2 Makabe 14 - 1998 Haitian Creole

Alsimis denonse Jida(1 Makabe 7.1-21)

1Twazan apre sa, Jida ak moun pa l yo vin konnen Demetriyis, pitit Selesis, te debake sou waf lavil Tripoli ak yon gwo lame, ak yon flòt batiman.

2Epi lè li fin touye wa Antyokis ansanm ak Liziyas, nonm ki te reskonsab levasyon wa a, li pran peyi a pou li.

3Lè sa a, te gen yon jwif yo te rele Alsimis, ki te granprèt yon lè, men li te adopte mès lavi moun Lagrès yo ak tout kè li depi lè revòlt la. Konsa, li te mete tèt li nan kondisyon li pa ka fè sèvis Bondye ankò. Li vin konprann pa te gen chans pou li ta moute granprèt ankò. Lèfini, tout jan li t'ap viv ak kè kase paske li pa te konnen sa yo ta ka fè l.

4Sa li fè? Lale wè wa Demetriyis. Se te nan lanne sansenkanteyen (151). Li pote fè wa a kado yon kouwòn lò, yon fèy pye palmis, ansanm ak detwa branch bennzoliv yo te konn ofri nan tanp lan dapre koutim lontan yo. Men, jou sa a, li pa di wa a anyen.

5Tansèlman, li jwenn yon chans pou li fè vye plan moun fou li te gen nan tèt li a lè Demetriyis fè chache l pou li vin nan reyinyon konseye l yo, epi li mande l ki pozisyon jwif yo, kisa yo te gen lide fè.

6Alsimis di li konsa:

— Jwif yo rele Asideyen yo epi ki gen Jida Makabe pou chèf yo a renmen fè lagè. Se tout tan y'ap fè ti dife boule, yo pa vle kite peyi a jwi lapè menm.

7Se poutèt sa, atout yo wete m nan pòs ki vin pou mwen dapre dwa fanmi mwen, ki vle di pòs granprèt la, mwen vin isit la pou de rezon:

8Pou yonn, paske ak tout kè mwen, mwen ta vle defann enterè wa a. Pou de, paske mwen gen anpil konsiderasyon pou peyizan mwen yo, moun menm peyi avè m yo, paske se pa de soufri tout ras nou an nèt ap soufri poutèt moun sa yo ki fin pèdi tèt yo.

9Konsa, monwa, lè w'a fin egzaminen kèsyon an nan tout ti detay li yo, nan bon kè ak bon voulwa ou gen pou tout moun lan, w'a pran desizyon w'a wè ki merite pou delivrans peyi nou an ansanm ak tout moun ki ladan yo anba malè k'ap tann nou kote nou vire.

10Depi nonm yo rele Jida sa a vivan toujou, p'ap gen lapè pou gouvènman an.

Demetriyis voye Nikanò atake Jida

11Fini Alsimis fin pale konsa, lòt konseye yo moute tèt Demetriyis plis ankò sou do Jida, paske yo menm tou yo pa te vle wè l.

12Se konsa wa Demetriyis lamenm chwazi Nikanò, chèf lame elefan yo, li nonmen l gouvènè peyi Jide, epi li voye l ale

13avèk lòd pou li touye Jida, gaye tout patizan l yo, lèfini mete Alsimis granprèt nan tanp ki pi gwo nan tout tanp ki sou latè.

14Lè sa a, tout moun lòt nasyon ki te rete nan peyi Jide a men ki te kouri met deyò poutèt Jida yo, prese vin jwenn Nikanò an kantite paske yo te mete nan tèt yo nenpòt malè osinon nenpòt pèt ki ta rive jwif yo sa t'ap toujou nan avantaj yo.

15Lè jwif yo vin konnen Nikanò t'ap mache sou yo ansanm ak moun lòt nasyon yo pou atake yo, yo voye pousyè tè sou tout kò yo, yo lapriyè nan pye Bondye ki te chwazi yo pou pèp li pou tout tan an, epi ki pa janm manke vin ede pèp ki rele l pa l la lè yo nan bezwen yon jan pou tout moun ka wè.

16Apre sa, Jida, chèf yo a, bay lòd epi lamenm yo pati kite kote yo te ye a, y'al mare batay ak lènmi yo nan ti bouk Desaou a.

17Simon, frè Jida a, t'ap tope kòn li ak Nikanò. Nan mitan batay la, Nikanò fè yon sèl va sou Simon, Simon te konmanse ap pèdi pye.

18Tansèlman, lè Nikanò tande jan Jida ak moun pa l yo t'ap goumen tankou vanyan sòlda ak tout kouray yo pou peyi yo a, li vin fè lide li p'ap regle kèsyon an nan goumen.

19Se konsa, li voye Posidoniyis, Teyodòt ak Matatyas al antann yo ak jwif yo.

Nikanò fè zanmi ak Jida

20Apre Jida fin egzaminen kondisyon yo vin fè l yo an detay, li mete sòlda li yo an konesans. Epi yo tout yo dakò pou yo sispann lagè a.

21Se konsa yo fikse yon jou pou chèf yo kontre yonn ak lòt yon kote pou kont yo. Yon cha lagè sòti nan chak kan ak yon fòtèy y'al mete nan pozisyon pou chèf yo.

22Men, Jida poste sòlda ak tout zam nan men yo nan bon pozisyon tou pare pou goumen, paske li te pè pou lènmi yo pa te pare yon move kou an trèt pou yo. Men, de chèf yo fè yon bèl chita-pale, yo tonbe dakò.

