Estè (Grèk) 6 - 1998 Haitian Creole

Wa a fè Aman pote Madoche anlè

1Menm jou lannuit sa a, Granmèt la fè wa a pa te ka dòmi. Wa a rele sekretè li a, li mande l pou li pote achiv gouvènman an kote yo te ekri tou sa ki te pase nan peyi a nan tan lontan, jou apre jou. Li fè yo li ladan l pou li.

2Yo jwenn pòsyon kote yo te rakonte kijan Madoche te fè wa a konnen konplo de nèg konfyans ki t'ap fè pòs devan chanm wa a, t'ap moute pou yo te ansasinen wa Atagzèsès.

3Lè sa a, wa a mande:

— Ki bèl bagay yo te fè pou Madoche? Kisa yo te ba li pou sa?

Mesye ki te la ap sèvi wa a reponn:

— Ou pa te fè anyen pou li non!

4Pandan wa a t'ap mande tout enfòmasyon sa yo sou sèvis Madoche te rann li yo, Aman te fenk antre nan lakou palè a. Wa a mande:

— Kilès ki nan lakou a?

Aman te vin mande wa a pou l te fè pann Madoche nan poto li te pare a.

5Mesye ki t'ap sèvi wa a reponn:

— Se Aman wi ki nan lakou a!

Wa a di yo konsa:

— Rele l pou mwen.

6Lè Aman rive, wa a di l konsa:

— Kisa mwen ta fè pou yon moun mwen ta renmen renmèsye?

Aman di nan kè l: Pa gen lòt moun wa a ta renmen renmèsye pase mwen menm.

7Epi li di wa a:

— Yon moun ou ta renmen renmèsye, monwa?

8Enben, se pou moun k'ap sèvi ou yo pran yonn nan bèl rad fèt ak twal fen blan ou konn mete sou ou yo pote ba ou. Y'a mennen yonn nan chwal ou konn moute yo.

9Wa a va renmèt yo bay yonn nan pi gwo chèf ki zanmi wa a pou yal abiye moun wa a vle renmèsye a. Lèfini, la fè l moute sou chwal la. Epi la pwonmennen l nan tout lavil la ap di: Men kijan wa a renmèsye moun li vle renmèsye.

10Lè sa a, wa a di Aman konsa:

— Ou byen pale. Al fè tou sa ou sot di la a pou Madoche, nonm jwif k'ap sèvi nan lakou palè a. Pa bliye anyen nan sa ou te di fè a.

11Aman sòti vre, li pran rad la ak chwal la. Li abiye Madoche byen abiye, li fè l moute sou chwal la. Epi li pwonmennen l nan tout lavil la, li t'ap di byen fò pou tout moun tande:

— Men kijan wa a renmèsye moun li vle renmèsye.

12Apre sa, Madoche tounen nan lakou a. Aman menm tounen tounen l lakay li kagou, tèt bese sitèlman li te wont.

13Aman rakonte Zòsara, madanm li, ak tout zanmi l yo sa ki te rive l. Lè li fini, Zòsara ak zanmi l yo di l konsa:

— Si nonm yo rele Madoche a se yon jwif vre, se konmanse ou konmanse ap pèdi pye devan l. Ou mèt sèten se li k'ap kraze ou. Ou p'ap ka fè anyen pou rete l sou kous li paske li gen yon bondye vivan avè l.

14Zanmi l yo t'ap pale toujou lè nèg konfyans wa yo rive, yo te vin chache Aman pou l'ale lamenm nan fèt Estè te pare a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help