Ezekyèl 16 - 1998 Haitian Creole

Pwofèt la ap denonse peche moun lavil Jerizalèm

1Senyè a pale avè m ankò, li di m konsa:

2— Ras Ou pran bèl rad koulè ou yo, ou dekore kote w'ap fè sèvis pou lòt bondye sou tèt mòn yo. Tankou yon fanm k'ap fè jennès, ou kouche la ak dènye moun ki vini.

17Ou Eze 7.20 pran bijou lò ak bijou ajan mwen te ba ou yo, ou bay yo pou yo fè estati gason. Epi ou kouche ak estati yo.

18Ou Eze 23.41; Oze 2.8 biye estati ou yo ak bèl rad bwode mwen te ba ou yo. Ou pran lwil ak lansan ki te pou mwen yo, ou ofri yo bay estati ou yo.

19Mwen te ba ou pi bon kalite farin pou fè pen pou ou manje ansanm ak siwo myèl ak lwil. Ou pran yo, ou ofri yo bay zidòl ou yo, ou boule yo nan dife pou yo te ka ba ou chans. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di wi, se sa ou fè.

20Apre Sòm 106.37; Eza 57.5; Eze 20.26,31; 23.37 sa, ou pran pitit gason ak pitit fi ou te fè pou mwen yo, ou al ofri yo bay zidòl yo pou zidòl yo te manje yo. Sa pat ase pou ou te lage kò ou nan tout dezòd sa yo

21kifè ou te bezwen koupe kou pitit mwen yo, lèfini pou ou te boule yo nan dife pou zidòl ou yo?

22Pandan Oze 2.3 tout tan ou t'ap viv nan dezòd sa a, ou pa janm chonje lè ou te piti, lè ou te toutouni ap benyen nan san ou lan?

Jerizalèm tankou yon fanm k'ap kouri dèyè gason

23Senyè sèl Mèt la di ankò:

— Madichon, madichon pou ou! Lè ou fin fè tout mechanste sa yo,

24sou Jer 3.2 tout rebò granchemen yo, ou bati tanp pou sèvi zidòl ou yo, pou fè metye jennès ou a.

25Nan chak kalfou granchemen, ou bati yon tanp kote ou trennen bèlte ou la nan labou. W'ap ofri tèt ou bay dènye moun k'ap pase. Chak jou ou te vin pi mal.

26W'al Jer 7.18,19; Eze 20.7; 23.19 kouche ak moun peyi Lejip yo, vwazen ou yo ki grannèg anpil. Ou fè, ou fè jouk ou fè m fache.

27Se 2 Kwo 28.18 konsa, mwen lonje men m sou ou pou m pini ou, mwen koupe moso nan sa ki te vin pou ou a. Mwen lage ou nan men lènmi ou yo, moun peyi Filisti yo, ki pat ka santi tout vye bagay sal ou t'ap fè yo.

28Men 2 Wa 16.7-18; Jer 2.18,36; Eze 23.12 moun sa yo pat ba ou kont plezi ou, ou kouri al jwenn moun peyi Lasiri yo. Ou kouche ak yo. Men yo menm tou, yo pat ba ou kont plezi ou.

29W'al Eze 23.14-17 fè jennès ak moun Babilòn yo, gwo kòmèsan sa yo. Men yo menm tou, yo pat ba ou kont plezi ou!

30Men sa Senyè sèl Mèt la di ankò: Se pa ti move mwen pat move sou ou! Ou fè tou sa tankou yon jennès je kale.

31Ou bati yon lotèl repozwa nan chak kalfou granchemen. Ou bati tanp sou tout rebò granchemen yo. Men, se pat dèyè lajan ou te ye tankou lòt fanm k'ap fè jennès yo.

32Ou te tankou yon madanm marye ki nan dezòd, ki pito fè bèl ak lòt gason pase pou li renmen mari l.

33Yon jennès se peye yo peye sa. Men ou menm, se ou menm ki bay nonm ou yo kado, se ou menm k'ap ofri yo lajan pou yo sòti toupatou vin kouche avè ou.

