1Wi, tout moun ki pa konn Bondye ki fè yo moun lan, yo pa vo anyen.
Atout yo te louvri je yo gade tou sa yo ka wè, yo pa te kapab rekonèt moun ki toujou la a.
Atout yo te etidye tout travay li fè yo, yo pa te rekonèt bòs atizan li ye a.
2Men, yo pran dife, van, souf lè a,
zetwal k'ap fè wonn nan syèl la, dlo k'ap fè gwo bri yo,
gwo limyè ki nan syèl yo, yo pran tout bagay sa yo pou Bondye,
pou fòs k'ap gouvènen lavi lèzòm sou latè.
3Tan pou yo ta kite bèlte bagay sa yo pran nanm yo jouk pou yo pran yo pou Bondye,
pito yo te rekonèt Mèt bagay sa yo pi bon pase bagay sa yo menm,
paske se li menm ki bay bèlte, se li menm ki fè yo.
4Pase pou yo rete egare devan pouvwa bagay sa yo genyen ak travay y'ap fè,
se pou yo te rive konprann pito jan moun ki fè yo ak men li an gen plis pouvwa pase yo.
5Paske, lè nou rekonèt pouvwa ak bèlte kreyati yo,
sa ta dwe fè nou rete baba devan kreyatè a.
6Tansèlman, nou pa fèt pou nou twò sevè ak moun sa yo.
Ou pa janm konnen, si yo pèdi chemen yo konsa
se ka paske yo t'ap chache Bondye, paske yo te sòti pou jwenn li.
7Y'ap viv nan mitan travay Bondye yo,
y'ap egzaminen yo.
Yo sitèlman wè yo bèl,
yo kite laparans pran nanm yo.
8Men tout jan, moun sa yo pa gen eskiz,
9paske si yo te rive gen kont lespri ak kont konesans pou yo te ka esplike jan tout bagay ap travay,
kijan yo fè pa janm rive dekouvri Granmèt la pito?
Sèvis zidòl p'ap bay anyen10Men, ala yon gwo mizè pou moun sa yo ki mete tout espwa yo nan bagay ki pa gen lavi!
Y'ap rele bagay yo menm yo fè ak men yo bondye!
Yo pran lò, ajan, yo travay yo ak ladrès,
yo fè pòtre bèt ak yo.
Yo pran gwo wòch moun tan lontan te travay paske wòch sa yo pa te ka sèvi anyen an,
yo fè yo pase pou Bondye.
11Pran yon nèg, travay li se koupe pyebwa.
Li koupe yon pyebwa ki fasil pou pote.
Li grate l, li wete tout kòs li sou li,
li travay li ak anpil ladrès,
li fè yon bagay ki ka sèvi l nan lavi li.
12Li pran rès bwa ki rete a,
li fè dife avè l pou kwit manje pou l manje plen vant li.
13Li pran dènye bout ki rete nan bwa a,
yon bout ki pa ka sèvi pou fè anyen,
yon bout bwa tou tòde epi ki plen ne ladan l.
Lè li pa gen anyen pou l fè, li travay bout bwa sa a pou l pa pèdi tan li.
Pou l anmize tèt li, li ba li yon fòm
ki ta vle sanble ak fòm yon moun.
14Osinon li fè l sanble ak yon vye bèt lèd.
Li pase mastik sou li.
Lèfini, li pentire l byen pentire tou wouj,
konsa li kouvri tout ti defo li te genyen.
15Apre sa, li fè yon ti kay mezi pou li,
li mete l yon kote sou miray kay li,
lèfini, li kloure l byen kloure ak klou fè.
16Konsa, nonm lan pran tout prekosyon pou estati a pa tonbe,
paske li konnen byen pwòp estati a pa ka ede tèt li.
Se yon pòtre li ye. Se moun ki pou fè tout bagay pou li.
17Atousa, si li bezwen lapriyè pou byen li yo,
pou maryaj li osinon pou pitit li yo,
li pa wont al pale nan pye bagay sa a ki san lavi.
Si li bezwen lasante, se nan pye sa ki tou fèb la l'al lapriyè.
18Si li bezwen lavi, se nan pye sa ki deja mouri a l'al lapriyè.
Si li bezwen yon konkou, se nan pye sa ki pa konn anyen nan lavi a lal lapriyè.
Si li bezwen fè yon bon vwayaj, se nan pye sa ki pa ka menm sèvi ak pye l yo l'al lapriyè.
19Si li bezwen fè yon ti lajan pou l viv,
si li vle wè biznis li mache byen,
si li ta renmen wè travay l'ap fè ak men li yo rapòte l,
se sa ki pa gen fòs nan ponyèt li pou senk kòb la l'al mande ba li yon koutmen.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.