1Salomon te gen anpil madanm Joab, kòmandan lame li a, te moute nan peyi Edon al antere kadav sòlda pèp Izrayèl yo ki te mouri nan lagè a. Lèfini, yo touye dènye gason ki te nan peyi a.
16Joab rete sis mwa nan peyi a ansanm ak tout lame a jouk yo fin touye dènye gason ladan l.
17Lè sa a, Adad te timoun. Li te rive chape kò l ansanm ak kèk lòt moun peyi Edon ki t'ap travay kay papa l. Y'ale nan peyi Lejip.
18Yo kite lavil Madyan, yo pase lavil Paran. Antan yo la, yo pran kèk gason avèk yo, yo desann peyi Lejip bò kote wa peyi a. Farawon an ba li yon kay pou l rete ak yon pòsyon tè pou l travay. Lèfini li ba li manje.
19Adad sitèlman vin bon zanmi farawon an, farawon an pran bèlsè li, sè larenn Takpenès, li bay Adad li pou madanm.
20Madanm Adad fè yon pitit gason yo te rele Genoubat. Larenn Takpenès fè elve Genoubat nan palè a kote li grandi ansanm ak tout pitit wa yo.
21Lè
23Bondye 2 Sam 8.3; 10.16 fè yon lòt moun leve dèyè Salomon ankò. Se te Rezon, pitit gason Elyada, ki te kouri kite lakay mèt li, Adadezè, wa peyi Soba a.
24Rezon sanble yon bann gason avè l. Se konsa li vin chèf yon bann bandi. Lè sa a, David te bat Adadezè, li touye tout moun peyi Siri ki t'ap mache avèk Adadezè. Se konsa Rezon desann lavil Damas. Li vin chèf lavil Damas.
25Pandan tout reny wa Salomon, Rezon pat vle wè pèp Izrayèl la. Mete sou mechanste Adad t'ap fè pèp Izrayèl la, Rezon pat vle wè pèp Izrayèl la menm. Rezon te vin wa nan peyi Siri.
Jewoboram bay Salomon do26Yon 2 Kwo 13.6 lòt moun ki te bay Salomon do ankò, se te Jewoboram, yonn nan moun ki t'ap sèvi avèk Salomon yo. Jewoboram te pitit Nebat, yon nonm lavil Zereda nan peyi Efrayim. Manman l te yon vèv yo te rele Sewa.
27Men 1 Wa 9.24 rezon ki te pote Jewoboram bay Salomon do.
Salomon t'ap fè yo ranbleye teras ki bay sou solèy leve lavil Jerizalèm lan. Li t'ap fè repare miray Lavil David, papa l.
28Jewoboram te yon vanyan gason, lèfini li te konn sa li vle. Lè Salomon wè jan jenn gason an te travay rèd, li mete l reskonsab travay kòve nan pòsyon tè ki pou fanmi pitit Jozèf yo.
29Yon 1 Wa 12.15; 14.2; 2 Kwo 9.29 jou, Jewoboram te fenk kite lavil Jerizalèm, li kontre sou wout li ak Akija, pwofèt lavil Silo a. Akija te gen yon rad tou nèf sou li. De mesye yo te pou kont yo sou wout la nan mitan jaden yo.
30Akija 1 Sam 15.27 wete rad nèf ki te sou li a, li chire l fè douz moso.
31Lèfini, 2 Sam 19.43; 1 Wa 11.11-13 li di Jewoboam:
— Pran dis moso pou ou, paske Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di ou: Mwen pral wete kòmandman peyi a nan men Salomon, m'ap ba ou dis branch fanmi pou ou.
32Salomon Det 12.5; 1 Wa 11.13; 12.20,21; 14.21; Sòm 132.13 pral rete ak yon sèl branch fanmi. M'ap fè sa pou li poutèt David, sèvitè m lan, poutèt lavil Jerizalèm mwen te chwazi nan tout peyi Izrayèl pou rele m pa m lan.
33Salomon vire do ban mwen, l'al adore bondye lòt nasyon, tankou Astate, zidòl fanm moun peyi Sidon yo, Kemòch, bondye moun Mowab yo, ak Milkòm, bondye moun Amon yo. Salomon pa fè sa ki byen devan je mwen, li pa mache dwat, li pa swiv lòd ak kòmandman mwen yo tankou David, papa l, te fè l la.
34Men, mwen pat wete gouvènman tout peyi a nan men l. M'ap kite l gouvènen konsa jouk li mouri. M'ap fè sa pou li poutèt David, sèvitè m lan, yon nonm mwen te chwazi, yon nonm ki te mache sou lòd ak kòmandman mwen yo.
35Men, 1 Wa 12.16,17 m'ap wete gouvènman tout peyi a nan men pitit gason l lan. M'ap ba ou dis branch fanmi pou gouvènen.
36M'ap 2 Sam 21.17; 1 Wa 12.21; 15.4; 2 Wa 8.19 kite yon sèl branch fanmi pou pitit li a. Konsa, David, sèvitè m lan, va toujou gen yon moun nan ras li ap gouvènen lavil Jerizalèm, lavil mwen te chwazi pou m rete a.
37Ou menm, mwen pran ou, m'ap mete ou wa sou tout peyi Izrayèl la. Konsa, w'a chèf sou tout peyi ou vle a.
38Si 1 Sam 2.35; 2 Sam 7.11,27 ou fè tou sa mwen mande ou fè, si ou mache sou lòd mwen, si ou fè sa ki dwat devan je m, si ou kenbe tout lòd ak tout kòmandman mwen yo tankou David, sèvitè m lan, te fè l la, m'ap toujou kanpe la avè ou. Lèfini, tankou mwen te fè sa pou David, m'ap fè ou toujou gen yon moun nan fanmi ou k'ap wa apre ou. M'ap ba ou peyi Izrayèl la pou ou.
39Se konsa m'ap pini moun fanmi David yo. Men, se p'ap pou tout tan.
40Se 1 Wa 14.25; 2 Kwo 12.2; Mat 2.14,15 poutèt sa Salomon te sòti pou l touye Jewoboam. Men, Jewoboram leve, li kouri ale nan peyi Lejip, bò Chichak, wa peyi a. Li rete la jouk Salomon mouri.
Lanmò Salomon(2 Kwonik 9.29-31)41Se 2 Kwo 9.29-31 nan liv istwa Salomon an nou jwenn tout lòt bagay Salomon te fè yo ak jan li te gen bon konprann.
42Salomon te wa lavil Jerizalèm, li te gouvènen tout pèp Izrayèl la pandan karantan.
43Lè 1 Wa 2.10; Mat 1.7 li mouri, yo antere l nan lavil David, papa l. Se Woboram, pitit li, ki moute nan plas li sou fòtèy la.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.