Ezayi 65 - 1998 Haitian Creole

Bondye ap pini moun ba li do

1Senyè a te di:

— Mwen Zak 14.16; Wòm 10.20,21; Ef 2.12,13 te tou pare pou m te reponn lapriyè pèp mwen an, menm lè yo pat lapriyè m. Mwen te toupre yo, menm lè yo pat chache m. Pèp la pa lapriyè nan pye m, atout mwen te toujou pare pou m di yo: Men mwen! Men mwen!

2Chak jou mwen t'ap lonje men m bay yon pèp ki t'ap kenbe tèt ak mwen, ki t'ap fè sa ki mal, ki t'ap fè sa yo pito.

3Nan Eza 1.29; 57.3-6; 66.17 figi m konsa, yo t'ap plede fè bagay pou fè m fache. Yo ofri bèt pou touye pou zidòl nan jaden yo, yo boule lansan sou lotèl zidòl yo.

4Yo pase nwit yo nan simityè ak nan twou wòch ap fè sèvis pou mò. Y'ap manje kochon ak lòt manje ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye.

5Apre Eza 9.18 sa, yonn di lòt: Pa pwoche m. Pa manyen m, paske yo mete m apa pou Bondye! Non, mwen pa ka sipòte sa y'ap fè a. Sa fè m move, kòlè mwen tankou yon dife ki p'ap janm mouri.

6Senyè a Sòm 50.3; 79.12; Jer 17.1 te di: Men desizyon mwen fin pran nan kè m: Mwen p'ap bay kò m kanpo toutotan mwen pa pini yo, toutan mwen pa regle yo

7pou Egz 20.5; Eze 20.27,28 peche yo ak pou peche zansèt yo. Yo te boule lansan pou zidòl sou mòn yo, yo t'ap derespekte m sou ti bit mòn yo. Se poutèt sa m'ap regle ak yo jan yo merite l la.

8Men Eza 17.6 sa Senyè a te di ankò:

— Pèsonn pa janm voye yon bon grap rezen jete. Okontrè, li sere l pou fè diven ak li. Konsa tou, mwen p'ap detwi tout pèp la, m'ap sove moun k'ap sèvi m yo.

9Nan Eza 27.6 tout fanmi Jakòb la, m'ap fè moun branch fanmi Jida yo pran mòn mwen yo pou yo. Se la moun mwen chwazi yo ak moun k'ap sèvi m yo va rete.

10Plenn Joz 7.26; Eza 33.9; 51.1; Oze 2.15 Sawon pral tounen savann pou ti zannimo. Plenn Akò ap sèvi pou lòt gwo zannimo yo.

11Men Joz 24.20; Eze 23.41; 1 Kor 10.21 pou nou menm ki vire do bay Senyè a, nou menm ki bliye mòn ki apa pou mwen an, epi ki al fè sèvis manje pou Gad, ki al fè ofrann bwason pou Mini,

12m'ap Eza 66.4; Jer 7.13 fè nou mouri nan lagè. Nou tout nou pral bese do nou pou yo koupe kou nou, paske mwen te rele nou, nou pat reponn. Mwen pale nou, nou pat koute m. Nou fè sa ki mal devan je m, nou pito fè sa ki p'ap fè m plezi.

13Se Sòm 22.26 poutet sa, men sa Senyè a di:

— Sèvitè mwen yo va jwenn kont manje yo. Men nou menm, n'a ret grangou. Sèvitè m' yo va jwenn kont pou yo bwè, nou menm, n'ap ret swaf dlo. Sèvitè m' yo va gen kè kontan, men nou menm, n'a wont.

14Sèvitè m Sòm 5.11 yo va fè fèt tèlman y'a kontan, men nou menm n'a plenn, n'a gen kè sere, n'a rele, kè nou va kase.

15Moun Eza 62.2; Zak 8.13 mwen chwazi yo va pran non nou sèvi jouman. Mwen menm Senyè a, m'a fè nou mouri. Y'a di: Se pou Senyè a touye ou tankou li touye moun sa yo! Men m'a bay sèvitè m' yo yon bon repitasyon.

16Tout Det 32.4; Eza 43.18; Jer 4.2 moun nan peyi a ki bezwen benediksyon va jwenn benediksyon nan men Bondye ki toujou kenbe pawòl li a. Tout moun nan peyi a k'ap fè sèman va fè l nan non Bondye k'ap toujou kenbe pawòl li a, paske moun yo p'ap chonje tray yo te konn pase nan tan lontan yo, m'ap bliye sa.

Bondye pral fè tout bagay vin lòt jan

17Mwen 2 Pyè 3.13; Rev 21.1 pral fè yon lòt syèl ak yon lòt tè. Pèsonn p'ap chonje sa ki te pase nan tan lontan. Sa p'ap janm vin nan tèt yo ankò.

18Sa Eza 51.3; Jer 31.7 m'pral fè a ap bay kè kontan. Moun ap fete san rete. Mwen pral fè yon lòt Jerizalèm kote tout moun pral fè fèt. Moun li yo pral kontan.

19Mwen Eza 35.10; 62.5 menm m'ap fè fèt pou Jerizalèm, m'ap kontan pou pèp mwen an. P'ap gen kriye ankò nan lavil la! P'ap gen rele mande sekou ankò!

20Timoun Ekl 8.12,13 p'ap mouri tou piti ankò! Granmoun ap fè tout tan yo! Pi bonnè pou yo mouri se va sou santan. Moun ki va rive gen santan anvan yo mouri, y'a mouri jenn! Moun ki va mouri anvan yo rive gen santan, se moun ki va gen madichon!

21Moun Eze 28.26 va bati kay pou yo rete. Y'a plante jaden rezen pou yo manje rezen.

22Yo Sòm 92.12-14 p'ap bati kay ankò pou se lòt moun ki pou rete ladan yo. Yo p'ap plante jaden ankò pou se lòt moun ki pou manje l. Pèp mwen an ap viv rive gen menm laj ak pyebwa. Pèp mwen chwazi a va jwi travay yo fè ak men yo kont kò yo.

23Yo Det 28.41; Sòm 115.12-15; Eza 49.4 p'ap kraze kò yo travay pou bontan ankò! Travay yo va rapòte yo! Pitit yo p'ap konn sa ki rele malè ankò! M'ap beni yo ansanm ak pitit yo jouk sa kaba.

24Anvan Da 9.21 menm yo fin lapriyè, m'ap gentan reponn yo. Anvan menm yo fèmen bouch yo, m'ap gentan ba yo sa yo mande a.

25Chen Jen 3.14; Eza 11.6,7,9 mawon ak mouton pral manje ansanm. Lyon pral manje zèb menm jan ak bèf. Sèpan p'ap yon danje ankò pou pèsonn. Sou tout mòn ki apa pou mwen an, p'ap gen mechanste, p'ap gen rayisab ankò. Se Senyè a menm ki di sa!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help