23Nikanò rete pase kèk jou lavil Jerizalèm, san li pa fè anyen ki deplase. Li ranvwaye tout moun nou te wè ki te vin fè bann avè l yo.

24Nikanò vin bon zanmi ak Jida, li te vle pou Jida te toujou ak li.

25Li ankouraje l marye pou l ka gen fanmi pa l. Se konsa Jida marye, li t'ap mennen yon lavi byen trankil tankou tout moun.

Nikanò vire do bay Jida

26Lè Alsimis wè jan Jida ak Nikanò te vin bon zanmi, li chache gen yon kopi antant mesye yo te siyen an, epi li pati al wè wa Demetriyis. Li esplike wa a kijan sa Nikanò ap fè a pa te nan avantaj gouvènman l lan, paske Nikanò te nonmen trèt yo rele Jida a pou moute chèf nan plas li apre li.

27Wa a fache yon sèl fache lè li tande move rapò malveyan sa a te vin fè l yo. Nan kòlè li, li ekri Nikanò, li voye fè l konnen jan li pa te kontan menm ak antant li te fè a, epi li ba li lòd pou li arete Jida Makabe voye l ba li lamenm lavil Antyòch.

28Lè mesay wa a rive jwenn Nikanò, sa te boulvèse l anpil. Li pa te wè kijan pou li pa respekte pawòl li ak yon nonm ki pa te fè anyen ki mal.

29Men li pa te ka pa obeyi lòd wa a. Se konsa li t'ap chache yon bon okazyon pou l te fè sa wa a te mande l fè a, li pare yon pèlen pou Jida.

30Men, Jida Makabe bò pa l te wè kijan Nikanò te vin yon jan frèt frèt avè l, kijan li pa te ba li bèl figi ankò tankou anvan. Li vin konprann se te yon move siyas pou li. Sa l fè? Li sanble bonkou nan patizan l yo, li kraze rak pou Nikanò pa jwenn li.

31Lè Nikanò vin wè Jida ak nen fen li a te gate plan li, l'al nan gwo tanp yo mete apa pou Bondye a. Se te lè prèt yo t'ap ofri bèt pou touye pou Bondye yo. Li ba yo lòd pou yo renmèt li Jida.

32Prèt yo fè sèman yo pa te konnen kote Jida, nonm l'ap chache a, ye.

33Lè sa a, Nikanò lonje men dwat li sou tanp lan, li fè sèman, li di konsa:

— Si nou pa renmèt mwen Jida pou m fè l prizonye, m'ap kraze kote nou mete apa pou Bondye nou an ratè, m'ap demoli lotèl la, lèfini sou anplasman sa a menm, m'ap bati yon gwo bèl tanp pou Dyonizis.

34Lè li fin di sa, li vire do l l'ale. Lamenm prèt yo leve de bra yo nan syèl la, yo lapriyè Bondye ki nan syèl la, li menm ki toujou pran defans nasyon nou an. Yo di konsa:

35— O Granmèt, ou pa bezwen anyen. Tansèlman, se te plezi ou pou ou te gen yon kote apa pou ou rete nan mitan nou.

36Se ou menm sèl, Granmèt, ki yon Bondye apa. Tanpri, pwoteje tanp nou fenk mete nan kondisyon pou fè sèvis pou ou a, pou yo pa janm derespekte l.

Razis bay lavi li pou peyi li

37Y'al denonse yonn nan chèf fanmi jwif lavil Jerizalèm yo ki te rele Razis bay Nikanò. Tout moun t'ap nonmen non Razis la an byen pou jan li te ede frè parèy li yo tout jan. Li te sitèlman renmen yo, yo te ba l yon tinon: Papa jwif yo.

38Yon lè, pandan premye jou jwif yo te pran lèzam lan, yo te trennen l tribinal, paske li pa te sispann swiv prensip relijyon jwif yo. Li te riske ni kò li ni lavi li pou l te ka kenbe relijyon li an fèm.

39Nikanò te vle fè moun wè aklè jan li te rayi jwif yo. Li voye depase senksan (500) sòlda arete Razis,

40paske li te mete nan tèt li arestasyon sa a ta pral yon gwo kou pou jwif yo.

41Sòlda yo te prèt pou yo te pran gwo fò won kote Razis te ye a, yo t'ap defonse pòtay ki bay sou lakou a lè yo bay lòd mete dife pou boule pòt yo. Lè sa a, Razis vin konprann pa gen rechap pou li. Se konsa li seye touye tèt li ak nepe li.

42Li te pito mouri ak tout prestij li pase pou li tonbe anba men kriminèl sa yo ki ta ka trennen l nan labou pou fè l wont.

43Men, nan lanpresman li, Razis pa byen kalkile kou a, li pa mouri lapoula. Konsa, lè sòlda yo kouri anvayi pyès kote l te ye a, li pran kouray li ak de bra, li kouri moute sou tèt miray la, epi li lage kò l anba sou foul moun yo.

44Moun yo renka kò yo, epi Razis tonbe atè nan mitan yo.

45Men, li te vivan toujou. Li vin gen yon sèl kouray sou li, li leve kanpe, atout san t'ap koule sòti kote li te blese a tankou dlo larivyè, li kouri pase nan mitan foul moun yo, li moute sou tèt yon gwo wòch.

46Lè sa a, li te fin pèdi tout san li, li rache zantray li yo ak de men, li voye yo jete sou moun yo. Antan l'ap fè sa, li lapriyè Granmèt ki bay souf lavi a, li mande l pou li renmèt li zantray li yo yon jou. Epi se konsa li mouri.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help