1Respekte dòktè jan yo merite sa pou tout sèvis yo rann yo.
Paske se Granmèt la ki ba yo travay sa a pou yo fè.
2Wi, se Bondye ki anwo nan syèl la ki ba yo ladrès pou yo geri moun,
tankou yon kado yon rwa fè yon moun.
3Konesans dòktè yo genyen an fè yo mache tèt wo.
Tout grannèg wete chapo devan yo.
4Granmèt la fè renmèd ki sòti nan latè.
Moun ki gen konprann pa meprize yo.
5Se pa te yon mòso bwa ki te fè yon dlo anmè vin dous?
Se konsa nou te wè pouvwa Bondye a parèt aklè.
6Se Granmèt la ki bay moun konesans
pou moun ka fè lwanj li pou bèl bagay li fè yo.
7Li sèvi ak renmèd sa yo pou geri moun, pou soulaje yo.
Se fanmasyen ki konpoze yo.
8Konsa konsa, travay Granmèt la pa gen bout.
Li bay tout moun sou latè lasante.
9Pitit mwen, lè ou malad, pa dòmi sou sa.
Men, lapriyè Granmèt la, l'a geri ou.
10Pran desizyon pou ou pa fè sa ki mal ankò.
Kenbe men ou pwòp, wete tout lide peche nan tèt ou.
11Ofri lansan ak pi bon farin bay Bondye.
Fè pi gwo ofrann ou kapab, mezi mwayen ou.
12Apre sa, al wè dòktè, paske se Granmèt la ki kreye l tou.
Pa voye l jete, paske ou bezwen li.
13Gen de lè se nan men yo pou ou jwenn gerizon.
14Yo menm pou tèt pa yo, y'a lapriyè Granmèt la,
pou Granmèt la ka ba yo favè jwenn renmèd pou soulaje ou, ak gerizon pou sove lavi ou.
15Lè yon moun fè peche nan je Bondye ki kreye l la,
li merite pou maladi tonbe sou li.
Dèy16Pitit mwen, kriye kriye ou lè ou gen moun mouri.
Plenn kont ou pou fè wè jan sa fè ou lapenn pou moun ou pèdi a.
Apre sa, antere kadav la jan ou dwe fè l la.
Pa neglije okipe tonm lan.
17Kriye kont kriye ou. Rele pou fè konnen lapenn ou.
Plenn sò mò a jan li merite l la,
pandan yon jou, pandan de jou menm, pou pa bay moun chans pale sou ou.
Apre sa, konsole ou, pran kouray!
18Paske, chagren ka touye ou,
lapenn nan kè yon moun ka minen tout fòs li.
20Pa kite chagren fini avè ou.
Voye chagren an jete. Chonje nou tout gen pou mouri.
21Pa bliye pa gen anyen ou ka fè pou fè moun mouri a tounen.
Tout lapenn w'ap bay tèt ou a p'ap sèvi mò a anyen.
Se tèt ou ase w'ap fè mal.
22Pa bliye sa ki rive l la gen pou rive ou tou.
Ayè se te tou pa l. Denmen, se va tou pa ou.
23Depi yon moun mouri al poze kadav kò l,
ou menm, sispann fè lide ou travay sou li.
Ale l'ale, ou menm pran kouray.
Nèg save ak metye24Yon dòktè lalwa fèt pou gentan lib pou l etidye, pou l ka rive gen bon konprann.
Fòk yon moun pa gen twòp okipasyon pou l ka rive gen anpil konesans.
25Kouman ou ta vle pou moun k'ap pouse chari nan jaden ka vin yon nèg save?
Tout anbisyon l se pou l kenbe baton pou l djige bèf yo nan men l.
Se bèf l'ap mennen. L'ap pase tout lavi li ap fè yo travay.
Sèl koze ki nan bouch li se koze sou bèf.
26Tout lide l sou bit l'ap fè yo pou yo ka sòti dwat.
L'ap pase nwit ap bay bèt li yo manje.
27Se menm bagay la tou pou tout ouvriye ak tout atizan
k'ap travay lajounen kou lannwit nan metye fè so pou make non moun,
epi ki toujou ap chache lòt kalite desen pou mete nan so yo.
Sèl bagay k'ap travay tèt yo se pou yo swiv modèl la.
Y'ap rete lannuit byen ta pou yo fini travay yo.
28Se menm bagay la tou pou bòs fòjon an ki chita bò anklim lan.
L'ap gade sa li pral fè ak bout fè a.
Chalè dife a ap boule po li.
L'ap demele l travay lontan nan chalè fòj la.
Bri mato a ap fann zòrèy li san rete.
Je l kole sou modèl l'ap swiv la.
Sèl bagay k'ap travay tèt li se pou l fè travay li byen.
L'ap rete byen ta lannuit ap retouche travay la jouk li sòti byen.
29Se menm bagay la tou pou bòs atizan ki chita ap fè krich.
Avèk pye l l'ap fè tou a vire.
Travay la pran tout tan li.
L'ap konte kenbe pyès li fin fè.
30Avèk men li, l'ap bat labou a pou ba li fòm.
Avèk pye l, l'ap vire l pou l pran fòm lan byen.
Li mete tout nanm li pou vèni an sòti byen.
Li rete byen ta lannuit ap netwaye fou a.
31Tout moun sa yo konn sèvi ak men yo.
Yo chak gen ladrès nan metye pa yo.
32Si se pa yo, pa t'ap gen lavil k'ap bati
kote pou moun rete, kote pou moun mache vizite.
33Men, lè pèp la reyini pou pran konsèy,
yo p'ap janm mande yo bay lide pa yo.
Lè pèp la reyini, yo p'ap janm ba yo plas grannèg.
Yo p'ap janm mete yo jij:
yo pa konprann anyen nan zafè lalwa.
34Yo pa parèt tankou moun ki gen anpil konesans ak bon konprann.
Yo pa nan sosyete moun k'ap bay bèl pawoli.
Men, se yo ki kenbe kreyasyon Bondye a pou fè l mache.
Lè y'ap lapriyè, se pou bagay ki gen rapò ak metye yo yap lapriyè.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.