1Se pou nou toujou yonn renmen lòt Jan 13.34; 2 Pyè 1.7 tankou frè k'ap viv ansanm nan Kris la.
2Chonje Wòm 12.13; 1 Pyè 4.9; Jen 18.3; 19.2,3 se devwa nou pou nou byen resevwa moun ki vin lakay nou. Se konsa, gen moun ki resevwa zanj Bondye lakay yo san yo pa konn sa.
3Pa Mat 25.36 bliye moun ki nan prizon yo, tankou si nou menm tou nou te nan prizon ansanm ak yo. Pa bliye moun y'ap maltrete yo, paske nou menm tou nou gen yon kò.
4Maryaj Gal 5.19,21; Ef 5.5 se yon bagay tout moun dwe respekte anpil. Moun ki marye yo dwe rete fidèl yonn ak lòt. Bondye gen pou jije moun k'ap mennen movèz vi yo ansanm ak moun k'ap fè adiltè yo.
5Pa Det 31.6,8; Joz 1.5; 1 Tim 6.6 kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.
6Konsa, Sòm 118.6 nou kapab di avèk konfyans:
Se Bondye k'ap vin ede mwen.
Mwen pa pè anyen.
Kisa moun ka fè mwen?
7Pa 1 Kor 4.16 bliye moun ki te konn dirije nou yo, moun ki te fè nou konnen pawòl Bondye a. Egzaminen jan yo te viv, jan yo te mouri. Pran egzanp sou konfyans yo.
8Jezikri 1 Kor 3.11; Rev 1.17 se menm moun lan ayè, jòdi a ak pou tout tan.
9Pa Ef 4.14; Wòm 14.17; 2 Kor 1.21 kite pawòl dwategòch moun ap moutre yo fè nou pèdi bon chemen an. Li bon pou se gras Bondye a ki bay lavi nou fòs pase se kesyon sa moun pa dwe manje. Obsève bagay konsa pa janm pwofite okenn moun.
10Nou Eb 8.4,5 gen yon lotèl ki pa nou. Prèt k'ap sèvi nan tanp jwif yo pa gendwa manje nan vyann ofrann bèt nou fè sou lotèl sa a.
11Lè Lev 16.27 y'ap fè ofrann bèt pou touye pou peche yo, se san an ase granprèt jwif la pote pou ofri nan kote ki apa pou Bondye a. Men, yo boule kò bèt yo lòt bò pòtay lakou kote moun yo rete a.
12Se Mat 21.39; Jan 9.22 poutèt sa, Jezi te mouri lòt bò pòtay lavil la, pou l te ka mete pèp la nan kondisyon pou yo fè sèvis Bondye ak pwòp san pa li ki te koule.
13Nou Eb 11.26; 12.2 menm tou, ann sòti al jwenn li lòt bò pòtay lakou a pou n soufri menm wont la ansanm ak li.
14Paske Eb 11.10; 12.22 nou pa gen sou latè yon lavil ki la pou tout tan. N'ap chache lavil ki gen pou vini an.
15Gremesi Lev 7.12; 2 Kwo 29.31; Sòm 50.14,23; Eza 57.19; Oze 14.2 Jezikri, sèl ofrann san n'ap ofri bay Bondye a, se lwanj n'ap ba li tout tan. Se tout tan pou non l nan bouch nou.
16Pa Fil 4.18 bliye, se pou nou fè sa ki byen, se pou nou yonn ede lòt. Se ofrann konsa ki fè Bondye plezi.
17Obeyi 1 Tes 5.12; Eze 3.17 chèf nou yo, soumèt devan yo. Se tout tan y'ap veye sou nanm nou paske yo gen pou yo rann Bondye kont pou travay yo. Si nou obeyi yo, y'a fè travay yo ak kè kontan. Men, si nou pa obeyi yo, y'a fè l ak kè sere. Lè sa a, p'ap gen okenn avantaj pou nou.
18Pa 2 Kor 1.12; Tra 24.16 sispann lapriyè pou mwen. Mwen sèten mwen gen konsyans mwen anpè. Paske mwen vle fè sa ki byen nan tout sikonstans.
19M'ap mande nou pou nou lapriyè toutespre pou Bondye ban m okazyon tounen vin jwenn nou anvan lontan.
Benediksyon20Men Eza 63.11; 55.3; Zak 9.11; Jer 32.40; Eze 37.26; Jan 10.11; 1 Pyè 2.25 sa m'ap mande Bondye pou nou, li menm ki te fè Jezi, Gran Gadò mouton yo, leve sòti vivan pami mò yo. Jezi se Senyè nou an ki te mouri pou l te ka siyen kontra ki la pou tout tan an ak san li.
21M'ap mande Bondye ki bay kè poze a pou l fè nou favè sa a, pou nou fè tou sa ki byen, pou n kapab fè volonte li. M'ap mande l tou pou l fè travay ki fè l plezi nan nou, gremesi Jezikri. Tout lwanj lan pou Jezikri pou tout tan tout tan. Amèn.
Salitasyon22Tanpri, Jak 1.21 frè m yo, m'ap mande nou pou nou koute pawòl ankourajman sa yo ak pasyans, paske sa m di nan lèt mwen ekri nou an pa long.
23Mwen vle fè nou konnen yo gentan lage Timote, frè nou an. Si li rive bonè, m'a pran l avè m lè m'ap vin wè nou.
24Di tout moun k'ap dirije nou yo bonjou ansanm ak tout pèp Bondye a. Tout frè ki nan peyi Itali yo voye bonjou pou nou tout.
25Benediksyon Bondye avèk nou tout. Amèn.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.