Matye 11 - 1998 Haitian Creole

Jan Batis voye kote Jezi(Lik 7.18-35)

1Lè Jezi fin bay douz disip li yo tout lòd Se moun ki konn goumen k'ap antre ladan l.

13Anvan Jan Batis te rive, tout pwofèt yo ansanm ak lalwa Moyiz la te pale sou Peyi Bondye a.

14Si Mal 4.5; Mat 17.10-13 nou vle kwè l: Jan Batis se Eli ki te gen pou vini an.

15Si nou gen zòrèy pou n tande, tande.

16— Ak ki moun mwen ta konpare moun k'ap viv nan tan alèkile yo? Yo sanble timoun ki chita sou plas piblik, yonn ap rele lòt pou di l konsa:

17Nou Pwo 29.9 jwe mizik cho pou nou, nou pa danse. Nou chante chante tris, nou pa kriye.

18— Jan Mat 3.4 Batis vini. Li pa manje ak moun, li pa bwè ak moun. Yo di li gen move lespri sou li.

19Mwen Mat 9.14,15 menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen vini, mwen manje, mwen bwè, yo di: Gade yon nonm! Se manje ak bwè ase li konnen! Se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal li ye! Men tou, lè nou wè rezilta sa Bondye fè, nou rekonèt se li menm nan bon konprann li ki gen rezon.

Lavil ki pat vle kwè nan Jezi yo(Lik 10.13-15)

20Lè Lik 10.12-15 sa a, Jezi pran fè moun lavil kote l te fè pifò mirak li yo repwòch, paske yo pat tounen vin jwenn Bondye. Li di yo:

21— Malè Jo 3.6 pou nou, moun lavil Korazen! Malè pou nou moun lavil Betsayda! Paske, si mirak ki fèt nan mitan nou yo, se nan mitan lavil Tir ak lavil Sidon yo te fèt, gen lontan moun sa yo ta mete rad sak sou yo. Yo ta kouvri kò yo ak sann dife pou fè wè yo vle tounen vin jwenn Bondye.

22Se poutèt sa m'ap di nou: Jou jijman an, y'a pini nou pi rèd pase moun lavil Tir ak moun lavil Sidon yo.

23Nou Mat 4.13; 8.5; 9.1; Eza 14.13,15 menm tou, moun lavil Kapènawòm: nou ta vle yo leve nou anlè jouk nan syèl la? Enben, y'a desann nou jouk anba kote mò yo ye a. Paske, si mirak ki fèt nan mitan nou yo, se nan mitan lavil Sodòm yo te fèt, li ta la jouk jounen jòdi a.

24Se Mat 10.15 poutèt sa m'ap di nou: Jou jijman an, y'a pini nou pi rèd pase moun lavil Sodòm yo.

Vin jwenn mwen, m'a soulaje nou(Lik 10.21-22)

25Lè Lik 10.21,22 sa a, 1 Kor 1.26-29 Jezi di:

— O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo.

26Wi, Papa mwen, sa pase konsa paske se konsa ou te vle li.

27— Papa m Mat 28.18; Jan 3.35; 17.2; Fil 2.9 renmèt mwen tout bagay. Pèsonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esèpte Papa a. Konsa tou, pèsonn pa konn kilès moun Papa a ye, esèpte Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li.

28— Vini Mat 12.20; Jer 31.25 jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou.

29Pran Jer 6.16 jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze.

30Paske, 1 Jan 5.3 jouk m'ap ban nou an fasil pou pote, chay m'ap ban nou an pa lou.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help