1Lè sa a, nan yon gwo van tanpèt, Senyè a Jòb 13.22 pale ak Jòb. Li di l konsa:
2— Kisa Jòb 35.16; 42.3 ou ye menm pou w'ap poze kèsyon sou plan travay mwen
ak yon bann diskou ki pa vle di anyen?
3Mete gason sou ou! M pral poze ou kèsyon.
Pare kò ou pou ou reponn mwen.
4Kote Sòm 104.5; Pwo 8.24-29; 30.4; Eza 40.12-14 ou te ye lè m t'ap fè latè?
Se pou ou reponn mwen si ou konn tout bagay!
5Ki moun ki te deside lajè l'ap genyen?
Ki moun ki te pran mezi l? Eske ou konn sa?
6Sou kisa fondasyon latè chita?
Ki moun ki te poze wòch ki kenbe l la?
7Jou Jòb 1.6; Sòm 19.1-4 maten sa a, tout zetwal yo t'ap chante,
tout sèvitè Bondye yo t'ap bat bravo.
8Ki Jen 1.9; Sòm 33.7; 104.8; Jer 5.22 moun ki fèmen pòtay pou bare lanmè a,
lè li pete sòti nan vant latè a?
9Lè Jòb 22.13 mwen kouvri lanmè a ak nyaj,
lè mwen vlope l nan gwo nyaj nwa yo,
10mwen Jòb 26.10 bay lanmè a bòn li.
Mwen mete pòt avèk kle pou kenbe l nan plas li.
11Mwen Sòm 89.9; 104.9 di l: Men limit ou. Pa depase l.
Se la m'ap kraze fòs lanm ou yo.
12Jòb, Sòm 74.16 eske yon sèl fwa ou janm bay lòd pou maten rive?
Ou janm bay lè pou bajou kase?
13Eske Ney 5.13 ou janm bay douvanjou lòd lè pou l klere sou tout latè,
lè pou l fè mechan yo sòti nan twou yo?
14Lè sa a, tout mòn yo ak tout fon yo parèt aklè,
tankou mak pye bèt nan labou.
Yo pran koulè yo,
ou ta di yon rad latè mete sou li.
15Limyè Jòb 18.5; 24.13-17; Sòm 10.15; Eze 30.21,22; Mat 6.23 solèy la antrave mechan yo nan travay yo.
Yo blije kite mechanste yo te pare pou fè a.
16Eske Sòm 77.19 ou te desann jouk kote sous lanmè a pete a?
Eske ou te mache nan fon lanmè a?
17Eske Sòm 9.13; 107.18; Eza 38.10; Mat 16.18 yo te janm moutre ou pòtay peyi lanmò a?
Eske ou te janm wè pòt ki louvri sou gwo twou san fon an?
18Eske ou gen lide ki lajè latè a genyen?
Reponn mwen non, si ou konnen!
19Eske ou konnen ki bò limyè sòti, ki bò fènwa rete,
20pou Jòb 24.13 ou ka moutre yo jouk ki bò pou yo ale,
osinon pou ou voye yo tounen lakay yo?
21Si Jòb 15.7 ou konn sa, enben, ou te fèt deja lè mwen t'ap kreye yo a.
Ou pa manke gen laj sou tèt ou!
22Eske Sòm 135.7; Rev 16.21 ou janm rive kote yo fè depo lanèj lan?
Ou janm wè depo lagrèl la?
23Ou Joz 10.11; Eza 30.30; Eze 13.11,13; 38.22 konnen depo kote m sere yo pou lè gen move tan,
pou lè batay ak lagè ap fèt?
24Ou konnen ki bò solèy la leve,
ki bò van lès la sòti pou l soufle sou latè?
25Ou Jòb 28.26 konnen ki moun ki fè wout bay lapli tonbe,
ki moun ki fè chemen pou loray la,
26pou lapli tonbe sou dezè a kote moun pa rete,
27pou Jen 1.11; 2 Sam 23.4 wouze tè sèk k'ap fann nan solèy,
pou fè zèb pouse nan savann?
28Eske Sòm 147.8; Jer 14.22 lapli a gen papa?
Ki moun ki fè lawouze?
29Ki Sòm 147.16,17 bò moso glas yo sòti?
Lagrèl ki sòti nan syèl la, ki moun ki manman l?
30Se yo menm ki fè dlo ven di kou wòch,
ki fè tout dlo anwo lanmè a di kou wòch?
31Ou Jòb 9.9; Am 5.8 ka mare zetwal Lapousinyè yo ansanm?
Ou ka lage kòd ki kenbe zetwal Oryon yo ansanm?
32Ou 2 Wa 23.5 ka mennen zetwal yo sòti lè lè yo rive?
Ou ka bay Gwo Kabwèt la ak
Ti Kabwèt la direksyon pou yo pran?
33Ou Jer 31.35 konnen lwa k'ap gouvènen tout bagay nan syèl la?
Eske ou ka sèvi ak lwa sa yo pou gouvènen sa k'ap pase sou latè?
34Eske Jòb 22.11 ou ka bay nyaj yo lòd
pou yo voye gwo lapli sou ou?
35Si ou bay zèklè yo lòd pou yo pati,
eske y'ap reponn ou: Wi, men nou?
36Ki moun ki penmèt krabye konprann lè pou l anonse dlo pral desann fè inondasyon?
Ki moun ki fè gwo zwazo sa a konnen lè lapli pral tonbe?
37Ki moun ki ka konte kantite nyaj ki genyen, san manke yonn?
Ki moun ki ka panche yo pou vide dlo lapli,
38pou pousyè tè a tounen labou,
pou boul tè yo kole ansanm?
39Eske Sòm 104.21 se ou ki jwenn manje pou bay lyon yo manje?
Eske ou bay ti lyon yo manje plen vant yo,
40kote Jòb 37.8 yo kache nan twou yo a,
osinon kote yo kouche ap tann nan nich yo a?
41Ki Sòm 147.9; Mat 6.26; Lik 12.24 moun ki pare manje pou kònèy yo,
lè grangou fè yo sòti nan nich yo,
lè pitit yo ap rele nan pye m pou m ba yo manje?
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.