1Nan kòmansman, Pawòl la Se lavi sa a ki te bay tout moun limyè.
5Limyè a li menm ki nan sekrè Papa a, se li menm ki devwale nou ki moun Bondye ye.
Jan Batis ap preche(Matye 3.1-12; Mak 1.1-8; Lik 3.1-18)19Men Lik 3.15,16 sa Jan Batis te di lè jwif ki lavil Jerizalèm yo te voye kèk prèt ak kèk moun Levi vin mande l ki moun li ye.
20Jan Tra 13.25 pat refize reponn yo, li di yo kareman devan tout moun:
— Se pa mwen ki Kris la.
21Yo Mat 17.10; Det 18.15; Jan 6.14; 7.40 mande li:
— Ki moun ou ye atò? Ou se Eli?
Jan reponn yo:
— Non, mwen pa Eli.
Yo di li:
— Ou se pwofèt la?
Li reponn yo:
— Non.
22Lè sa a yo di li:
— Ki moun ou ye menm? Paske, nou gen pou n pote yon repons bay moun ki voye nou yo. Ki moun ou di ou ye?
23Jan Eza 40.3; Mat 3.3; Mak 1.3; Lik 3.4 reponn:
— Mwen se vwa nonm k'ap rele nan dezè a: Plani chemen an byen plani pou Mèt la! (Se sa pwofèt Ezayi te di.)
24Gen nan moun yo te voye bò kote Jan yo ki te sòti lakay farizyen yo.
25Yo Mat 21.25 mande li:
— Si ou pa ni Kris la, ni Eli, ni pwofèt la, di nou poukisa w'ap batize moun?
26Jan Mat 3.11; Mak 1.7,8 reponn yo:
— Mwen menm, mwen batize nou nan dlo. Men, nan mitan nou la a, gen yon moun nou pa konnen.
27L'ap Jan 3.26; Tra 13.25 vin apre m, men mwen pa bon ase pou m ta demare kòd sapat li.
28Tout Mat 3.6,13 bagay sa yo t'ap pase Betani, lòt bò larivyè Jouden, kote Janbatis t'ap batize moun.
Jezi se ti mouton Bondye a29Nan Jan 1.36; Eza 53.7 denmen, Jan wè Jezi ki t'ap vin jwenn li, li di:
— Men ti mouton Bondye a k'ap wete peche moun sou tout latè.
30Men Jan 1.15,27 moun mwen t'ap pale nou an, lè m te di nou gen yon nonm k'ap vin apre m men ki gen plis pouvwa pase m, paske li te la anvan mwen.
31Mwen menm, mwen pa te konnen li. Men pou moun Izrayèl yo ka konnen li, se poutèt sa mwen vin fè batèm nan dlo.
32Jan Mat 3.16; Mak 1.10; Lik 3.22 di yo:
— Mwen wè Lespri soti nan syèl la sou fòm yon pijon desann sou li.
33Lè Lik 3.2; Mat 3.16 sa a, mwen pa t'ankò konnen ki moun li ye. Men Bondye ki voye m' batize moun nan dlo a te di m': - Moun w'a wè Lespri desann vin rete sou li a, se li menm ki va batize moun nan Sentespri.
34Jan Mat 3.17 di yo ankò:
— Mwen wè sa ak je m, se sa ki fè mwen di nou se li ki Pitit Bondye a vre.
Premye disip Jezi yo35Nan denmen, Jan te menm kote a ankò ak de nan patizan li yo.
36Li Jan 1.29; Eza 53.7 wè Jezi ki t'ap pase, li di:
— Men ti mouton Bondye a.
37De patizan yo tande sa Jan t'ap di a, yo pran swiv Jezi.
38Jezi vire tèt li gade, li wè yo t'ap swiv li. Li mande yo:
— Sa n'ap chache?
Yo mande li:
— Ki kote ou rete, Rabi? (Mo rabi sa a vle di mèt.)
39Li reponn yo:
— Vini non, n'a wè.
Y'ale vre. Yo wè kote l te rete a. Yo pase rès jounen an avè li. (Li te vè katrè konsa nan apremidi.)
40Andre, Mat 4.18-22 frè Simon Pyè a, te yonn nan de moun ki te tande sa Jan te di a epi ki te swiv Jezi.
41Premye 1 Sam 2.10; Sòm 2.2 moun Andre rankontre se te Simon, frè li. Li di li konsa:
— Nou jwenn Mesi a (ki vle di: Kris la).
42Li Mat 16.18; Mak 3.16 mennen Simon bay Jezi. Jezi gade l, li di:
— Se ou menm Simon, pitit Jan an? Y'a rele ou Sefas. (Se menm bagay ak Pyè, ki vle di wòch.)
Jezi rele Filip ak Natanayèl vin swiv li43Nan Mat 8.22; Mak 2.14 denmen, Jezi te fè lide ale nan peyi Galile. Li jwenn Filip sou wout la, li di li:
— Swiv mwen.
44(Filip te moun lavil Betsayda, kote Andre ak Pyè te rete a.)
45Apre Det 18.18; Eza 7.14; 53.2; Jer 23.5; Eze 34.23 sa, Filip jwenn Natanayèl. Li di li:
— Nou jwenn moun Moyiz te pale nou nan liv lalwa a, moun pwofèt yo te pale a tou. Se Jezi, moun lavil Nazarèt, pitit gason Jozèf la.
46Natanayèl Jan 7.41,52 di li:
— Ki bon bagay ki ka sòti Nazarèt?
Filip reponn li:
— Vini non, w'a wè.
47Lè Sòm 32.2; 73.1; Jen 25.27 Jezi wè Natanayèl ap vin bò kote l, li di sou li:
— Men yon moun pèp Izrayèl tout bon. Se yon nonm ki pa gen riz nan li.
48Natanayèl mande li:
— Ki jan ou fè konnen mwen?
Jezi reponn li:
— Anvan Filip te rele ou la, mwen te wè ou lè ou te anba pye fig frans lan.
49Lè 2 Sam 7.14; Jan 6.69; Sòm 2.7; Mat 14.33; 16.16 sa a, Natanayèl di li:
— Mèt, ou se Pitit Bondye a. Ou se wa pèp Izrayèl la!
50Jezi reponn li:
— Men wi, paske mwen di ou mwen te wè ou anba pye figfrans lan, poutèt sa ou kwè! Ou gen pou wè pi gwo bagay pase sa toujou.
51Apre Jen 28.12; Mat 4.11; Mak 1.13 sa, li di yo:
— Sa m'ap di nou la a, se vre wi: N'a wè syèl la louvri, avèk zanj Bondye yo k'ap moute desann sou Moun Bondye voye nan lachè a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.