Revelasyon 16 - 1998 Haitian Creole

Gode kòlè Bondye a

1Apre sa, mwen tande yon vwa ki t'ap sòti Eza 66.6; Sòm 69.24; Jer 10.25; Sof 3.8 nan tanp lan. Li t'ap pale ak sèt zanj yo, li t'ap di yo byen fò:

— Ale vide sèt gode kòlè Bondye a sou latè.

2Premye Det 28.35; Egz 9.10,11 zanj lan pati, li vide gode pa l la sou latè. Menm lè a, moun ki te gen mak bèt la sou yo, moun ki t'ap adore estati l la, yo tout te kouvri ak move maleng ki t'ap fè yo soufri anpil.

3Dezyèm Egz 7.17-21 zanj lan vide gode pa l la sou lanmè. Dlo a tounen tankou san moun mouri. Tout bèt vivan ki te nan lanmè a mouri.

4Twazyèm Egz 7.19-24; Sòm 78.44 zanj lan vide gode pa l la nan tout gwo larivyè ak nan sous dlo yo, li fè yo tounen san.

5Mwen Sòm 119.137; 145.17; Egz 3.14; Det 32.4; Eza 41.4 tande zanj ki te gen otorite sou dlo yo di:

— Ou gen rezon fè jijman sa a konsa, ou menm ki sen an, ou menm ki la, ki te toujou la.

6Paske Eza 49.26; Sòm 79.3 moun sa yo te fè san pèp Bondye a ak san pwofèt yo koule. Kounyeya ou ba yo san pou yo bwè. Yo jwenn sa yo merite a.

7Apre Sòm 19.9; 119.137; Rev 9.13; 19.2 sa, mwen tande yon vwa ki sòti nan lotèl la ki t'ap di:

— Wi, Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a, ou jije dapre laverite san patipri.

8Katriyèm zanj lan vide gode pa l la sou solèy la. Sa te bay solèy la pouvwa pou l te boule moun ak dife l la.

9Yon Rev 16.11,21; 9.20,21 gwo chalè t'ap boule moun. Moun menm pran joure Bondye ki te gen pouvwa sou tout kalamite sa yo. Men, atousa, yo te refize sispann fè peche pou yo te fè lwanj Bondye.

10Senkyèm Egz 10.21; Eza 8.21,22 zanj lan vide gode pa l la sou fòtèy bèt ki te wa a. Tout peyi bèt la tonbe nan fènwa. Moun t'ap mòde lang yo tèlman yo t'ap soufri.

11Yo t'ap joure Bondye nan syèl la poutèt doulè ak maleng yo t'ap soufri yo. Men, yo pat sispann fè mal yo t'ap fè a.

12Sizyèm Jen 15.18; Det 1.7; Joz 1.4; Jer 50.38; Eza 11.15; 41.2; 44.27 zanj lan vide gode pa l la nan gwo larivyè Lefrat la. Rivyè a cheche pou l te ka kite wa ki sòti bò kote solèy leve yo pase.

13Apre Rev 12.9; 13.1,11; Egz 8.3; 1 Wa 22.21-23 sa, mwen wè twa move lespri ki t'ap sòti yonn nan bouch dragon an, yonn nan bouch bèt la, yonn nan bouch fo pwofèt la. Yo te tankou krapo.

14Se Rev 13.13; 19.19 te twa move lespri ki t'ap fè gwo mirak. Yo pral sanble dènye wa ki sou latè pou batay ki pral fèt nan gwo jou Bondye ki gen tout pouvwa a.

15Koute, Rev 3.18; 1 Tes 5.2 m'ap vini tankou yon vòlè. Benediksyon pou moun ki pa kite dòmi pran yo, ki kenbe tout rad yo sou yo pou yo pa mache toutouni, pou yo pa wont moun wè yo konsa!

16Lespri Jij 5.19,31; Zak 12.11; 2 Wa 9.27; 23.29 yo sanble tout wa yo yon kote yo rele nan lang ebre a: Amagedon.

17Setyèm Eza 66.6 zanj lan vide gode pa l la nan lè a. Yon gwo vwa pran pale nan tanp lan. Li t'ap sòti bò fòtèy la, li t'ap di:

— Bon! Tout bagay fini kounyeya!

18Lè Egz 19.16; Da 12.1; Rev 4.5; 8.5; 11.19 sa a zèklè pran fè yan, loray t'ap gwonde nan syèl la, ansanm ak yon bann lòt bri ankò. Tè a menm pran tranble byen fò. Se pat yon ti tranblemanntè. Depi gen moun sou latè, yo pat janm wè tè a tranble konsa.

19Gwo Da 4.30; Eza 51.17; Jer 25.15; Rev 14.10 lavil la fè twa moso. Lavil nan tout lòt peyi yo tonbe kraze. Bondye te chonje gwo lavil Babilòn lan, li fè l bwè diven ki nan gode l la, diven gwo kòlè l la.

20Tout Rev 6.14; 20.11 zile yo disparèt, pat gen mòn sou latè ankò.

21De Egz 9.23 gwo grenn lagrèl ki pese san (100) liv konsa sòti nan syèl la tonbe sou moun. Moun menm t'ap joure Bondye poutèt kalamite lagrèl la, paske se te yon kalamite ki te terib anpil.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help