4.12 wè, se pa sèlman paske yon moun gen lafwa kifè Bondye fè li gras, men se paske, anmenmtan, li fè sa ki byen tou.

25Se Eb 11.31; Joz 2.4,15; 6.17 menm jan an tou pou Rarab, fanm movèz vi a. Eske se pat poutèt sa l te fè a Bondye te fè l gras, lè l te resevwa mesaje jwif yo, lè l te fè yo pran yon lòt wout pou tounen lakay yo?

26Menm Jak 2.17 jan yon kò san nanm se yon kadav, konsa tou lafwa nan Bondye ki pa mache ak fè sa ki byen se yon lafwa ki mouri.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help