1Pa fè grandizè pou sa ou pral fè denmen. Ou wè Losyon ak lwil santi bon bay kè kontan. Konsèy yon bon zanmi remoute kouray.
10Pa Si ou rive fè l pe bouch li, w'a kenbe van ak men ou, w'a kenbe lwil ak dwèt ou tou!
17Menm jan fè file fè, konsa tou pou moun, yonn aprann nan men lòt.
18Moun Det 20.6; Mat 25.21; 1 Kor 3.8; 9.7 ki pran swen yon pye rezen, se li ki va jwenn rezen pou li manje. Moun ki fè travay mèt li byen, y'a gen respè pou li.
19Lè ou kanpe devan glas, ou wè jan ou ye. Lè ou gade anndan kè ou, ou wè ki moun ou ye.
20Menm Pwo 30.15,16; Ekl 1.8; 4.8 jan toujou gen plas pou mò kote mò yo ye a, konsa tou, toujou gen plas pou lanvi nan kè moun.
21Yo Pwo 17.3 pase lò ak ajan nan dife pou wè si yo bon. Konsa tou, dapre jan yo nonmen non yon moun, yo ka di ki moun li ye.
22Ou Jer 5.3 te mèt woule yon moun sòt anba baton tankou yo bat pwa, se pa sa k'ap fè l kite sòt.
23Chache konnen jan tout bèt ou yo ye. Pran swen yo.
24Richès Pwo 23.5 pa la pou tout tan. Ou ka pa rive pase tout byen ou bay pitit pitit ou.
25Lè Sòm 90.5,6 ou koupe zèb, li pouse ankò. Konsa, toujou gen zèb sou mòn yo.
26Mouton 1 Tim 6.8 ou yo ap ba ou lenn pou fè rad met sou ou. Bouk kabrit yo ap rapòte ou lajan pou achte tè pou fè jaden.
27W'a jwenn kont lèt kabrit pou ou bwè ak fanmi ou ansanm ak moun k'ap sèvi lakay ou.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.