1Jerizalèm, ou menm ki pat kapab fè pitit, 1 Sam 2.5; Eza 62.4; Gal 4.27 rele, fè fèt!
Ou menm ki pat janm konnen doulè tranche, chante, danse, fè kè ou kontan!
Paske fanm gason pat okipe a ap gen plis pitit
pase fanm mari l pat janm kite l la.
Se Senyè a menm ki di sa.
2Laji Eza 49.19,20 kote w'ap moute tant ou pou ou viv la!
Louvri twal tant ou yo. Ou pa bezwen jennen.
Lonje kòd ou yo, ranfòse pikèt ou yo!
3Ou Jen 28.14 pral louvri lakou ou sou bò dwat ak sou bò gòch pou fè plas.
Moun ou yo pral tounen nan peyi moun lòt nasyon yo te pran nan men yo.
Yo pral plen tout lavil ki te rete san moun yo.
4Ou Eza 45.17 pa bezwen pè! Yo p'ap derespekte ou ankò!
Ou pa bezwen bese tèt ou, yo p'ap fè ou wont ankò!
Ou pral bliye bagay lèd ou te fè lè ou te jenn marye a.
Ou p'ap chonje lè ou te rete pou kont ou tankou yon fanm ki pèdi mari l.
5Bondye Eza 62.4,5; Zak 14.9 ki te kreye ou la pral tankou yon mari pou ou.
Senyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l.
Se Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki apa a, ki pral delivre ou.
Se Bondye tout latè a yo rele l.
6Ou Eza 49.14 tankou yon madanm mari l kite l, epi ki nan gwo lapenn.
Ou tankou yon madanm mari l te renmen depi lè l te jenn gason, men li vire do kite l.
Senyè a rele ou tounen vin jwenn li.
7Men sa Bondye ou la di ou:
— Mwen te kite ou pou yon ti tan.
Men, m'ap tounen avè ou ankò paske mwen renmen ou anpil.
8Mwen te tèlman gen repiyans, mwen te vire do ba ou.
Men kè mwen fè mwen mal pou ou. M'ap moutre ou jan m'toujou renmen ou.
Se Senyè k'ap delivre ou la ki di sa.
9Menm Jen 9.11 jan nan tan Noye, mwen te pwomèt mwen p'ap janm kite
gwo inondasyon rive ankò sou latè.
Konsa tou, mwen pwomèt kounyeya m p'ap janm fache sou nou ankò.
Mwen p'ap rele dèyè nou, mwen p'ap pini nou ankò.
10Ou Nonb 25.12; Eze 34.25 te mèt wè mòn yo ap souke, ti mòn yo ap tranble,
mwen p'ap janm sispann renmen ou.
M'ap toujou kenbe kontra mwen te pase pou m te toujou byen avè ou la.
Se Senyè ki renmen ou lan ki di ou sa.
Jerizalèm tounen yon vil tou nèf11Senyè a Eza 51.21; Rev 21.19 di ankò:
— Ou menm lavil Jerizalèm ki nan gwo lapenn, ki san sekou,
ki san pèsonn pou konsole ou,
mwen pral poze bèl wòch pyè ak yon mòtye koulè pou fondasyon ou.
Mwen pral rebati ou sou pyè safi.
12M'ap bati fò ou yo ak pyè ribi, pòtay ou yo ak pyè malachit,
miray ranpa ou yo ak bèl wòch pyè ki koute chè.
13Se Sòm 119.165; Eza 9.7; Jer 31.33,34; Jan 6.45 Senyè a menm ki pral moutre pitit ou yo tout bagay.
Yo pral viv alèz ak kè poze.
14Ou pral kanpe fèm paske tout moun ap mache dwat lakay ou.
Pa fè mechanste. Ou pa bezwen pè pèsonn.
Ou pa bezwen gen kè sote. Anyen p'ap rive ou.
15Si yo atake ou, sa p'ap sòti nan mwen.
Nenpòt moun ki va fè ou lagè pral tonbe devan ou.
16Se mwen menm ki kreye bòs fòjon k'ap chofe dife chabon pou fè tout kalite zam.
Se mwen menm tou ki fè lwijanboje yo pou kraze brize.
17Men, tout zam y'a fè pou sèvi kont ou yo p'ap fè ou anyen.
W'a gen repons nan bouch ou pou tout moun ki va akize ou nan tribinal.
Se sa m'ap fè pou tout sèvitè m yo.
Se mwen k'ap defann kòz yo.
Se Senyè a menm ki di sa!
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.