1Pa twò lontan apre Jida te fin bat Timote a, Liziyas, fanmi wa a, nonm ki te reskonsab fè levasyon wa a epi ki te chèf gouvènman an, vin konnen sa ki te rive. Sa te fè l move anpil.
2Li rasanble katrevenmil (80.000) sòlda apye konsa, epi ak tout kavalye li yo, li mache sou jwif yo. Li te fè lide fè lavil Jerizalèm la tounen yon lavil kote moun peyi Lagrès yo rete.
3Li t'ap fè tanp lan peye taks tankou tout lòt kay bondye lòt nasyon yo, epi chak lanne li t'ap mete gwo pozisyon granprèt la alavant.
4Men, se te byen konte mal kalkile, li te bliye pouvwa Bondye a, sitèlman li te gen konfyans nan milyonven sòlda apye l yo, nan gwo kantite kavalye l yo ak nan katreven elefan l yo.
5Li anvayi peyi Jide, li pwoche bò lavil Bèt-Sou a ki te gen bon miray ranpa epi ki te yon distans trannde kilomèt konsa ak lavil Jerizalèm, epi li sènen l pou l atake l.
6Lè Jida Makabe ak moun pa l yo pran nouvèl Liziyas te sènen fò yo, yo mete tèt yo ansanm ak tout pèp la, yo t'ap plenn, yo t'ap kriye, yo t'ap lapriyè Granmèt la pou l te voye yonn nan bon zanj li yo vin delivre pèp Izrayèl la.
7Premye moun ki te pase men l pran zam li se te Jida Makabe. Li t'ap ankouraje lòt yo pou yo mete tèt ansanm ak li pou y'al riske lavi yo pou pote frè yo sekou. Se konsa yo tout ansanm, yo leve byen deside, yo kouri pati.
8Men, yo patko twò lwen lavil Jerizalèm lè yo rete konsa yo wè yon kavalye ak rad blan sou li ki t'ap mache devan yo. Zam nan men li yo te fèt an lò.
9Se konsa yo tout ansanm yo pran fè lwanj Bondye yo a pou jan li gen pitye pou yo. Lè sa a, yo santi yon sèl fòs kouray pran yo, se pa moun ase yo te pare pou atake. Yo ta atake bèt nan bwa ki pi michan yo, ata miray fèt an fè.
10Yo mache an ran nan pozisyon pou batay dèyè moun Bondye te voye pou ede yo a paske li te gen pitye pou yo.
11Yo vare tankou lyon sou lènmi yo, yo touye onzmil (11.000) sòlda apye ansanm ak milsisan (1.600) kavalye, epi yo fòse rès yo kouri met deyò.
12Pifò nan sa ki te chape kò yo a te blese, epi yo te pèdi tout zam yo. Liziyas menm kouri met deyò tankou yon kapon tou wont. Se konsa li rive sove lavi li.
Liziyas antre nan konsanti ak jwif yo(1 Makabe 6.56-61)13Liziyas sa a pa te yon nèg sòt menm. Li tanmen kalkile sou jan li sot pèdi batay la lèd devan ebre yo. Li vin rekonèt pèsonn p'ap ka rive bat yo nan lagè paske Bondye ki gen tout pouvwa a t'ap goumen pou yo. Li voye mesay ba yo,
14li voye ofri yo kondisyon pou yon bon regleman ki ta nan avantaj tout moun, epi li pwomèt l'ap fè sa li kapab pou li fòse wa a aji an zanmi ak jwif yo.
15Jida Makabe dakò ak tout kondisyon regleman Liziyas te voye ofri l la paske li t'ap chache sa ki t'ap pi bon pou pèp la. Wa a te dakò pou li bay jwif yo tou sa Jida Makabe te ekri voye mande Liziyas.
Lèt Liziyas ekri voye bay jwif yo16Men kopi lèt Liziyas te ekri voye bay jwif yo:
— Mwen menm Liziyas, mwen voye gwo bonjou pou tout pèp jwif la.
17Delege nou yo, Jan ak Absalon, te renmèt mwen dokiman nou te voye ban mwen an, epi yo te mande m pou m te dakò ak tou sa ki ladan l. N'a jwenn kopi dokiman an pi ba.
