1(1b) Bondye Toupisan an, Letènèl la, pale.
Li konvoke tout moun ki sou latè,
Depi moun sou bò solèy leve
jouk moun sou bò solèy kouche,
Li fè yo tout rasanble.
2Bondye Det 33.2; Sòm 48.2; 80.1 parèt, li klere byen bèl
depi Siyon, mòn ki bèl tout bon an.
3Bondye Egz 19.16; Sòm 21.9 nou an ap vini. Li p'ap rete bouch fèmen.
Devan li, gen yon gwo dife k'ap boule tout bagay,
l'ap vini nan mitan yon gwo van k'ap fè dega.
4Li Det 32.1; Eza 1.2; Mi 6.1,2 rele syèl la ak latè a pou sèvi l temwen.
Li pral jije pèp li a.
5Li Jen 15.9-18; Egz 24.7,8 di: — Sanble tout moun k'ap sèvi m yo nan pye m.
Sanble tout moun ki te fè kontra avèk mwen lè yo te ofri bèt touye ban mwen.
6Syèl Sòm 75.7; 97.6 la va fè konnen Bondye ki pa nan patipri a,
se li menm ki sèl jij!
7Koute, Egz 20.2; Sòm 81.8 pèp Izrayèl, pèp mwen! Mwen pral pale avè ou!
Mwen pral mete tout bagay aklè avè ou!
Se mwen menm ki Bondye, se mwen menm ki Bondye ou.
8Se Sòm 40.6 pa pou bèt ou touye pou mwen yo m'ap fè ou repwòch,
ni pou bèt ou boule pou mwen yo.
9Mwen pa mande ou ti towo bèf ki nan sèka ou,
ni bouk kabrit ki nan jaden ou.
10Paske, tout bèt ki nan bwa, se pou mwen yo ye.
Tout kantite bèt ki nan mòn yo, se pou mwen yo ye tou.
11Mwen Mat 10.29 konnen tout zwazo k'ap vole nan mòn yo.
Tout zannimo ki nan savann, se pou mwen yo ye.
12Si m Sòm 24.1 te grangou, mwen pa ta janm bezwen di ou sa,
paske tout tè a ansanm ak tou sa ki ladan l, se pou mwen yo ye.
13Eske m manje vyann towo bèf?
Eske m bwè san bouk kabrit?
14Men Nonb 30.2; Sòm 22.25; 107.22; Ekl 5.4; Oze 14.2; Jo 2.9; Eb 13.15 sa pou ou fè pou Bondye: Di l mèsi pou tout bagay.
Fè tout sa ou te pwomèt fè pou Bondye ki anwo nan syèl la.
15Lè Sòm 22.23; 81.7; 107.6; Zak 13.9 ou nan tray, rele m, m'a delivre ou.
Wa fè lwanj mwen.
16Men, Bondye pale ak mechan yo, li di yo:
— Ki dwa nou genyen pou n'ap resite kòmandman mwen yo?
Ki dwa nou genyen pou nou gen pawòl kontra mwen an nan bouch nou?
17Nou Ney 9.26; Wòm 2.21,22 pa vle kite m korije nou.
Nou derefize obeyi kòmandman mwen yo.
18Lè Wòm 1.32; 1 Tim 5.22 nou wè yon vòlè, nou fè zanmi avèk li.
Nou met tèt nou ansanm ak fanm movèz vi yo.
19Lang Sòm 52.2 nou cho pou pale moun mal.
Depi nou louvri bouch nou, se manti n'ap bay.
20Nou chita, n'ap pale frè nou mal.
N'ap bay manti sou frè nou ki menm manman ak nou.
21Nou Ekl 8.11; Eza 57.11; Wòm 2.4 fè tou sa, epi nou te vle pou m pe bouch mwen?
Nou mete nan tèt nou se menm moun ak nou mwen ye?
Men kounyeya, mwen pral fè nou pran men nou.
Mwen pral mete tout bagay aklè devan je nou.
22Koute Sòm 7.2; 9.17 sa byen, nou menm ki bliye si gen Bondye.
Si se pa sa, m'ap dechire nou.
Lè sa a, p'ap gen moun ki ka delivre nou.
23Lè Sòm 50.14,15; 91.16 yon moun chonje di m mèsi pou tout bagay, se lè sa a li fè lwanj mwen.
M'ap delivre tout moun k'ap veye kote y'ap mete pye yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.