1Nikanò vin konnen se nan zòn Samari Jida ak moun pa l yo te ye. Se konsa, li pran desizyon li pral atake yo yon jou repo, paske lè sa a p'ap gen danje pou li.
2Te gen kèk jwif li te fòse ale ansanm ak lame li a. Yo di l konsa:
— Tanpri, pa al fè gwo masak sovay ak san pitye sa a. Respekte jou Bondye ki wè tout bagay la te chwazi pou mete apa pou li a.
3Men, Nikanò, nonm twa fwa kriminèl lan, reponn yo:
— Anny! Gen yon gwo chèf nan syèl la ki te bay lòd pou yo te fete jou repo a?
4Lè sa a, jwif yo di l konsa:
— Se Granmèt la menm, li menm ki vivan an, sèl chèf nan syèl la ki bay lòd pou yo fete sètyèm jou a.
5Nikanò reponn yo ankò:
— Bon. Mwen menm se mwen ki sèl chèf isit la sou latè. Mwen bay lòd pou tout moun pran zam yo nan men yo, lèfini pou n'al fè sèvis wa a.
Tansèlman, li pa rive fè sa li te vle fè nan mechanste li a.
Jida mete jwif yo kanpe6Lè sa a, nan awogans li ak nan pretansyon li, Nikanò deside apre la fin genyen batay la sou Jida, l'ap ranmase tou sa Jida te genyen pou l fè bati yon bèl moniman pou make levènman an.
7Men, Jida bò pa l te gen konfyans nèt ale, li te sèten li t'ap jwenn lasistans nan men Granmèt la.
8Li mande moun pa l yo pou yo pa pè moun lòt nasyon yo k'ap vin fè atak sou yo a. Se pou yo toujou chonje jan Bondye nan syèl la te vin ede yo nan tan lontan, lèfini se pou yo konte sou Bondye ki gen tout pouvwa a epi k'ap fè yo genyen batay la fwa sa a.
9Li pran pawòl nan liv Lalwa a ak nan liv Pwofèt yo pou ankouraje yo. Li fè yo chonje tout batay yo te deja genyen. Se konsa li chofe yo byen chofe.
10Lè li fin remoute kouray yo, li ba yo lòd sa pou yo fè, anmenmtan li fè yo chonje jan moun lòt nasyon yo pa janm kenbe pawòl yo, yo pa janm respekte kontra yo siyen.
11Ak kalite ankourajman li te ba yo ak tout bèt pawòl sa yo, li te mete nan men yo chak yon zam ki te pi bon pase konfyans yo ta ka genyen nan plak pwotèj yo ak nan frenn yo. Apre sa, li rakonte yo yon rèv li te fè, yon vizyon ki bon pou yo ta kwè. Sa te fè yo plezi anpil.
12Men sa li te wè nan vizyon an: Defen Oniyas, ansyen granprèt la, parèt devan l. Oniyas sa a se te yon bonjan gason, yon nonm debyen, san pretansyon epi ki te kè poze. Li te konn pale byen. Depi l te toupiti li t'ap mache dwat. Enben, Jida wè Oniyas kanpe ak de bra l yo louvri, li t'ap lapriyè pou tout ras pèp jwif yo.
13Apre sa, Jida wè nan vizyon an yon nonm ki te granmoun anpil, men ki te gen anpil prestij. Li te kanpe tankou yon wa ki te gen anpil pouvwa ak otorite.
14Oniyas di l konsa: Men Jeremi, pwofèt Bondye a. Li renmen jwif parèy li yo. Se tout tan l'ap lapriyè pou yo, pou lavil Jerizalèm, lavil ki apa pou Bondye a.
15Lè sa a, li wè Jeremi lonje bra dwat li, li bay Jida yon nepe an lò, epi li di antan l'ap ba li l la:
16— Sa se nepe ki apa pou sèvis Bondye a. Se Bondye ki fè ou kado li. Sèvi ak li pou kraze lènmi ou yo.
17Bèl diskou Jida yo te chofe tout moun, yo tout te ankouraje pou yo te goumen tankou brav sòlda. Ata jenn tigason yo te sòti pou yo goumen tankou gwo gason. Ankouraje ak tout pawòl sa yo, jwif yo pran desizyon pou yo pa rete nan kan an ap tann, men se yo menm ki pou leve al atake lènmi yo, paske se lavil yo, se relijyon yo ak tanp yo a ki an danje.
18Nan batay sa a yo pa te pè ni pou madanm yo, ni pou pitit yo, ni pou frè yo, ak tout lòt fanmi yo. Men, se pou tanp ki apa pou Bondye a yo te pi pè anvan tout bagay.
19Moun yo te kite lavil Jerizalèm yo te gen anpil kè sere tou paske yo te pè pou sa ki ta ka rive nan batay ki ta pral fèt nan plenn yo.
