Ezayi 25 - 1998 Haitian Creole

Lwanj pou di Bondye mèsi

1Senyè, se ou ki Bondye mwen!

M'a di

5Yo tankou gwo solèy k'ap boule yon tè sèk.

Men, Senyè, ou kase fe lènmi nou yo.

Ou fè tout mechan yo fèmen bouch yo.

Ou fè yo frèt tankou lè gwo nyaj bare solèy la nan sezon chalè.

Bondye ap pare fèt pou tout sou latè

6Senyè Sòm 63.5; Eza 2.2,3 ki gen tout pouvwa a pral fè yon gwo fèt sou mòn Siyon an pou tout nasyon ki sou latè, avèk bèl plat manje byen pare ak bonjan vyann gra. L'ap sèvi bon kalite diven ki la depi lontan.

7Se Eza 22.8; 2 Kor 3.15 sou mòn sa a li pral wete gwo vwal ki te sou tèt tout nasyon yo, vwal ki te ba yo kè sere a.

8Senyè a Eza 1.20; 30.19; Oze 13.14; 1 Kor 15.54; Rev 7.17 pral fè pa janm gen lanmò ankò.

Li pral siye dlo nan je tout moun.

Li pral wete lawont sa a ki te sou pèp li a toupatou sou latè.

Se Senyè a menm ki di sa!

9Jou Jen 49.18; Sòm 9.14 sa a, tout moun va di:

Se li menm ki Bondye nou.

Nou te mete tout espwa nou nan li.

Li delivre nou! Se li menm ki Senyè a!

Nou te mete konfyans nou nan li.

Ann fè kè nou kontan.

Ann fè fèt, paske li delivre nou.

Bondye ap pini Mowab

10Senyè a Jòb 40.12; Eza 15.1 ap pwoteje mòn Siyon an.

Men, l'ap pilonnen moun peyi Mowab yo anba pye l,

menm jan yo pilonnen pay nan labou pak bèt.

11Nan mitan labou a, y'a lonje bra yo tankou si yo ta vle naje sòti.

Men Senyè a pral kraze lògèy yo,

l'ap defèt tou sa yo te fè ak men yo.

12L'ap Eza 26.5 kraze gwo ranpa byen wo yo te bati sou miray yo,

l'ap jete yo plat atè,

l'ap fè yo tounen pousyè.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help