1Bondye pale avè m, li di m
Li sakaje lavil yo.
Chak fwa li gwonde,
moun k'ap viv nan peyi a gen kè sote.
8Moun 2 Wa 24.1,2; Eze 12.13 lòt nasyon yo leve dèyè l.
Moun sòti toupatou nan pwovens bò kote l yo,
yo vin voye yon privye sou li.
Yo pran l nan pèlen twou yo te pare pou li a.
9Yo 2 Kwo 36.6 mete yon gwo bouk fè nan nen li. Yo fèmen li nan pak.
Yo mennen li bay wa Babilòn.
Yo mete sòlda veye li
pou moun pa janm tande vwa li ankò
nan mòn peyi Izrayèl yo.
10Manman Sòm 80.9; Eze 15.6 ou te tankou yon pye rezen
plante bò kannal dlo.
Pye rezen an te chaje ak fèy, li t'ap donnen anpil
paske li te jwenn kont dlo li.
11Li pouse gwo branch.
Branch yo tounen baton kòmandman wa.
Pye rezen an grandi, li rive depase tèt tout lòt bwa yo.
Tout moun t'ap gade jan li te wo, jan li te gen anpil branch.
12Men, Eze 17.10; Oze 13.15 yo move sou li, yo derasinen l, yo jete l atè.
Van lès koule tout donn li yo,
li kase tout gwo branch li yo.
Branch yo cheche, yo boule nan dife.
13Kounyeya, se 2 Wa 24.12-16; Oze 2.3 nan yon dezè li kanpe,
nan yon tè sèk san dlo.
14Dife pran nan pye rezen an.
Li boule ni branch li yo ni donn li yo.
Li pa gen gwo branch ankò
ki pou ta sèvi baton kòmandman pou wa.
Sa a se yon chante pou yo chante anpil fwa
pou plenn sò chèf peyi Izrayèl yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.