Ezekyèl 4 - 1998 Haitian Creole

Men sa ki pral rive lavil Jerizalèm

1Bondye di mwen ankò:

— Ras Adan! Pran yon brik. Mete li devan ou. Trase plan lavil Jerizalèm sou li.

2Apre lè m'a gaye yo nan mitan lòt nasyon yo.

14Lè Egz 22.31; Lev 7.18,24; Eza 65.4; Tra 10.14 sa a, mwen di:

— O non! Senyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, mwen pa janm manje manje ou defann moun manje. Depi m piti, mwen pa janm manje vyann bèt ki mouri toufe, ni vyann bèt lòt bèt touye. Non, mwen pa janm mete nan bouch mwen vyann ou defann moun manje!

15Lè sa a, Bondye di m konsa:

— Dakò. M'ap kite ou pran kakabèf pito pase pou pran okabinen moun. Ou mèt fè dife avè li pou kwit pen ou lan.

16Senyè a Lev 26.26; Sòm 105.16; Eze 5.16; 12.19 di mwen ankò:

— Ras Adan! Mwen pral koupe viv moun lavil Jerizalèm yo. Moun yo pral gen kè sere. Yo pral gen kè sote lè yo pral kontwole kantite pen pou yo manje ak kantite dlo pou yo bwè.

17Yo Lev 26.39; Eze 24.23 p'ap jwenn kantite pen ak dlo yo bezwen: yo tout y'ap depafini ansanm, y'ap deperi poutèt peche yo fè yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help