Nonb 6 - 1998 Haitian Creole

Regleman pou nazirit yo

1Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:

2— Pale yo, pou li konsakre tèt li nèt pou Senyè a,

3se Jij 13.4; Am 2.12; Lik 1.15 pou l rete san li pa bwè diven ni okenn bweson ki gen alkòl ladan l. Ni li p'ap bwè vinèg ki fèt ak diven ni okenn lòt bweson fèmante, ni li p'ap bwè ji rezen. Ata rezen fre osinon rezen chèch li p'ap ka manje.

4Pandan tout tan l'ap viv apa pou Bondye tankou yon nazirit lan, li pa gendwa manje anyen ki sòti nan pye rezen, pa menm grenn rezen an ak po a.

5Pandan Jij 16.17; 1 Sam 1.11 tout tan li fè ve pou li viv konsakre pou Bondye tankou yon nazireyen an, se pou li pa janm fè cheve li nan tèt li, ni li pa gendwa fè bab li. Se pou li kenbe ve a tout tan li apa nèt pou Bondye a.

6Pandan Nonb 19.11,16 toutan l'ap viv konsakre pou Bondye a, piga li janm pwoche bò yon kadav,

7menm Lev 21.1,2,11 kadav papa li osinon manman li, frè oswa sè li. Li pa fèt pou li pwoche bò kadav pou li pa mete tèt li nan kondisyon pou li pa ka sèvi Bondye paske cheve nan tèt li se siy li konsakre nèt pou Bondye.

8Pandan tout tan l'ap viv apa pou Bondye a, se pou l rete apa nèt pou Bondye.

9Si Tra 21.24,27 yon moun rete konsa, li tonbe li mouri devan yon nazirit, devan yon moun ki t'ap viv apa nèt pou Senyè a san koupe cheve nan tèt li, nazirit lan ap twouve l nan kondisyon pou l pa ka sèvi Bondye ankò. Se pou l tann sèt jou anvan l'a nan kondisyon pou l ka fè sèvis Bondye ankò. Jou sa a, l'a koupe tout cheve nan tèt li.

10Sou Lev 5.7 uityèm jou a, l'a pran de toutrèl osinon de pijon, l'a pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a.

11Prèt la va ofri yo bay Senyè a, yonn pou repare sa li te fè ki mal la, lòt la pou yo boule sou lotèl la. Se konsa l'a ofri bèt pou yo touye pou peche moun lan fè a akòz kontak li te gen avèk kadav moun mouri a.

12Nonm Lev 5.6 lan va refè ve li te fè pou li viv apa nèt pou Bondye a. Tout sa li fè anvan an pa konte paske ve a gate. Epi l'a pote yon ti mouton ki poko gen ennan pou yo ofri pou repare sa li te fè ki mal la.

13Men Tra 21.26 sèvis yon nazireyen va fè lè tan ve li bout. Y'a mennen li devan pòt Tant Randevou a.

14L'a Lev 3.6; 4.32 ofri twa bèt ki san okenn enfimite bay Senyè a: yon ti belye mouton ki poko gen ennan, yon ti fenmèl mouton ki poko gen ennan ak yon gwo belye mouton. Ti belye mouton an va sèvi ofrann pou boule nèt pou Senyè a, ti fenmèl mouton va sèvi ofrann pou wete peche, ak gwo belye mouton an va sèvi ofrann pou di Bondye mèsi.

15L'a Egz 29.2,40; Lev 2.4; Nonb 15.5,7 ofri tou yon panyen pen san ledven: pen gwo mit fèt avèk farin frans melanje ak lwil oliv ak ti pen plat ak lwil pase sou yo, ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann diven ki mache ak yo.

16Prèt la va ofri yo pou li devan lotèl Senyè a. L'a fè sèvis pou repare sa moun lan te fè ki mal la, epi l'a boule ofrann li a nan dife.

17L'a touye belye mouton an, la ofri l pou di Bondye mèsi ansanm ak panyen pen san ledven an. Lèfini, l'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann diven ki mache ak yo a.

18Lè Tra 21.24 sa a, nazireyen an va koupe tout cheve nan tèt li devan pòt Tant Randevou a, l'a pran cheve yo, l'a mete yo nan dife kote ofrann pou di Bondye mèsi a ap boule.

19Apre Egz 29.23,24; Lev 8.31 nazirit lan fin fè sa, prèt la va pran jigo mouton yo te kwit la, yon pen gwo mit ak yon ti pen plat nan panyen an, l'a mete tou sa nan pla men nazirit lan.

20Lèfini, Egz 29.27,28 prèt la va balanse yo tankou yon ofrann devan Senyè a: pòsyon sa yo va yon bagay yo mete apa pou Bondye, y'a rete pou prèt la anplis vyann pwatrin lan ak jigo ki te pou li deja a. Apre sa, nazirit lan gendwa bwè diven.

21Se tout regleman yo sa pou moun ki fè ve nazirit yo swiv. Y'a fè ofrann yo bay Senyè a dapre ve yo te fè pou yo viv apa nèt pou Senyè a. Men, si yon moun pwomèt pou li ofri lòt bagay anplis sa yo mande l la a, se pou l fè tou sa li te pwomèt pou l fè a.

Pawòl benediksyon

22Senyè a di Moyiz konsa:

23— Pale Lev 9.22; Det 21.5; 1 Kwo 23.13 ak Arawon ansanm ak pitit gason l yo. W'a di yo men sa pou nou di lè n'ap beni pèp Izrayèl la:

24Se Sòm 121.7; 134.3 pou Senyè a beni nou, se pou l pran swen nou.

25Se Jen 43.29; Sòm 31.16; 67.1; 80.3; Da 9.17 pou Senyè a fè nou santi li la avèk nou, se pou l gen pitye pou nou.

26Se Sòm 4.6; 2 Tes 3.16 pou Senyè a fè nou wè jan li renmen nou, se pou l ban nou kè poze.

27Se Det 28.10; 2 Kwo 7.14; Da 9.19 konsa y'a nonmen non m, y'a lapriyè nan pye m pou pèp Izrayèl la, epi m'a beni yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help