Estè (Grèk) De - 1998 Haitian Creole

Estè al bò kote wa a 1 Apre twa jou, men sa ki rive.Lè larenn Estè fin lapriyè kont li, li wete rad li te mete sou li pou l lapriyè a, li mete bèl rad larenn li yo ankò. 2 Apre sa, nan tout bèlte li, li lapriyè Bondye ki wè tout bagay epi ki bay delivrans lan. Lèfini, li pran de nan jennfi k'ap sèvi l yo pou ale avè l. 3 Li apiye sou yonn tankou yon moun ki nan lapenn, 4 lòt la menm t'ap mache dèyè l, li t'ap kenbe trenn rad li a. 5 Figi l te tou wòz, li te parèt bèl anpil, li pa te janm bèl konsa. Li t'ap bay yon ti ri tankou yon moun ki pral wè mennaj li, men kè l te sere sitèlman li te pè. 6 Lè li fin pase tout pòt yo, li rive devan wa a. Wa a menm te chita sou gwo fòtèy li a, ak tout bèl rad li konn mete sou li lè l'ap parèt devan moun, bijou lò ak lòt kalite bèl pyè sou tout kò l. Se te mèvèy pou wè sa. 7 Li leve tèt li ki parèt tankou yon bèl boul dife. Li te move anpil, li mare min li, li voye je l gade Estè. Lè sa a, Estè chanje koulè, janm li yo febli, li santi li prale, li apiye tèt li sou zepòl jennfi ki t'ap mache devan l lan. 8 Men, Bondye fè wa a vini dou kou mouton. Kè wa a kase, li leve sou gwo fòtèy li a, li kouri al pran Estè nan bra li jouk li reprann tout konesans li. Wa a menm t'ap remoute kouray li, li t'ap pale dous avè l. Li di l konsa: 9 —Sa ki genyen, Estè? Ou pa bezwen pè, se mari ou mwen ye, yon frè. 10 Ou pa pral mouri. Lòd nou bay la se sèlman pou lòt moun konsa konsa yo. 11 Vini non! 12 Wa a leve baton an lò ki te nan men l lan, li poze l sou kou Estè, lèfini, li bo l, epi li di l konsa:— Pale non! 13 Estè reponn li konsa:— Lè mwen wè ou, mèt mwen, ou te parèt tankou yon zany Bondye, ou te sitèlman parèt bèl ak gwo pouvwa ou la nan je mwen, kè m kase, mwen te pè. 14 Ala bèl ou bèl, mèt mwen! Pou figi ou menm, se pa pale! 15 Men, antan Estè t'ap pale konsa, feblès la pran l ankò, li tonbe. Sa te boulvèse lespri wa a anpil. Tout moun ki t'ap sèvi wa a tap seye fè Estè pran konesans ankò.
Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help