2 Kwonik 5 - 1998 Haitian Creole

1Lè wa Salomon te fin fè travay bati Tanp tèlman yo te long. Men, ou pa ka wè yo lòt kote ankò. Jouk kounyeya poto yo la toujou.

10Nan Det 10.2,5; 2 Kwo 6.11 Bwat Kontra a pat gen pase de moso wòch plat Moyiz te mete ladan l yo depi sou mòn Orèb la. Se sou mòn sa a Senyè a te pase kontra a ak moun pèp Izrayèl yo lè yo t'ap sòti kite peyi Lejip la.

Pouvwa Senyè a

11Prèt 1 Wa 8.10; 1 Kwo 24.1 yo sòti nan pyès ki apa nèt pou Senyè a. Tout prèt ki te la yo te mete yo nan kondisyon pou yo fè sèvis pou Bondye, san yo pa tann tou pa yo pou yo pran sèvis.

12Tout 1 Kwo 15.16,24; 25.1-4; 2 Kwo 7.6; Sòm 150.3-5 moun Levi ki te sanba yo, depi Asaf, Eyman ak Jedoutoun jouk tout pitit yo ak lòt fanmi yo, te kanpe sou bò soley leve lotèl la ak rad blan sou yo. Yo te gen senbal, bandjo, gita. Lèfini, te gen sanven (120) prèt bò kote yo ki t'ap kònen twonpèt.

13Lè 1 Wa 8.10; 1 Kwo 16.34,42 tout moun sa yo mete ansanm pou yo pran kònen twonpèt, pou yo chante fè lwanj Bondye, pou di li mèsi, nan mitan bèl mizik yo t'ap jwe nan twonpèt ak senbal ak lòt enstriman mizik yo, ou tande vwa moun yo ki t'ap chante:

Lwanj pou Senyè a, paske li bon!

Li p'ap janm sispann renmen nou!

Lè sa a, nyaj la plen Tanp Senyè a nèt.

14Poutèt Egz 40.35; 1 Wa 8.11; 2 Kwo 7.2; Eze 10.3,4; Rev 15.8 nyaj la, prèt yo pat ka rete fè sevis yo, paske limyè prezans Senyè a te plen Tanp lan nèt.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help