1(2) Gen Sòm 138.8 pitye pou mwen, Bondye!
— Gen pitye pou mwen!
Paske, se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon.
Se anba zèl ou m'ap kache
jouk lè danje a fin pase.
2(3) M'ap Sòm 18.16; 40.11; 43.3; 56.1 kriye nan pye Bondye ki anwo nan syèl la,
nan pye Bondye ki fè anpil byen pou mwen an.
3(4) L'ap Sòm 64.3; Pwo 30.14 rete nan syèl la, l'ap delivre m
anba men moun k'ap pèsekite m yo.
Bondye va fè m wè jan li renmen mwen,
jan li toujou kenbe pawòl li.
4(5) Mwen Sòm 108.5 kouche nan mitan yon bann lyon
ki prèt pou devore mwen.
Dan yo pwenti tankou flèch, tankou frenn,
lang yo tankou yon ponya byen file.
5(6) Bondye, Jòb 18.8; Sòm 7.15 fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa non!
Fè wè pouvwa ou sou tout latè!
6(7) Lènmi m Sòm 108.1-5 yo Sòm 112.7 tann yon pèlen sou wout kote pou m pase a.
Kè m sere anpil.
Yo fouye yon twou sou wout mwen.
Men, se yo menm ki tonbe ladan li.
7(8) Bondye, Jij 5.12; 1 Kwo 15.16; Sòm 16.9 mwen pare, wi, mwen pare.
Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou.
8(9) M'ap souke kò mwen, m'ap leve.
M'ap pran gita mwen, m'ap pran bandjo mwen.
Mwen pral fè solèy leve!
9(10) Senyè, Sòm 36.5 ma fè lwanj ou nan mitan pèp yo!
M'a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo!
10(11) Ou renmen nou anpil anpil,
ou toujou kenbe pawòl ou.
11(12) Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa non!
Fè wè pouvwa ou sou tout latè!
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.