Jida bat Nikanò, Nikanò mouri20Tout moun t'ap tann konsa pou wè kijan batay la ta pral fini. Lènmi yo te gentan bay siyal atak la. Yo t'ap mache chak moun nan pozisyon yo pou batay la, ak kavalye yo sou chak bò lame a. Yo te mete elefan yo nan yon bon pozisyon tou.
21Lè Jida Makabe wè tout gwo lame sa a ki t'ap mache sou yo ak kantite zam tout kalite ansanm ak elefan move sa yo, li leve de bra l nan syèl la, li lapriyè Granmèt la ki konn fè mirak, paske li te konnen Bondye p'ap gade sou fòs lame yo, l'ap fè moun li wè ki merite l la genyen batay la.
22Li di konsa:
— Granmèt, lè Ezekyas te wa nan peyi Jida, ou te voye yon zany ou ki te touye sankatrevensenkmil (185.000) sòlda nan lame wa Senakerib la.
23Kounyeya ankò, Granmèt ou menm k'ap gouvènen nan syèl la, voye yon bon zany pran devan nou pou fè lènmi nou yo pè, pou yo pèdi tèt yo.
24Ak fòs ponyèt ou, frape moun sa yo ki gen pawòl derespektan pou ou nan bouch yo antan y'ap vin atake pèp ou chwazi pou rele ou pa ou la.
Rive la, li fini lapriyè li a.
25Nikanò ak lame li a t'ap mache ven sou yo, yo t'ap kònen twonpèt, yo t'ap chante chante lagè.
26Men, Jida ak moun pa l yo antre nan batay la ak lapriyè nan bouch yo pou rele Bondye vin ede yo.
27Konsa, antan y'ap goumen ak zam nan men yo, yo t'ap lapriyè Bondye nan kè yo. Yo touye trannsenkmil (35.000) moun pou pi piti. Yo pa te manke kontan pou lasistans Bondye te ba yo a.
28Lè batay la fini, antan y'ap tounen lakay yo ak kè kontan, yo wè Nikanò kouche rèd atè a ak tout rad lagè li sou li.
29Lè sa a, yo pran rele byen fò, yo t'ap fè lwanj Granmèt la nan lang manman yo.
30Jida Makabe ki te toujou goumen ak tout kò li, ak tout nanm li pou defann kòz frè jwif parèy li yo, li menm ki pa te janm sispann renmen peyi l depi lè l te jenn lan, bay lòd pou yo konpe tèt a Nikanò, ansanm ak ponyèt dwat li ra palèt pou pote yo lavil Jerizalèm.
31Rive yo rive lavil la, li rele tout pèp la, li fè yo pran pozisyon yo devan lotèl la, lèfini li fè chache moun ki te nan sitadèl la.
32Li moutre yo tèt Nikanò, mechan an, ansanm ak men moun ki t'ap pale Bondye mal la, menm men li te lonje nan awogans li sou Tanp yo mete apa pou sèvis Bondye ki gen tout pouvwa a.
33Li koupe lang Nikanò, nonm ki pa respekte Bondye a, li bay lòd pou yo koupe l an ti mòso tou piti bay zwazo manje. Apre sa, li bay lòd pou yo pandye tèt li anfas ak Tanp lan pou tout moun wè kalite malè, nan foli li, li te rale sou li.
34Tout moun leve je yo anlè gade syèl la, yo t'ap chante fè lwanj pou Granmèt la ki te fè wè pouvwa li a, Yo t'ap di:
— Lwanj pou Bondye ki pwoteje tanp ki apa pou li a pou yo pa te derespekte l!
35Jida pandye tèt Nikanò sou miray sitadèl la pou tout moun ka wè jan Granmèt la te vin pote yo sekou.
36Apre sa, tout moun tonbe dakò pou yo pase yon lòd pou yo pa janm bliye jou sa a, men chak lanne se pou yo fete trèzyèm jou nan douzyèm mwa moun yo rele mwa Ada nan lang Arameyen an, lavèy jou Madoche a.
Dènye koze37Se konsa sa te pase pou Nikanò. Depi lè sa a, lavil Jerizalèm rete nan men ebre yo. Rive la nan istwa a, m'ap rete tou.
38Si istwa a byen chita, si li byen ekri, se sa menm mwen te vle fè. Men, si istwa a manke, si li pa enteresan, n'a konnen mwen fè sa m te kapab.
39Si sa pa bon pou lasante pou moun bwè dlo ase osinon diven ase, nou konnen lè ou dekoupe diven an ak yon ti dlo sa ba ou yon konpoze ki gou nan bouch. Konsa tou, lè w'ap ekri yon liv, se divès jan ou ranje istwa a ki fè tout plezi moun k'ap li liv la. Avèk koze sa a mwen rete sou sa m fè a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.