1Yon lòt fwa, yo te arete sèt frè ansanm ak manman yo. Wa a t'ap matirize yo anba fwèt ak rigwaz pou fòse yo manje vyann kochon, vyann lalwa defann yo manje.
2Yonn ladan yo pran lapawòl nan non yo tout, li di konsa:
— Kisa ou vle nou fè ou konnen lè w'ap maltrete nou konsa? Nou pito mouri pase pou nou derespekte lalwa zansèt nou yo.
3Wa a fè yon sèl kòlè, li bay lòd pou yo mete platin yo ak chòdyè yo sou dife.
4Lè platin yo ak chòdyè yo chofe byen chofe, li bay lòd pou yo pran sa ki te pale nan non lòt yo, pou yo koupe lang li, pou yo dekale tout po tèt li, lèfini pou yo koupe de men ak de pye l yo devan je frè l yo ak manman l.
5Lè yo fin dechikte mesye, antan li vivan toujou, wa a bay lòd pou yo pwoche l bò dife a epi pou yo mete l sou platin lan. Antan lafimen t'ap sòti sou platin lan gaye toupatou, lòt frè l yo ak manman an, yonn t'ap ankouraje lòt pou yo mouri ak kouray. Yo t'ap di:
6— Bondye Granmèt la wè. L'ap gen pitye pou nou, jan Moyiz te fè nou konn sa nan chante li te fè pou kondannen moun ki te vire do bay Bondye yo, lè li te di: L'a gen pitye pou moun k'ap sèvi l yo.
7Apre premye frè a fin mouri konsa, yo mennen dezyèm lan pou yo matirize l menm jan an tou. Lè yo fin rache po tèt li ak tout cheve l yo, yo mande l konsa:
— Eske w'ap manje vyann kochon anvan yo rache men ou yo ak pye yo yonn apre lòt?
8Li reponn nan lang manman l, li di yo:
— Non!
Se poutèt sa yo matirize l menm jan an tou.
9Anvan li rann dènye souf li, li di wa a konsa:
— Ansasen! Ou mèt touye nou. Men, konnen sa byen: Bondye ki wa linivè a ap fè nou leve sòti nan lanmò pou nou ka viv yon lavi nèf ki pap janm fini paske se pou lalwa li bay la n'ap mouri.
10Apre sa a yo pran matirize twazyèm lan. Lè yo mande l pou li mete lang li deyò epi pou li lonje men l yo, lamenm li mete lang li deyò epi li lonje de men l yo,
11epi li di yo avèk kouray:
— Se Bondye nan syèl la ki te ban mwen yo. Men, lalwa Bondye a gen plis valè pou mwen pase yo. Lèfini, mwen gen konfyans l'ap renmèt mwen yo yon lè.
12Lè wa a ak moun ki te avè l yo tande sa, yo te sezi wè kouray jenngason an ki pa te pran soufrans sa yo pou anyen.
13Lè twazyèm frè a mouri, yo pran matirize katriyèm lan menm jan an tou.
14Lè li te prèt pou rann dènye souf li, li di konsa:
— Pito nou kite moun touye nou antan nou gen nan kè nou espwa Bondye ap fè nou leve vivan ankò. Men pou ou menm, Antyokis, pa gen leve vivan ankò.
15Apre sa yo trennen senkyèm frè a kote pou yo matirize l la.
16Lè sa a, senkyèm frè a gade wa a, epi li di l konsa:
— Atout ou menm tou ou gen pou mouri, ou gen otorite sou moun, ou fè sa ou pito. Men, pa mete nan tèt ou Bondye lage pèp li a.
17Ou mèt tann, ou gen pou ou wè jan pouvwa Bondye a ap matirize ou tou, ou menm ansanm ak tout pitit ou yo apre ou.
18Apre sa, yo mennen sizyèm lan. Anvan li rann dènye souf li, li di konsa:
— Pa twonpe tèt nou! Se fòt nou, nou menm jwif yo, si kounyeya n'ap sibi tout bagay sa yo. Se paske nou fè peche kont Bondye kifè nou rale tout gwo malè sa yo sou tèt nou.
19Men ou menm, pa mete nan tèt ou ou ka chape anba chatiman k'ap tann ou an, paske se ak Bondye wap chache goumen la a.
20Men se manman an ki te kale yo tout nan bèl konpòtman li an. Li merite pou nou ba li yon plas apa nan bagay nou pa bliye yo. Nan yon sèl jounen an li kanpe la ap gade sèt pitit gason l yo ap mouri la devan je l. Li pran tou sa avèk anpil kouray paske li te mete tout konfyans li nan Granmèt la.
21Li ankouraje pitit li yo yonn apre lòt nan lang manman yo. Li te gen bon santiman nan kè l. Li te mete yon kouray gason sou li pou li te pale tankou yon fanm ak pitit li yo. Li di yo konsa:
22— Mwen pa konnen kouman nou parèt nan vant mwen. Se pa mwen ki te ban nou souf lavi, ni ki te bay kò nou fòm.
