1Lanmò! Lide lanmò a kont pou mete gwo lapenn
nan kè moun k'ap viv alèz nan mitan tout byen yo,
nan kè moun ki pa gen traka, ki wè zafè yo ap mache byen,
epi ki gen fòs toujou pou yo pran plezi yo nan manje.
2Lanmò! Lè lè lanmò a rive se yon delivrans
pou moun ki nan nesesite, pou moun ki fin pèdi tout fòs yo,
pou vye granmoun maladi ap fin minen, ki chaje ak traka,
ki pa ka wè ankò, epi ki about ak lavi.
3Nou pa bezwen pè lanmò lè lè a sonnen.
Chonje li te sonnen pou sa ki te la anvan ou yo, li gen pou l sonnen pou sa k'ap vin apre ou yo tou.
4Se lalwa Granmèt la mete pou tou sa ki vivan.
Kisa ou ye menm pou w'ap diskite sa Granmèt la vle?
Ou te mèt viv dizan, santan, milan,
pa gen moun nan peyi kote mò yo ye a ki pou fè ou repwòch pou sa.
Sò moun k'ap fè sa ki mal yo5Pitit moun k'ap fè peche yo ap sòti sanzave
k'ap frekante kay moun ki pa renmen Bondye.
6Y'ap pèdi tout byen eritay yo.
Pitit pa yo menm va gen move non.
7Timoun yo va joure papa yo,
paske se papa yo ki lakòz yo wont konsa ak vire yo te vire do bay Bondye a.
8Madichon pou nou, bann moun ki p'ap sèvi Bondye yo,
paske nou vire do bay lalwa Bondye ki anwo nan syèl la!
9Lè n'a fè pitit, se pou nou wè madichon tonbe sou yo.
Se lapenn ase n'a genyen.
Lè nou tonbe, se va gwo kè kontan pou tout moun.
Menm apre nou mouri, y'ap toujou madichonnen nou.
10Tou sa ki sòti nan latè gen pou tounen nan latè.
Se konsa moun ki pa renmen Bondye yo ap sòti anba madichon pou yo fini nèt.
11Moun pran lapenn pou kadav kò yo.
Men, non moun k'ap fè peche yo madichonnen, y'ap disparèt nèt.
12Pwoteje repitasyon ou, se sa k'ap rete pou ou apre ou mouri.
13Yon vi alèz la pou de twa jou.
Men, yon bon repitasyon ap la pou tout tan.
Bon lizaySa pou ou wont fè14Pitit mwen yo, kenbe sa m'ap moutre nou la a, epi viv ak kè poze.
Lè ou kache pou moun pa wè ou gen konprann,
se tankou si ou pa kite moun wè richès ou.
Ni yonn ni lòt p'ap rapòte ou anyen.
15Yon moun k'ap kache pou moun pa wè li fou
pi bon pase moun k'ap kenbe bon konprann li pou li menm.
16Konsa, pitit mwen yo, mwen pral moutre nou kilè pou nou wont tout bon,
paske se pa pou tout bagay yon moun fèt pou wont.
Tout moun pa wè tout bagay menm jan.
17Devan manman ou ak papa ou, se pou ou wont ou te fè lenkondit.
Devan yon chèf osinon yon grannèg, se pou ou wont ou te bay manti.
18Devan yon jij, devan yon majistra, se pou ou wont krim ou te fè a.
Devan pèp la lè li reyini an, se pou ou wont ou te dezobeyi lalwa Bondye.
19Devan yon kanmarad, devan yon zanmi, se pou ou wont ou te fè bagay malonèt.
Devan moun kote ou rete yo, se pou ou wont ou te vòlò.
20Se pou ou wont lè ou pa kenbe pwomès ou te fè.
Se pou ou wont apiye koud bra ou sou tab lè w'ap manje.
21Se pou ou wont fè kripya lè yo mande ou.
Se pou ou wont pa reponn lè yo di ou bonjou.
22Se pou ou wont rete ap gade yon jennès.
Se pou ou wont refize fè sa yon fanmi ou mande ou fè pou li.
23Se pou ou wont pran pou ou sa ki pou yon lòt, osinon sa yo fè l kado.
Se pou ou wont rete ap gade madanm yon lòt moun.
24Se pou ou wont fè pachat ak sèvant yon lòt moun.
Pa pwoche bò kabann li.
25Se pou ou wont di pawòl ki pou fè zanmi ou wont.
Lè ou fin bay kichòy, fòk ou pa nan fè repwòch.
26Se pou ou wont repete osinon rakonte sa moun ap di.
Se pou ou wont mete sekrè moun deyò.
27Lè ou fè bagay sa yo, se lè sa a ou gen pou ou wont tout bon.
Tout moun va gen konsiderasyon pou ou.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.