Sajès 4 - 1998 Haitian Creole

1Pito ou pa gen pitit, men ou gen bon kalite.

Lè ni Bondye ni moun rekonèt bon kalite ou genyen, yo p'ap janm bliye ou, ou p'ap janm mouri.

2Lè ou la sou latè, moun ap chache fè tankou ou.

Lè ou mouri, y'ap regrèt ou.

Men, nan lavi ki p'ap janm fini an, y'ap mete kouwòn sou tèt ou, w'ap nan bèl jwisans,

paske ou te genyen yon batay san ou pa sal kò ou.

3Men, moun ki p'ap sèvi Bondye yo, yo te mèt fè anpil pitit,

p'ap gen yonn k'ap rive anyen nan lavi.

Moun ki marye ak moun lòt ras ap fè pitit ki p'ap pouse rasin fon.

Fanmi yo p'ap chita sou bon fondasyon solid.

4Menm si li pouse branch pou yon tan,

nepòt ti van ap souke l paske li pa byen chouke.

Gwo van menm ap derasinen l.

5Branch li yo ap kase anvan yo pran fòs.

Donn li yo p'ap bay pwofi,

yo p'ap rive mi pou moun ta manje yo,

yo p'ap bon pou fè anyen.

6Konsa, jou jijman an, timoun ki fèt nan move maryaj yo

ap sèvi temwen pou mechanste papa ak manman yo.

7Moun ki mache dwat yo, menm si yo mouri jenn, y'ap jwenn repo.

8Granmoun merite pou moun gen respè pou yo, se vre,

men se pa paske yo viv lontan.

Anpil lanne sou tèt yon moun pa di anyen.

9Se bon konprann ki vo cheve blan.

Se yon lavi san repwòch ki vo anpil lanne.

Egzanp Enòk

10Te gen yon nonm ki te mache dwat, ki te fè Bondye plezi. Bondye te renmen li.

Antan li t'ap viv nan mitan moun k'ap fè sa ki mal yo, yo fè l moute tou vivan nan syèl la.

11Yo wete l sou latè pou mechanste lèzòm pa gate bon konprann li,

pou tikoulout lèzòm pa detounen bonnanj li.

12Nou konnen jan moun fasil kite fè mal pran nanm yo, yo pa ka rekonèt sa ki byen.

Nou konnen jan lanvi vire tèt moun, li gate moun ki gen bon lide nan tèt yo.

13Li menm, li pa te pran lontan pou l te rive bon nèt, ti sa li te fè a gen valè travay tout yon vi byen long.

14Granmèt la te pran plezi nan li.

Se poutèt sa li prese wete l nan mitan mechanste k'ap fèt sou latè a.

Tout moun te wè sa, men yo pa konprann anyen.

Sa pa janm vin nan tèt yo.

15Bondye bay moun pa l yo favè l, li gen pitye pou yo.

L'ap vin pwoteje moun k'ap viv apa pou li yo.

Sò k'ap tann mechan yo

16Menm lè moun k'ap mache dwat yo mouri,

yo fè moun ki p'ap sèvi Bondye yo wont, atout yo menm yo ret vivan.

Wi, moun k'ap fè sa ki mal yo, atout yo viv lontan,

jenn gason ki gentan rive bon nèt yo ap fè yo wont.

17Y'a wè moun ki gen bon konprann yo mouri jenn,

men yo p'ap konprann sa Bondye te vle fè pou yo a,

ni pou ki rezon li wete yo, li mete yo sou kote pou anyen pa rive yo.

18Y'a wè sa, y'a pase yo nan betiz.

Men, se Bondye li menm k'ap pase yo nan betiz pita.

Lè y'a mouri, pèsonn p'ap fè bèl lantèman pou kadav yo.

Menm nan mitan mò yo, y'ap yon wont pou tout tan.

19Bondye ap voye yo jete atè sou tèt, yo p'ap ka di yon mo.

L'ap rache yo sòti sou fondasyon kote yo te chita a,

l'ap kraze yo nèt ale, l'ap fè yo tounen yon pil demoli.

Y'ap nan gwo soufrans.

Talè konsa tout moun pral bliye yo.

20Lè lè pou yo fè regleman ak yo pou tout peche yo te fè yo va rive,

y'ap tranble nan tout kò yo lè y'a parèt nan tribinal la.

Se mechanste yo te fè yo menm ki pral kanpe pou kondannen yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help