1Men mesay Bondye te bay Ezayi, pitit Amòz la, sou lavil Babilòn:
2— Mete yo vin atake yo. Se yon bann moun lajan pa di yo anyen, lò pa tante yo.
18Avèk banza yo, yo pral touye jenn gason. Y'ap san pitye pou timoun fenk fèt. Kè yo p'ap fè yo mal pou timoun piti.
19Lavil Eza 47.5; Jer 50.40 Babilòn, se yon bijou. Se li ki pi bèl pase tout peyi. Moun peyi Kalde yo plen lògèy, y'ap fè grandizè poutèt li. Men, mwen menm Senyè a, m'ap kraze l tankou mwen te kraze lavil Sodòm ak lavil Gomò.
20Moun Jer 51.43 p'ap janm al rete la ankò. L'ap rete san moun pou tout tan. Moun peyi Arabi k'ap mache nan dezè yo p'ap janm moute tant yo bò la, ni okenn gadò mouton p'ap janm mennen mouton yo vin manje bò la.
21Se Eza 34.13,14 la tout bèt nan bwa pral rete. Koukou pral fè nich nan tout kay yo. Se la grangozye pral fè kay. Se la kabrit mawon pral danse kalinda.
22Chen mawon pral wouke nan gwo kay yo. Chat mawon pral pran plezi yo nan bèl palè yo. Lè a prèt pou sonnen pou lavil Babilòn, jou l prèt pou bout.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.