Women 7 - 1998 Haitian Creole

Kretyen delivre anba jouk lalwa

1Frè m' yo, mwen sèten paske nou konnen lalwa a, nou konn sa m'pral di nou la a: Toutotan yon moun sou tè a, lalwa gen pouvwa sou li.

2M'ap pran yon egzanp: yon madanm marye gen angajman avèk mari l devan lalwa toutotan mari a vivan. Men, si mari a mouri, madanm lan lib devan lalwa annegad mari a.

3Si pandan mari a vivan toujou, madanm lan vin fanm yon lòt gason, y'ap rele madanm lan adiltè. Men, si mari a mouri, li lib devan lalwa. Lè sa a, si l vin fanm yon lòt gason, li pa yon adiltè.

4Se Kol 2.14 menm jan an tou pou nou menm, frè m yo. Nou mouri ansanm ak kò Kris la annegad lalwa. Konsa, nou lib pase nan men yon lòt mèt. Kounyeya, se nan men moun ki te leve sòti vivan nan lanmò a nou ye pou nou ka viv yon jan ki itil pou Bondye.

5Lè nou Wòm 6.21 t'ap viv anba pouvwa lachè, tout vye dezi lalwa te fè leve nan nou, yo t'ap travay nan nou. Yo te fè nou fè bagay ki t'ap kondi nou nan lanmò.

6Kounyeya, nou Wòm 8.1,2; 6.2,4 pa gen angajman ak lalwa ankò. Nou mouri annegad lalwa ki te kenbe nou prizonye a. Se sa k fè nou ka sèvi Bondye yon lòt jan, anba otorite Sentespri a. Nou p'ap sèvi l ankò jan n te konn sèvi l nan tan lontan an, anba otorite lalwa ki ekri nan Liv la.

Lalwa ak peche

7Nan Egz 20.14,17; Det 5.18,21 kondisyon sa a, kisa n'a di? Eske lalwa se peche? Non, wete sa nan tèt ou. Men, se lalwa a ki fè m konnen sa peche ye. Se konsa mwen pa ta janm konnen kisa ki rele gen lanvi, si lalwa pat di m: Piga ou janm pote lanvi sou sa k pa pou nou.

8Peche a Wòm 5.13 pwofite okazyon kòmandman an pou l fè m gen tout kalite lanvi nan kè mwen. San lalwa a, peche mouri.

9Pou mwen menm, nan tan lontan, lè m te san lalwa, mwen te vivan. Men, lè kòmandman an vin rive, peche a vin vivan ankò.

10Epi Jak 1.15; Lev 18.5 mwen menm, mwen mouri. Se konsa kòmandman ki te pou ban m lavi a, se li menm ki ban m lanmò.

11Peche a Eb 3.13 pwofite okazyon an, li twonpe m ak kòmandman an. Se konsa, li fè mwen mouri ak tout kòmandman an.

12Men, 1 Tim 1.8 lalwa a se yon bagay ki sòti nan Bondye. Kòmandman an tou, se Bondye ki bay li, se konsa li dwat epi li bon.

13Eske Wòm 5.20 nou ka di sa ki bon an tounen yon kòz lanmò pou nou? Non, monchè! Men, se peche ki lakòz sa. Peche fè nou wè sa li menm li ye vre: li sèvi ak sa ki bon an pou l fè mwen mouri. Se konsa, avèk kòmandman an, peche a kanpe pi rèd toujou.

Lè peche chita nan kè nou

14Nou Sòm 51.5; Jan 3.6 konnen lalwa li menm, se yon bagay ki sòti nan Lespri Bondye. Men, mwen menm, mwen se yon kò ki tou fèb, peche fin anpare m, li fè m tounen esklav li.

15Lè m fè yon bagay, mwen pa konprann sa m fè a. Paske, sa m ta vle fè a, se pa sa m fè. Epi sa m pa vle fè a, se li mwen fè.

16Si sa m pat vle fè a se li mwen fè, sa vle di mwen dakò lalwa a bon.

17Nan kondisyon sa a, se pa mwen ki fè sa ki fèt la, men se peche ki nan mwen an ki fè li.

18Sa Jen 6.5; 8.21 se bagay mwen konnen: Nanpwen anyen ki bon nan mwen, nan tout kò mwen. Mwen di sa, paske menm lè mwen vle fè sa ki byen, mwen pa santi m kapab fè li.

19Mwen pa fè byen mwen vle fè a, men mwen fè mal mwen pa vle fè a.

20Epi, si m fè mal mwen pa vle fè a, se pa mwen ki fè l, men se peche ki nan mwen an ki fè li.

21Pou mwen menm, mwen jwenn lwa sa a nan mwen: lè m vle fè sa ki byen, se sa ki mal ase mwen santi m ka fè.

22Nan fon kè m, mwen jwenn tout plezi m nan lalwa Bondye a.

23Men, Gal 5.17; Jak 4.1; 1 Pyè 2.11 nan tout kò m, mwen santi yon lòt lwa k'ap goumen ak lalwa mwen renmen an. Lwa sa a kenbe m prizonye anba otorite peche a ki nan tout kò mwen.

24Ala malere mwen malere, mezanmi! Kilès ki va delivre m anba kò sa a k'ap trennen m nan lanmò?

25Gremesi 1 Kor 15.57 Jezikri, Senyè nou an, mwen ka di: Mèsi Bondye!

Konsa, men ki jan mwen ye: dapre konesans pa mwen, mwen se esklav lalwa Bondye a. Men, dapre sa m santi nan tout kò mwen, mwen se esklav lalwa peche a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help