34Ou pat tankou lòt fanm k'ap fè jennès yo. Pèsonn pat fòse ou fè sa. Yo pat peye ou pou sa. Se ou ki t'ap peye moun vin kouche avè ou! Non! Ou pat tankou lòt jennès yo!

Jijman Bondye sou lavil Jerizalèm

35Kounyeya, Jerizalèm, gwo jennès, koute sa Senyè a ap di:

36Men Sòm 106.38; Eze 16.20,21 mesay Senyè sèl Mèt la voye ba ou: Ou wete tout rad sou ou. Ou rete toutouni nèt pou ou te kouche ak nonm ou yo, ansanm ak tout vye zidòl mwen pa vle wè yo. Lèfini, ou touye pitit ou yo, ou ofri yo bay zidòl.

37Poutèt Lam 1.8; Eze 23.22,28,29; Oze 2.10 tou sa, mwen pral reyini tout ansyen nonm ou yo ki te konn pran plezi yo avè ou, ni sa ou te renmen yo, ni sa ou te rayi yo. M'ap fè yo vin fè wonn bò kote ou. Mwen pral wete dènye rad ki sou ou. Mwen pral kite ou toutouni devan je yo.

38M'ap Lev 20.10; Eze 21.30; 23.45 pini ou menm jan yo pini fanm k'ap fè adiltè, ak fanm ki touye moun. M'ap fache, m'ap move, m'ap bay lòd pou yo touye ou.

39M'ap Eze 16.7,11,12; 23.26 lage ou nan men yo, yo pral demoli dènye lotèl repozwa ou fè pou zidòl ou yo, kote w'ap fè jennès la. Y'ap wete tout rad sou ou, y'ap pran tout bijou ou yo, y'ap kite ou toutouni.

40Yo Eze 23.46,47 pral moute tèt yon foul moun pou yo touye ou ak kout wòch, y'ap filange ou ak nepe yo.

41Y'ap Jer 39.8; Eze 5.8; 23.27,47 boule tout kay ou yo, y'ap pini ou devan yon foul medam. M'ap fè ou sispann fè jennès, m'ap fè ou sispann bay nonm ou yo kado.

42Apre Eze 5.13 sa, mwen p'ap move sou ou ankò. M'a sispann fè jalouzi. Mwen p'ap fache ankò.

43Ou Eze 7.4; 16.22 pat chonje jan m te aji avè-ou lè ou te jenn lan. Ou te fè m move anpil pou tou sa ou te fè yo. Se poutèt sa mwen te fè ou peye pou tout. Se mwen menm Senyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa. Poukisa ou fè tout dezòd vakabonday sa yo mete sou tout lòt bagay derespektan ou fè yo?

Joumou pa donnen kalbas

44Senyè a di ankò: Kounyeya moun ki renmen fè pwovèb yo pral bay yonn sou do lavil Jerizalèm. Yo pral di: Joumou pa donnen kalbas. Pitit fi a ap sòti tankou manman l.

45Wi, Eze 16.3 ou se pitit manman ou vre. Li pat vle wè ni mari l ni pitit li yo. Ou menm moun ak sè ou yo. Yo menm tou, yo pat vle wè ni mari yo, ni pitit yo. Se yon fanm peyi Et ki te manman nou tout. Se yon moun peyi Amori ki te papa nou.

46Gran Eze 23.4 sè ou la rete nan nò. Se lavil Samari ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo. Ti sè ou la rete nan sid. Se lavil Sodòm ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo.

47Ou 2 Wa 21.9; Eze 5.6,7 mache dèyè yo pye pou pye, ou fè tout vye bagay derespektan yo fè. Men, nan tou sa ou fè yo, ou fè pi mal pase yo.

