Jidit 14 - 1998 Haitian Creole

Jidit di pèp la sa pou yo fè

1Lè sa a, Jidit di moun yo konsa:

— Tanpri, frè m yo, tande sa m'ap di nou. Pran tèt Olofèn lan, pandye l nan yonn nan fant ki sou tèt miray ranpa a.

2Lè bajou va kase, lè solèy va konmanse pwente, chak moun va pran zam lagè yo nan men yo. Tout vanyan sòlda yo va sòti andeyò lavil la. Y'a mete yon moun alatèt yo. Y'a fè tankou si yo pral desann nan plenn lan pou mache sou avanpòs lame moun Lasiri yo, men yo p'ap desann. Y'a tann.

3Mesye avanpòs Lasiri yo va pase men pran zam yo, y'ap kouri al nan kan yo leve chèf lame yo. Chèf lame yo menm pral kouri al nan tant Olofèn lan, men yo p'ap jwenn li. Lè sa a, yon sèl lapèrèz pral tonbe sou yo tout, y'ap pran kouri pou nou. Se lè sa a nou menm n'a mache sou yo.

4Nou menm ak tout lòt moun ki rete nan peyi Izrayèl la, nou pral rapousib yo, nou pral touye yo.

5Men, anvan n'al fè sa, voye chache Akyò, moun peyi Amon an pou mwen, pou l ka wè, pou l ka rekonèt nèg ki t'ap pase moun Izrayèl yo nan betiz la epi ki te voye l ban nou tankou bèt yo voye labatwa a.

Akyò fè l jwif

6Se konsa y'al chache Akyò lakay Ozyas, yo mennen l vini. Lè li wè tèt Olofèn nan men yonn nan mesye ki te la yo, li tonbe fas atè, li pèdi konesans.

7Lè yo leve l, l'al lage kò l atè nan pye Jidit, li bese tèt li jouk atè devan li, epi li di:

— Se pou yo fè lwanj ou nan tout kay nan peyi Izrayèl la! Se pou moun pran tranble nan tout nasyon sou latè lè y'a tande yo nonmen nou ou!

8Kounyeya, rakonte m tou sa ou fè dènye jou sa yo.

Jidit kanpe la nan mitan tout pèp la, li rakonte l tou sa li te fè depi premye jou li te kite yo a rive jouk lè li t'ap pale ak yo a.

9Lè li fin pale, pèp la pran rele byen fò sitèlman kè yo te kontan. Se te yon rèl kè kontan nan tout lavil la.

10Lè Akyò wè tou sa Bondye pèp Izrayèl la te fè a, li fin kwè nèt nan Bondye yo a. Li fè yo sikonsi li, epi depi lè sa a li vin manm pèp Izrayèl la jouk jounen jòdi a.

Gwo kouri nan kan Olofèn lan

11Lè bajou kase, moun pèp Izrayèl yo pandye tèt Olofèn lan sou anwo miray ranpa a. Chak gason pran zam yo nan men yo, epi yo tout yo sòti gwoup pa gwoup, y'al sou ranp mòn yo.

12Lè moun peyi Lasiri yo wè sa, y'al avèti chèf yo. Chèf yo menm al jwenn jeneral yo, kaptenn yo ak tout lòt gwo chèf lame a.

13Epi y'al nan tant Olofèn lan. Yo di Bagoas konsa:

— Leve kòmandan an! Bann voryen yo rele moun peyi Izrayèl sa yo gen lodas pou y'ap desann sou mòn yo vin atake nou. Yo dèyè pou nou fini nèt ak yo!

14Bagoas antre nan tant lan, li bat men li devan chanm kote Olofèn konn dòmi a. Li te konprann Olofèn te nan kabann ak Jidit toujou.

15Lè li pa tande yo reponn li, li louvri rido a, li antre nan chanm lan, li jwenn kadav Olofèn lan san tèt, kouche antravè sou yon ti ban.

16Bagoas pete yon sèl rèl. Li pran kriye, li chire rad sou li, li konmanse plenn, ak de ran dlo nan je l.

17L'ale anba tant kote Jidit te ye a, men li pa jwenn li. Li kouri sot deyò al jwenn moun yo, li di yo konsa:

18— Esklav yo woule nou! Yon fanm peyi Izrayèl lage lawontèz sou tout gouvènman Nebikadneza a. Gade! Men kadav Olofèn atè a, san tèt.

19Lè chèf lame Lasiri yo tande sa, yo chire rad sou yo sitèlman sa te fè yo lapenn, epi yon sèl kouri gaye nan kan an. Moun t'ap rele, yo t'ap fè bri toupatou nan kan an.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help