Women 9 - 1998 Haitian Creole

Bondye te chwazi pèp Izrayèl la

1Se vre wi, sa m'ap di nou la a. Mwen se moun Kris la, mwen p'ap bay manti. Epi, konsyans mwen ki anba pouvwa Sentespri a ta repwoche m anpil si m t'ap bay manti.

2Kè m sere anpil, se pa yon ti lapenn mwen santi k'ap manje m tout tan.

3Mwen Amèn.

6Lè m Wòm 2.28; Nonb 23.19 di sa, sa pa vle di Bondye p'ap kenbe pwomès li ankò. Se pa tout pitit pitit Izrayèl yo ki fè pati pèp Bondye a.

7Se Jen 21.12 pa tout pitit pitit Abraram yo ki bon pitit pou li, paske Bondye te di Abraram, dapre sa ki ekri nan Liv la:

Se Izarak ki va fè pitit pitit mwen te pwomèt ou yo.

8Sa Gal 4.23 vle di: tout pitit ki fèt dapre egzijans lachè, li pa pitit Bondye. Se sèlman pitit ki fèt dapre pwomès Bondye a ki bon pitit pitit li.

9Men Jen 18.10 ki jan Bondye te fè pwomès la:

Lè konsa, lanne k'ap vini an, m'a tounen. Lè sa a Sara va gentan gen yon pitit gason.

10Se Jen 25.21 poko fin tout koze a sa. Gen Rebeka tou. Li te fè de pitit pou yon sèl papa. Se te Izarak, zansèt nou.

11-12Men, Jen 25.23 Bondye gen jan pa l pou l chwazi moun. Bondye pa chwazi yon moun paske moun lan fè anyen pou sa, men paske Bondye vle chwazi li. Enben, pou fè nou wè se konsa li toujou fè, Bondye pale ak Rebeka anvan menm timoun yo te fèt, anvan menm yo te fè anyen ni an byen ni an mal. Li di l konsa:

Pi gran an gen pou sèvi pi piti a.

13Dapre Mal 1.2,3 sa ki te ekri:

Mwen pi fèb pou Jakòb pase Ezayi.

14Bon, Det 32.4 kisa sa vle di? Bondye genlè ap fè lenjistis? Men non.

15Chonje Egz 33.19 sa Bondye te di Moyiz:

M'a gen pitye pou moun mwen vle gen pitye,

M'a louvri kè m pou moun mwen vle.

16Se Ef 2.8 sa ki fè sa pa depann ni sou volonte lèzòm, ni sou jefò yo fè. Se sèl Bondye sa regade nan kè sansib li.

17Paske Egz 9.16 nan Liv la, men sa Bondye di farawon an:

Se mwen ki fè ou wa tout espre,

pou lè moun wè ou, yo ka wè pouvwa mwen,

pou moun ka mache fè konnen non mwen toupatou sou latè.

18Konsa, Egz 4.21; 7.3; 9.12; 14.4,17 Bondye gen pitye pou moun li vle, li fè moun li vle kenbe tèt ak li.

Kòlè Bondye ak bon kè l

19Kounyeya, n'a mande m: Si se konsa, kisa Bondye gen pou repwoche moun? Ki moun ki janm kenbe tèt ak Bondye?

20Monchè, Eza 29.16; 45.9 pito ou mande: kisa m ye pou m ap diskite ak Bondye konsa? Pran yon krich: eske krich la ka pale ak moun ki fè l la pou l mande l: Poukisa se konsa ou fè m?

21Moun Jer 18.6 k'ap pare tè pou fè krich, li gendwa fè sa li vle ak tè a. Li ka travay yon bèl krich byen chè epi yon krich bon mache.

22Nou Jer 50.25 pa gen anyen pou n di Bondye ankò. Li vle fè nou wè kòlè li, anmenmtan li vle fè nou konnen pouvwa li. Se poutèt sa, avèk anpil pasyans li sipòte tout moun ki te merite kòlè li epi ki te tou bon pou mouri.

23Li Ef 1.3-12; Wòm 2.4; 8.29 te vle fè nou wè tou kantite bèl bagay li sere pou moun lè li gen pitye pou yo, pou nou menm li te pare davans pou resevwa bèl bagay li yo.

24Lè m di nou menm lan, m'ap pale sou tout moun li rele, non sèlman nan jwif yo, men nan moun lòt nasyon yo tou.

25Se Oze 2.23 sa menm li di nan liv pwofèt Oze a:

Moun ki pat pèp mwen an, se yo menm m'a rele pèp mwen.

Nasyon mwen pat renmen an, se li menm m'a rele cheri mwen.

26Tout Oze 1.10 kote yo t'ap di se pa pèp mwen yo ye,

se la y'a rele yo pitit Bondye ki vivan an.

27Kanta Eza 10.22,23; Wòm 11.5 pou moun pèp Izrayèl yo, Ezayi, bò pa l menm, di konsa:

Menm si moun pèp Izrayèl yo ta anpil tankou grenn sab bò lanmè,

se yon ti ponyen sèlman nan yo k'ap sove.

28Paske, Mèt la gen pou l fè tou sa l te di a nèt,

epi byen vit ankò, sou tout latè.

29Tankou Eza 1.9 menm pwofèt Ezayi sa a te di anvan:

Si Mèt ki gen tout pouvwa a pat kite kèk pitit pitit pou nou,

nou ta pase tankou Sodòm, nou ta menm jan ak Gomò.

Izrayèl devan Bòn Nouvèl la

30Kisa Wòm 10.20 n'a di nan tou sa? Men sa n'a di: Moun ki pat jwif yo, ki pa t'ap chache mwayen pou Bondye fè yo gras la, se yo menm Bondye fè gras paske yo mete konfyans yo nan li.

31Men, Wòm 10.2,3 moun pèp Izrayèl yo ki t'ap chache yon lalwa ki pou ta fè Bondye fè yo gras, yo pa jwenn sa yo t'ap chache a.

32Poukisa? Eza 8.14 Paske yo pat mete konfyans yo nan Bondye. Yo t'ap chache mwayen pou Bondye fè yo gras ak zèv yo t'ap fè yo. Se konsa y'al frape pye yo sou wòch k'ap fè moun bite a,

33jan Eza 28.16; Mat 21.42; 1 Pyè 2.6 sa te ekri a:

Men li, mwen mete yon wòch nan mitan peyi Siyon, yon wòch k'ap fè moun bite wi,

yon gwo wòch k'ap fè moun tonbe.

Men, moun ki mete konfyans yo nan li p'ap janm sòti wont.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help