2 Makabe 9 - 1998 Haitian Creole

Antyokis Epifanès tonbe malad(1 Makabe 6.1-17; 2 Makabe 1.11-17)

1Vè menm lè sa a, Antyokis t'ap tounen an debandad sòti peyi Pès.

2Lè li te antre lavil Pèsepolis, li te fè lide al piye bagay yo sèvi nan tanp lan, lèfini pou li pran lavil la pou li. Men moun yo pran lèzam, yo leve dèyè l. Se konsa, moun ki rete nan peyi a fè Antyokis kouri met deyò. Tou wont, li fè lame li a wete kò yo.

3Li te lavil Ekbatana lè li pran nouvèl sa ki te rive Nikanò ak moun Timote yo.

4Mesye vin move kou kong. Nan kòlè li li deside pou li fè jwif yo peye lawont li te sibi nan men moun ki te fè l kouri met deyò li. Se konsa li bay sòlda ki t'ap mennen cha lagè li a lòd pou yo pouse pou lavil Jerizalèm san rete sou wout la.

Men, pou di vre, se jijman Bondye a ki te dèyè l, paske nan lògèy li, li t'ap di:

— Rive m rive lavil Jerizalèm, m'ap fè l tounen simityè moun jwif yo!

5Men, Granmèt la ki wè tout bagay, Bondye pèp Izrayèl la, voye sou li yon maladi ki pa gen renmèd, yon maladi moun pa ka wè. Li potko fèmen bouch li lè yon gwo doulè pran l nan vant. Doulè sa a pa te gen renmèd. Tout anndan vant li t'ap kòde.

6Se yon chatiman li te merite paske li te sitèlman fè anpil moun soufri yon bann gwo doulè dwòl nan vant yo tou.

7Men, se pa sa ki desann fe lògèy li. Lekontrè, se lè sa a li t'ap fè awogans. Nan kòlè li, li t'ap fè jwif yo tout kalite mennas epi li bay lòd pou y'al pi vit. Li rete konsa li tonbe sòti sou cha li a ki t'ap kouri. Li pran yon sèl sò, tout zo nan kò l kraze.

8Se konsa, li menm ki te konprann li pi plis pase tout moun lan, li menm ki te mete nan tèt li li te gen pouvwa pou li pase lanm lanmè yo lòd sa pou yo fè, pou l mete gwo mòn wo yo nan balans pou pran pèz yo, li tonbe plat atè. Se nan branka yo te blije mete l pou yo pote l. Konsa li fè tout moun wè aklè tout gwo pouvwa Bondye a.

9Vè t'ap gouye sòti nan je nonm ki p'ap sèvi Bondye a. Li te vivan toujou, men li te nan gwo soufrans, vyann kò l t'ap tonbe mòso pa mòso. Li sitèlman t'ap bay yon move sant pouri, sòlda yo pa te ka sipòte.

10Konsa, nonm ki yon lè te konprann li ta kapab lonje men l ase pou l manyen zetwal nan syèl yo, kounyeya pa te gen pyès moun ki te ka pwoche bò kote l sitèlman yo te enkomode, yo pa te ka sipòte move sant li t'ap bay la.

Antyokis mande Bondye padon(1 Makabe 6.8-17)

11Antan Antyokis t'ap soufri nan tout kò l konsa, fe l konmanse desann. Ak fwèt Bondye ki te nan dèyè l la, ak kriz doulè ki t'ap fè l kòde tanzantan an, li konmanse konprann lavi.

12Rive yon lè, ata li menm li pa te ka sipòte sant kò li. Li di konsa:

— Se jistis pou moun soumèt devan Bondye. Moun la pou yo mouri, yo pa ka met nan tèt yo pou yo menm jan ak Bondye.

13Lè sa a malveyan an pran lapriyè nan pye yon Granmèt ki pa te sòti pou fè pa l ankò menm.

14Li pwomèt l'ap bay lavil Bondye a libète granmoun li, lavil li te sòti pou kraze ratè a, lavil kote li t'ap prese rive pou fè l tounen yon simityè a.

