1Men non pitit gason Izrayèl yo: Riben, Kalèb, 1 Kwo 2.9 pitit Ezwon, te marye ak Azouba. Yo te gen yon pitit fi yo te rele Jeryòt ak twa lòt pitit gason: Jechè, Chobab ak Adon.
19Lè Egz 17.10,12; 24.14; 1 Kwo 2.50 Azouba mouri, Kalèb marye ak Efrata. Yo te gen yon pitit gason yo rele Our.
20Our Egz 31.2 te papa Ouri, Ouri te papa Bezaleyèl.
21Lè Nonb 27.1 Ezwon te gen swasantan laj, li marye ak pitit fi Maki a, sè Galarad. Yo te gen yon pitit gason yo te rele Segoub.
22Segoub Nonb 32.41,42; Det 3.14; Joz 13.30 te papa Jayi. Jayi te gouvènen venntwa lavil nan peyi Galarad.
23Men moun Gèchou ak moun Aram yo te pran nan men l zòn Jayi a ak lavil Kenat ansanm ak tout ti bouk ki nan vwazinay li yo. Sa te fè antou swasant bouk. Tout moun ki te rete nan zòn lan te fanmi Maki, papa Galarad.
24Lè 1 Kwo 2.50; 4.5 Ezwon mouri, Kalèb marye ak Efrata, madanm Ezwon, papa l. Efrata fè yon pitit gason pou li ki te rele Askou, papa Tekoa.
Fanmi Jerakmeyèl25Jerakmeyèl, 1 Kwo 2.9 premye pitit gason Ezwon an, te gen senk pitit gason: Ram, pi gran an, Bouna, Orèn, Ozèm ak Akija.
26Jerakmeyèl te gen yon lòt madanm ki te rele Atara. Atara fè yon pitit gason pou li. Se te Onam.
27Ram, premye pitit gason Jerakmeyèl la, te gen twa pitit gason: Maz, Jamen ak Ekè.
28Onam te gen de pitit gason: Chamayi ak Jada. Chamayi te gen de pitit gason tou: Nadad ak Abichou.
29Madanm Abichou te rele Abijayil. Li fè de pitit gason pou Abichou: Aban ak Molib.
30Nadab, frè Abichou a, te gen de pitit gason: Selèd ak Apayim. Men Selèd mouri san kite pitit gason.
31Apayim 1 Kwo 11.41 te papa Icheyi. Icheyi te papa Chechan, Chechan te papa Alayi.
32Jada, frè Chamayi a, te gen de pitit gason: Jetè ak Jonatan. Men Jetè mouri san kite pitit gason.
33Jonatan te gen de pitit gason: Pelèt ak Zaza.
Tout moun sa yo se fanmi Jerakmeyèl yo ye.
34Chechan pat gen pitit gason. Tout pitit li yo se fi yo te ye. Li te gen yon domestik ki te moun peyi Lejip. Domestik la te rele Jara.
35Chechan marye yonn nan pitit fi li yo avè l. Yo te gen yon pitit gason ki te rele Atayi.
36Atayi te papa Natan, Natan te papa Zabad.
37Zabad te papa Efal, Efal te papa Obèd.
38Obèd te papa Jeou. Jeou te papa Azarya.
39Azarya te papa Elèz. Elèz te papa Elasa.
40Elasa te papa Sismayi, Sismayi te papa Chaloum.
41Chaloum te papa Jekamya. Jekamya te papa Elichama.
Rès fanmi Kalèb yo42Premye Joz 14.13; 15.13 pitit gason Kalèb, frè Jerakmeyèl la, te rele Mecha. Mecha te papa Zif. Marecha, dezyèm pitit Kalèb la, te papa Ebwon.
43Ebwon te gen kat pitit gason: Kora, Tapwak, Rekèm ak Chema.
44Chema te papa Raam ki te papa Jòkeam. Rekèm te papa Chamayi.
45Chamayi te papa Mawon ki te papa Betsou.
46Kalèb te gen yon lòt fanm kay yo te rele Efa. Li fè twa lòt pitit avè l: Aran, Moza ak Gazèz. Aran te gen yon pitit gason yo te rele Gazèz tou.
47Yon nonm yo te rele Jadayi te gen sis pitit gason: Regèm, Jotam, Gechan, Pelèt, Efa ak Chaf.
48Kalèb te gen yon lòt fanm kay ankò ki te rele Maka. Maka fè de pitit gason pou li: Chebè ak Tirana.
49Apre Joz 15.17; Jij 1.13 sa, Maka fè de lòt pitit gason: Chaf ki te papa Madmana, ak Seva ki te papa Makbena ak Gibeya. Kalèb te gen yon pitit fi tou ki te rele Aksa.
50Tout 1 Kwo 2.19; 4.4 moun sa yo te nan fanmi Kalèb.
Our te premye pitit gason Efrata ak Kalèb. Men pitit li yo: Chobal ki te papa Kiriyat-Jearim,
51Salma ki te papa Betleyèm, ak Arèf ki te papa Betgadè.
52Chobal, papa Kiriyat-Jearim, te zansèt moun Awoyè yo, mwatye nan moun ki rete Menouyòt yo,
53ak Jij 13.25; 1 Kwo 4.2 moun ki te rete nan Kiriyat-Jearim, ki vle di: moun Jetè yo, moun Pout yo, moun Choumat yo ak moun Michra yo. Moun ki rete lavil Sora ak lavil Echtawòl yo te sòti nan branch fanmi moun sa yo tou.
54Salma, papa Betleyèm, te zansèt moun lavil Netofat, moun lavil Atwòt-Bèt-Joab, ak moun Sora yo ki te yonn nan de branch fanmi ki te rete Manarat yo.
55Men Jij 1.16; 2 Wa 10.15; Jer 35.2 branch fanmi moun ki te abil nan ekri ak kopye dokiman. Yo te rete lavil Jabèz. Se te moun Tira yo, moun Chima yo ak moun Souka yo. Se moun branch fanmi Kayen ki sòti nan fanmi Amat, zansèt moun Rekab yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.