48Se Mat 10.15 poutèt sa, jan nou konnen mwen vivan vre a, men sa mwen menm, Senyè sèl Mèt la, m'ap di ou: Sè ou la, lavil Sodòm ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo, yo pat janm rive fè tou sa ou menm lavil Jerizalèm, ou te fè ansanm ak tout ti bouk ki sou kont ou yo.

49Kisa Jen 13.10 lavil Sodòm te fè konsa? Li t'ap gonfle lestonmak li sou moun paske li te gen kont manje pou li manje. Yo t'ap viv kèpòpòz san pwoblèm. Men yo pa janm lonje men bay pòv malere ak moun ki nan nesesite.

50Yo Jen 13.13; 19.24 kite lògèy vire lòlòj yo, yo fè tèt di, yo fè bagay yo konnen mwen pa vle wè moun fè. Se poutèt sa mwen disparèt yo, jan ou konnen l lan.

51Lavil Jer 3.11 Samari menm pat fè mwatye nan sa ou fè. Ou fè plis bagay derespektan pase l. Ou fè sè ou yo pase pou inonsan bò kote ou.

52Ou pral wont tèt ou pou sa ou fè. Ou sitèlman fè peche ki pi lèd pase sa sè ou yo fè a, ou ba yo rezon, yo parèt inonsan bò kote ou. Wi, se pou ou wont. Se pou ou kache figi ou, paske ou fè sè ou yo pase pou inonsan bò kote ou.

Sodòm ak Samari ap kanpe ankò

53Senyè a Det 30.3; Eze 39.25 pale ak lavil Jerizalèm, li di l konsa:

— M'ap mete yo kanpe ankò, lavil Sodòm ak lavil Samari ansanm ak tout ti bouk ki sou kont yo. Bout pou bout, ou menm tou m'ap mete ou kanpe ankò.

54Ou Eze 39.26 pral wont tèt ou pou tou sa ou te fè. Yo pral pale ou mal. Sè ou yo pral wè yo pa pi mal pase sa. Sa pral yon konsolasyon pou yo.

55Lavil Sodòm ak tout ti bouk li yo pral kanpe ankò jan yo te ye anvan an. Lavil Samari ak tout ti bouk li yo pral kanpe ankò jan yo te ye anvan an. Ou menm tou, lavil Jerizalèm ak tout ti bouk ou yo, nou pral kanpe ankò jan nou te ye anvan an.

56Lè ou te anpenpan an, ou te konn ap pase Sodòm nan betiz.

57Men 2 Wa 16.5-7; Eza 7.1,2; Eze 16.27; 28.24 se anvan yo te fin dekouvri mechanste ou yo. Koulyeya, se ou menm, moun Aram yo, moun Filisti yo ansanm ak lòt moun nan vwazinaj ki pa vle wè ou yo pral pase nan betiz.

58Ou Eze 23.35,49 pral peye pou tout bagay derespektan ak bagay mwen pa vle wè ou te fè yo. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.

Kontra ki la pou tout tan an

59Senyè a Eze 17.18,19 pale ak lavil Jerizalèm, li di l konsa:

— Mwen pral boule avè ou jan ou merite l la, paske ou pa ka kenbe pawòl ou, ou kase kontra a.

60Men, Egz 2.24; Jer 32.40; Eze 16.8 m'ap chonje kontra mwen te pase avè ou lè ou te jenn lan. M'ap siyen yon lòt kontra avè ou, yon kontra k'ap la pou tout tan.

61Ou Eze 16.46; 20.43 menm, w'a chonje sa ou te fè, w'a wont lè w'a resevwa gran sè ak ti sè ou yo. M'ap ba ou yo pou pitit fi pa ou malgre sa pat nan kontra a.

62Wi, se mwen menm k'ap siyen kontra mwen an avè ou ankò. Lè sa a, w'a konnen se mwen menm ki Senyè a.

63M'ap Wòm 3.19 padonnen ou tou sa ou te fè. Men ou menm, w'ap chonje sa ou te fè yo, w'a wont, ou p'ap ka louvri bouch ou ankò tèlman w'a wont. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help