1(2) Senyè, delivre m anba mechan yo non!
Pwoteje m anba ansasen yo non,
2(3) anba Sòm 52.2; 58.4; Wòm 3.13 moun k'ap kalkile move lide nan tèt yo, ki tout tan ap pouse dife.
3(4) Lang Sòm 71.4 yo se razwa.
Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik.
4(5) Senyè, Jòb 18.8-10; Jer 18.22 pa kite m tonbe anba men mechan yo,
pwoteje m anba ansasen yo
k'ap chache jan pou yo fè m tonbe.
5(6) Awogan Sòm 28.2 yo pare yon pèlen pou mwen,
yo tann pèlen kòd pou mwen,
yo mete moun veye m sou tout chemen mwen.
6(7) Mwen Sòm 28.8 di Senyè a: — Se ou ki Bondye mwen.
Koute m non, Senyè, lè m'ap rele nan pye ou.
7(8) Senyè, Jòb 5.12,13; Sòm 35.25 Bondye mwen, ou se fòs ki pou sove m lan.
W'ap pwoteje m lè batay la mare.
8(9) Senyè, Sòm 7.16 pa kite mechan yo fè sa yo gen lide fè a!
Pa kite sa yo vle fè a rive!
9(10) Pa Sòm 11.6 kite moun ki pa vle wè m yo donminen sou mwen.
Se pou mechanste ki nan bouch yo a tonbe sou yo!
10(11) Se pou Bondye grennen chabon dife sou yo tankou lapli.
Se pou l fè yo tonbe nan gwo twou byen fon kote yo p'ap janm ka leve sòti.
11(12) Se 1 Wa 8.59; Sòm 9.4 pou moun k'ap pale moun mal yo pèdi pye nan peyi a.
Se pou malè tonbe sou ansasen yo pou l touye yo.
12(13) Mwen Sòm 11.7; 64.10 konnen Senyè a va fè pòv yo jistis.
L'a defann kòz moun ki san sekou yo.
13(14) Wi, moun k'ap mache dwat yo va fè lwanj li.
Moun ki obeyi l yo va toujou viv devan l.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.