15Si yon lè li te pran tout jwif yo pou moun ki pa merite pou yo antere kadav yo, pou moun ki bon pou sèvi manje pou zwazo ki manje vyann, pou moun ki bon pou yo jete bay bèt nan bwa ansanm ak pitit yo, kounye a li pwomèt pou li ba yo menm privilèj ak moun lavil Atèn yo.

16Li pwomèt pou li bay pi bèl kado mete nan tanp yon lè li te piye nèt la, li pwomèt l'ap renmèt plis veso pase sa li te pran nan tanp lan. Li pwomèt ankò pou li pran lajan nan pwòp kès pa li pou peye tout depans pou fè ofrann bèt yo.

17Pou fini, l'ap fè l jwif, epi li pral mache tout kote moun rete pou fè konnen jan Bondye gen pouvwa.

Lèt Antyokis ekri voye bay jwif yo

18Soufrans maladi a pa te bay Antyokis kanpo paske li te merite chatiman Bondye ki t'ap peze sou li a. Antyokis te fin dekouraje nèt ak maladi a. Li ekri yon lèt voye bay jwif yo tankou pou mande yo padon. Men ki jan lèt la te pati:

19— Antyokis, wa ak kòmandan lame a, voye gwo bonjou pou jwif yo, k'ap boule tankou bon sitwayen nan peyi a. Mwen mande pou nou jwi lasante, pou nou viv alèz nèt ale.

20Mwen vle kwè nou byen ansanm ak tout pitit nou yo, epi zafè nou mache jan nou vle l la. Pou mwen menm, espwa mwen se nan Bondye sa ye,

21lèfini m'ap toujou kenbe nan kè mwen jan nou respekte m ak jan nou toujou aji byen avè m.

Antan mwen sou wout ap tounen sòti peyi Pès, yon gwo maladi tonbe sou mwen. Se konsa mwen fè lide li ta bon pou mwen pa kite ankenn tèt chaje dèyè m pou pèsonn.

22Sa pa vle di mwen pèdi espwa gerizon. Pou di vre, mwen gen gwo espwa m'ap refè.

23Men, mwen chonje chak fwa papa m pral fè yon espedisyon ak lame li sou bò solèy leve larivyè Lefrat, li te toujou chwazi moun ki pou pran plas li.

24Li te fè sa pou si yon bagay ta rive l, osinon si yo ta fè kouri yon move bri, sa pa ta boulvèse moun ki nan peyi a, paske yo t'ap deja konnen nan men kimoun li kite gouvènman an.

25Epitou, mwen vin chonje chèf peyi ki bò kote nou yo, vwazen nou yo, ap tann konsa yon okazyon prezante pou yo. Se poutèt sa, mwen chwazi Antyokis, pitit gason m lan, pou moute wa nan plas mwen. Nan divès okazyon deja, lè m'ap fè vizit enspeksyon nan pwovens ki lòt bò larivyè Lefrat la, mwen te kite l nan men nou, mwen te rekòmande l ban nou. N'a jwenn pi ba kopi lèt mwen ekri voye ba li.

26Kounyeya, m'ap mande nou, tanpri souple, pa bliye tout ti sèvis mwen te rann peyi nou an ak nou chak apa pou tèt pa nou. Se pou nou aji byen avèk pitit gason mwen an tankou nou te toujou aji byen avè m.

27Paske mwen sèten l'ap mache pye pou pye dèyè m. Nan bon kè li, li p'ap fè nou egzijans, l'ap boule byen ak nou, l'ap antann li byen ak nou tou.

28Se konsa, ansasen an, nonm ki pale mal sou Bondye a, te anba gwo soufrans tankou soufrans li te fè lòt moun pase. Li fini byen mal nan mòn yon peyi etranje.

29Se Filip, yonn nan bon zanmi l yo, ki pote kadav la lakay li. Men, Filip te pè pitit gason Antyokis la. Se konsa li chape poul li, l'al jwenn wa Toleme Filometò nan peyi Lejip.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help