23Se Bondye ki kreye linivè a ki bay moun fòm lè yo fèt, se li menm ki gen plan konmansman tout bagay. Nan bon kè li la ban nou souf lavi ankò paske kounyeya nou fè lalwa Bondye a pase anvan tèt pa nou.
24Antyokis te konprann se nan betiz madanm lan t'ap pase l nan betiz, li te sispèk se joure li t'ap joure l nan tout pale sa a. Se te dènye frè a ase ki te rete. Wa a fè sa l kapab pou li pran tèt li, li fè l sèman l'ap fè l vin rich pou li ka viv alèz, depi li dakò pou li vire do bay prensip lavi zansèt li yo te kite pou li yo. L'ap mete l nan gwoup zanmi wa yo, l'ap ba li yon gwo pozisyon nan gouvènman l lan.
25Men, ti gason an pa okipe l. Lè wa a wè sa, li rele manman an, li mande l pou li bay tigason an konsèy pou li ka sove lavi.
26Li sitèlman pale ak madanm lan, bout pou bout madanm lan vin dakò pou li pran tèt pitit gason l lan pou li fè sa wa a vle l fè a.
27Li panche bò pitit gason l lan, men li woule chèf mechan an byen woule. Li pale ak ti gason an nan lang manman l, li di l konsa:
— Pitit mwen, gen pitye pou manman ou ki pote ou nèf mwa nan vant li, ki ba ou tete pandan twazan, ki ba ou manje, ki elve ou jouk ou rive laj ou gen kounyeya.
28Tanpri, pitit mwen. Gade syèl la ak latè a. Wè tou sa ki ladan yo, rekonèt se Bondye ki fè yo ak anyen. Se konsa li fè moun tou.
29Ou pa bezwen pè ansasen sa a. Asepte lanmò, moutre ou p'ap fè frè ou yo wont, w'ap fè tankou yo, konsa gremesi Bondye ki gen bon kè a, mwen ka jwenn ou ankò ansanm ak yo.
30Manman an pa te kò fin pale lè tibway la di konsa:
— Sa n'ap tan, mesye? Mwen p'ap obeyi lòd wa a bay la. Se kòmandman Lalwa Moyiz te bay zansèt nou yo m'ap koute.
31Epi, ou menm, wa Antyokis, ki te jwenn nan tèt ou lide pou ou te fè moun ebre yo pase tout kalite malè sa yo, pa konprann ou ka chape anba men Bondye.
32Se pou peche nou fè yo kifè n'ap soufri konsa.
33Men, atout se pou korije nou, se pou mete nou nan lòd kifè Granmèt ki vivan an ap manyen ak nou konsa, se pou yon ti tan ase li ankòlè sou nou. Li gen pou l byen ankò ak moun k'ap sèvi l yo.
34Men, ou menm ki p'ap sèvi Bondye, ou menm ki pi kriminèl pase tout moun sou latè, pa mete okenn vye espwa nan tèt ou. Pa kite foli grandè fè ou pèdi tèt ou, antan w'ap leve men ou sou sèvitè Bondye yo.
35Ou pa kò chape anba jijman Bondye ki gen tout pouvwa a, Bondye ki wè tout bagay la.
36Frè m yo pou tèt pa yo, apre yo soufri yon ti tan avèk espwa y'ap jwenn lavi ki p'ap janm fini an, yo mouri san yo pa trayi Kontra Bondye a. Men ou menm, Bondye gen pou jije ou, l'ap fè ou peye sa ou merite pou ensolanste ou la.
37Mwen menm, se avèk tout kè mwen m'ap lage kò m nan men nou, m'ap bay lavi mwen pou lalwa zansèt mwen yo, tankou frè m yo te fè l la. M'ap lapriyè Bondye pou li pa mize gen pitye pou pèp li a, lèfini pou li voye malè ak chatiman sou ou jouk wa rive rekonèt se li menm ase ki Bondye.
38Mwen mande pou mwen menm ak frè m yo nou se dènye moun ki pou pase anba kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a ap fè sou pèp nou an, jan nou merite l la.
39Lè wa a tande pawòl sa yo ki t'ap pase l nan betiz, li fè yon sèl kòlè, li mande anraje. Se konsa li maltrete l pi rèd pase lòt frè yo.
40Men, jenngason an mouri san li pa mete tèt li nan kondisyon pou li pa ka sèvi Bondye, paske li te mete tout konfyans li nan Granmèt la.
41Lèfini, manman an mouri apre sèt pitit gason l yo.
42Avèk koze sa a nou fini ak istwa nou t'ap rakonte sou kèsyon manje trip bèt yo ofri bay zidòl yo ak tout gwo pèsekisyon ki te tonbe sou jwif yo poutèt sa.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.