1(1b) Si Senyè a pa te kanpe pou nou, kijan sa ta ye!
Se pou pèp Izrayèl la rekonèt sa.
2Wi, si Senyè a pa te kanpe pou nou,
lè moun yo te leve dèyè nou an,
3yo Sòm 35.25; 56.1; Jer 51.34 ta vale nou tou vivan,
lè yo te move sou nou an.
4Dlo Sòm 32.6; 69.1,2 ta kouvri nou,
lavalas ta pase sou nou.
5Wi, lavalas ta pote nou ale.
6Ann fè lwanj Senyè a ki pa kite
lènmi nou yo devore nou.
7Nou Sòm 91.3 chape tankou yon ti zwazo ki chape sòti nan pèlen chasè.
Fil pèlen an kase.
Nou chape, n'ale.
8Se Sòm 121.2; Eza 50.10; Eb 13.6 Senyè a k'ap pote nou sekou,
se li menm ki fè syèl la ak latè a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.