1Senyè a pale ak Jeremi sou zafè chechrès la, li di l:
2— Peyi Pèp la ap plede ak Bondye
19Senyè, Jer 8.15; 15.18; Lam 5.22 genlè ou voye pèp Jida a jete nèt! Eske ou rayi moun mòn Siyon yo?
Poukisa ou frape nou konsa jouk nou pa ka geri a?
Nou t'ap tann ou vin delivre nou, anyen pa rive.
Nou t'ap tann gerizon, epoutan se boulvès nou jwenn.
20Senyè, Sòm 106.6; Da 9.5,8 nou rekonèt nou antò.
Nou rekonèt zansèt nou yo te fè sa ki mal.
Wi, nou tout nou antò devan ou.
21Chonje Sòm 106.45 ki moun ou ye, pa meprize nou!
Jerizalèm, se la fòtèy pouvwa ou la chita. Pa avili l.
Pa bliye pwomès ou yo. Pa kase kontra ou te fè ak nou an.
22Zidòl Jòb 12.9; 38.28; Eza 66.2; Jer 10.15; Zak 10.1,2 moun lòt nasyon yo pa vo anyen.
Pa gen yonn ladan yo ki ka voye lapli.
Syèl la pou kont pa l pa ka bay lapli.
Se ou menm ki Senyè a, Bondye nou an!
Se ou menm ki tout espwa nou,
paske se ou menm ki fè tout bagay sa yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.