18Mwen te fè wa a konnen tou sa pou li konnen, epi li dakò. Tou sa mwen menm mwen gen otorite pou m regle, mwen dakò pou m fè yo pou nou.
19Si nou toujou byen dispoze pou soutni gouvènman an, mwen menm pou tèt pa m depi jòdi a, m'ap toujou chache fè sa m kapab pou byen pèp jwif la.
20Mwen mande delege pa m yo ansanm ak delege pa nou yo pou yo reyini ansanm ak nou pou diskite tout ti detay regleman sa a.
21Mwen swate tout moun lakay nou byen. Dat jòdi a se vennkat nan mwa Dyòskorent nan lanne sankaranntwit (148).
Lèt wa a voye bay Liziyas22Men kopi lèt wa a:
— Se mwen menm wa Antyokis ki voye bonjou pou Liziyas, frè mwen.
23Kounyeya, ak papa m ki pati al jwenn bondye yo, mwen ta renmen wè tout moun nan peyi ki anba baton kòmandman mwen yo regle zafè yo san moun pa chache yo kont.
24Mwen pran nouvèl jwif yo pa vle adopte mòd lavi moun Lagrès yo jan papa m te fè lide a. Yo pito mòd lavi pa yo a, epi yo mande m pou m ba yo pèmisyon pou yo viv dapre lalwa pa yo.
25Se konsa mwen deside pou jwif yo viv, tankou tout lòt nasyon yo, san pèsonn pa chache yo kont. Mwen bay lòd pou yo renmèt yo tanp yo a, lèfini pou yo kite yo viv dapre koutim zansèt yo te kite pou yo.
26Tanpri, voye fè yo konnen sa pou mwen. Ba yo lasirans m'ap aji an zanmi ak yo. Konsa, lè y'a konnen sa m vle fè a, y'a gen konfyans, y'a chita regle zafè yo ak kè kontan.
27Men sa ki te nan lèt wa a te ekri voye bay jwif yo:
— Se mwen menm wa Antyokis, ki voye gwo bonjou pou Gran Konsèy jwif yo ansanm ak tout pèp jwif la.
28Mwen swate tout bagay ap mache byen pou nou. Pou mwen menm, m pa malad.
29Menelas fè m konnen jan nou ta renmen tounen lakay nou pou n okipe zafè nou.
30Enben, tout jwif ki va tounen lakay yo pou pita jou ki va trant nan mwa Egzantik la, mwen ba yo lasirans yo pa gen anyen pou yo pè.
31Nou mèt swiv prensip pa nou nan manje nou ka manje ak lòt lalwa pa nou jan nou te konn fè sa anvan. Lèfini, se pa pou yo pini yon jwif pou okenn bagay mal yo te fè san yo pa konnen.
32M'ap voye Menelas tou pou nou ka poze kò nou.
33Mwen swate pou tout bagay mache byen pou nou. M'ale. Jòdi a kenz nan mwa Egzantik nan lanne sankarantwit.
Lèt chèf lavil Wòm yo voye bay jwif yo34Moun lavil Wòm yo te ekri yon lèt voye bay jwif yo tou. Li te pati konsa:
— Kentis, Memiyis ak Titis Maniyis Sèjiyis, delege moun lavil Wòm yo, voye gwo bonjou pou jwif yo.
35Nou dakò nèt ak tou sa Liziyas, fanmi wa a, te ban nou yo.
36Men, pou kèsyon mesye voye bay wa a pou se wa a menm ki pou bay pawòl li, nou mande nou pou nou egzaminen yo byen egzaminen, lèfini pou nou voye yon moun vin jwenn nou ak tout ti esplikasyon pou nou ka defann kòz jwif yo byen lè n'a pale ak wa a, paske nou pral pati la a pou lavil Antyòch. Pa pèdi tan, fè sa prese prese.
37Pa mize voye mesaje yo pou nou ka konnen sa nou menm jwif yo nou gen nan tèt nou.
38Nou mande pou tout bagay mache byen pou nou. Jòdi a se dat kenz nan mwa Egzantik nan lanne sankarantwit.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.