Sòm 75 - 1998 Haitian Creole

SÒM 75 (74)Se Bondye ki jij(1) Pou Sòm 145.18 chèf sanba yo. Se pou yo chante l sou menm lè ak chante ki di: Pa detwi. Sòm Asaf sa a se yon chante li ye.

1(2) N'ap Sòm 102.13; Da 8.19; Aba 2.3 fè lwanj ou, Bondye! N'ap fè lwanj ou!

Se tout tan n'ap nonmen non ou!

N'ap fè konnen bèl mèvèy ou fè yo!

2(3) Bondye 1 Sam 2.8; Eza 24.9 di: — Mwen fikse yon dat pou jijman an.

Lè sa a, m'a jije jan sa dwe fèt.

3(4) Nou Sòm 94.4; Zak 1.21 te mèt wè latè a ansanm ak tout sa k'ap viv sou li yo pran tranble,

m'ap kenbe fondasyon li yo byen fèm.

4(5) M'ap di moun k'ap fè grandizè yo: Sispann gonfle lestonmak nou!

M'ap di mechan yo: Sispann fè awogans!

5(6) Pa Sòm 3.3 gonfle lestonmak nou konsa!

Pa fè awogans konsa sou Bondye ki anwo nan syèl la!

6(7) Jijman 1 Sam 2.7; Sòm 50.6; Da 2.21; Lik 1.52 an pa sòti bò kote solèy leve a, ni bò kote solèy kouche a.

Li pa sòti nan nò ni nan sid.

7(8) Non. Jòb 21.20; Sòm 73.10; Jer 25.15; Rev 14.10 Se Bondye k'ap jije:

L'ap bese yonn, l'ap leve yon lòt.

8(9) Senyè a kenbe yon gode nan men l.

Gode a plen divès kalite tranpe ki fèt ak diven.

L'ap vide diven bay tout mechan ki sou latè,

y'ap bwè, y'ap bwè san yo pa kite yon ti tak.

9(10) Mwen 1 Sam 2.1; Sòm 89.17; Jer 48.25 menm, mwen p'ap janm sispann nonmen non Bondye Jakòb la.

Mwen p'ap janm sispann chante pou fè lwanj li.

10(11) L'a kraze fòs kouray mechan yo.

Men, l'ap bay moun ki mache dwat yo plis kouray ankò!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help