1Men, koute sa Senyè a di sou nou, nou menm moun pèp Izrayèl yo.
2Li di konsa:
— Piga nou swiv lòt nasyon yo.
Nou pa bezwen pèdi tèt nou lè nou wè siy nan syèl la.
Se moun lòt nasyon yo ki pou pè lè konsa.
3Relijyon li sòti an fèy plat.
Lò a sòti nan peyi Oufaz.
Tou sa se travay bòs atizan ak bòs fòjon.
Yo pran twal vyolèt ak twal wouj
pou fè rad mete sou zidòl yo.
Sa tou, se atizan ki fè yo ak men.
10Men Sòm 42.2 ou menm Senyè, ou se Bondye tout bon an,
Bondye vivan an, Wa ki la pou tout tan an.
Lè ou ankòlè, tout latè pran tranble,
nasyon yo pa ka sipòte.
11Nou Sòm 96.5; Eza 2.18; Zak 13.2 menm, moun pèp Izrayèl yo, n'a di moun lòt nasyon yo konsa: Tout bondye sa yo ki pat fè syèl la ak latè a pral disparèt sou latè, yo yonn p'ap rete anba syèl la.
Lwanj pou Bondye(Jeremi 51.15-19)12Senyè a Jer 51.15-19 te Jen 1.1; Sòm 104.5; Pwo 3.19 fè latè ak fòs pouvwa li.
Li kreye dènye bagay ak bon konprann li.
Avèk entelijans li, li louvri syèl la anwo latè.
13Li Jòb 5.10; 38.34; Sòm 135.7; Jer 14.22 pase lòd, epi dlo ki anwo syèl la pran gwonde.
Li fè gwo nyaj yo moute sòti toupatou.
Li fè zèklè yo klere pou fè lapli vini.
Li fè van yo sòti kote li te sere yo.
14Lè Eza 42.17; Wòm 1.22 konsa tout moun rete egare, yo pa konprann anyen.
Moun k'ap fè zidòl yo wont sa yo fè a,
paske bondye yo fè yo se fo bondye yo ye, yo pa gen lavi nan yo.
15Yo pa vo anyen. Yo bon pou pase nan betiz.
Y'ap disparèt lè Senyè a ap vin regle ak yo.
16Men, Det 32.9; Sòm 16.5; Eza 47.4; Jer 50.34 Bondye Jakòb la pa tankou yo.
Se li menm ki fè tout bagay.
Li chwazi pèp Izrayèl la pou rele l pa l.
Senyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l.
Yo gen pou yo depòte pèp la17Nou Jer 6.1; Eze 12.3 menm moun lavil Jerizalèm, lènmi sènen nou toupatou.
Ranmase pakèt nou!
18Men 1 Sam 25.29 sa Senyè a di nou:
Fwa sa a mwen pral mete nou deyò nan peyi a.
M'ap bare chemen nou pou nou yonn pa chape.
19Moun Jer 14.17 Jerizalèm yo rele:
— Ki malè sa a pou nou! Nou pran!
Pa gen anyen ki ka sove nou!
Nou te kwè se yon malè nou ta ka sipòte.
20Yo Eza 54.2; Jer 4.20; 31.15 ravaje tout tant nou yo.
Yo koupe tout kòd ki te kenbe yo.
Nou pèdi tout pitit nou yo, yo pote yo ale.
Pa gen pèsonn pou mete tant nou yo kanpe ankò,
pèsonn pou moute rido nou yo.
21Mwen Jer 23.1; Eze 34.2,5,6 reponn:
— Chèf nou yo fin pèdi tèt yo.
Yo pa mande Bondye konsèy.
Se poutèt sa yo pat kapab fè anyen.
Yo kite pèp la andebandad.
22Koute Jer 1.13 non! Nouvèl la ap kouri vini!
Gen yon gwo mouvman nan peyi bò nò a.
Lame l yo pral fè lavil peyi Jida yo tounen mazi,
kote bèt nan bwa rete.
23Senyè, Pwo 20.24; Da 5.23 mwen konnen pèsonn pa mèt tèt yo,
pèsonn pa ka kontwole kote yo prale.
24Korije Sòm 6.1; Jer 30.11 pèp ou a, Senyè. Men, pa peze l twòp!
Pa fè kòlè sou li, paske w'a fini avè l.
25Mete Sòm 79.6,7; Jer 8.16 ou ankòlè sou nasyon ki pa konnen ou yo,
sou pèp ki p'ap sèvi ou yo.
Paske se yo menm k'ap fin touye pitit Jakòb yo.
Y'ap touye yo nèt. Yo fin ravaje peyi kote nou rete a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.