Jan 10 - 1998 Haitian Creole

Parabòl gadò a ak mouton l yo

1Sa m'ap di nou la a se vre wi: Moun ki pa pase nan pòt la pou antre nan pòt mouton yo, men ki eskalade lòt kote pou li antre, moun sa a se yon vòlè, se yon ansasen.

2Men, moun ki pase nan pòt la, se gadò mouton yo li ye.

3Moun k'ap veye pòt la louvri l pou li. Tout mouton yo rekonèt vwa li. Li rele tout mouton l yo, li ba yo chak non yo, li mennen yo deyò.

4Lè li fin fè yo tout sòti, li mache devan yo. Tout mouton yo swiv li paske yo konnen vwa li.

5Men, Pèsonn pa ka rache anyen ki nan men Papa a.

30Mwen menm ak Papa m, nou fè yon sèl.

31Jwif Jan 8.59 yo ranmase wòch pou kalonnen li.

32Lè sa a, Jezi di yo:

— Avèk pouvwa Papa a mwen fè anpil bon bagay nan mitan nou. Manyè di m pou kilès ladan yo nou vle touye m ak kout wòch la?

33Jwif Jan 5.18; Mat 26.65 yo reponn li:

— Se pa pou okenn bon bagay nou vle touye ou ak kout wòch. Men, se paske w'ap pale mal sou Bondye. Se moun ou ye, epi w'ap chache pase pou Bondye.

34Jezi Sòm 82.6 reponn yo:

— Dapre sa ki ekri nan lalwa nou an, Bondye te di: Se bondye nou ye.

35Si Mat 5.17,18 Liv la rele bondye moun ki resevwa pawòl Bondye, - si pawòl Bondye pa ka peri - moun Bondye mete apa pou li a, moun li voye nan lemonn, nou di l'ap pale Bondye mal paske li di.

36Mwen Jan 5.17-20 menm menm, se Bondye ki mete m' apa pou li, se li ki voye m' nan lemonn nan. Kijan nou ka di m'ap pale Bondye mal lè mwen di se pitit Bondye mwen ye?

37Si m pa fè travay Papa m ban m fè a, nou pa bezwen kwè mwen.

38Men, si mwen fè l, menm si nou pa ta vle kwè nan mwen, omwen kwè nan travay m'ap fè a. Konsa, nou ta tou konnen Papa a nan mwen, mwen nan Papa a.

39Yo Jan 8.59; Lik 4.30 t'ap chache ankò pou yo te arete l, men li chape anba men yo.

40Jezi Jan 1.28 tounen ankò lòt bò larivyè Jouden kote Jan te konn batize a. Li rete la.

41Anpil moun te vin jwenn li. Yo t'ap di:

— Jan pat fè okenn mirak, men tou sa li te di nou sou nonm sa a, se te vre wi.

42Anpil Jan 8.30 moun la te kwè nan Jezi.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help