Sòm 43 - 1998 Haitian Creole

SÒM 43 (42)

1Fè m 1 Sam 24.15; Sòm 5.6; 7.8 jistis, Bondye.

Defann kòz mwen kont moun sa yo ki pa konnen ou.

Delivre m anba moun sa yo k'ap bay manti, k'ap fè mechanste.

2Se Sòm 31.4; 42.9; 44.9 ou ki Bondye mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen.

Poukisa ou lage m konsa?

Poukisa pou m'ap viv ak tout lapenn sa a nan kè m,

lè lènmi m yo ap kraze m anba pye yo?

3Voye Sòm 2.6; 57.3; 84.1 limyè ou, moutre m verite ou la.

Fè yo fè m wè chemen pou m pran an.

Fè yo mennen m sou mòn ki apa pou ou a,

nan kay kote ou rete a.

4Lè sa a, m'a tounen vin bò lotèl Bondye a,

Bondye ki fè kè m kontan an,

Bondye k'ap fè m fè fèt la.

M'a jwe enstriman mizik pou Bondye,

pou Bondye pa m lan.

5Wi, Sòm 42.5 men poukisa m kagou konsa?

Poukisa m'ap plenn konsa nan kè m?

M'ap mete espwa mwen nan Bondye,

paske mwen gen pou m fè lwanj li ankò.

Se li k'ap delivre m, se li ki Bondye mwen.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help