Ezayi 12 - 1998 Haitian Creole

Kantik pou di Bondye mèsi

1Jou sa a, w'a pran chante:

— M'ap fè lwanj ou, Senyè! Ou te move sou mwen.

Men kounyeya, ou pa fache ankò. W'ap ban m kouray.

2Se Egz 15.2; Sòm 118.14 Bondye ki delivre m!

Mwen gen konfyans nan li. Kè m pa kase ankò!

Se Senyè a ki tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante.

Se li menm ki delivre m!

3Menm Jan 4.14 jan kè pèp la kontan lè yo pral pran dlo nan sous,

se konsa y'a kontan tou lè Bondye ap delivre yo.

4Jou Sòm 105.1; 145.4,6; 148.13 sa a, n'a chante:

Ann di Bondye mèsi! Annou fè lwanj non li!

Annou fè tout nasyon yo konnen sa li fè!

5Chante pou Senyè a, paske li fè gwo mèvèy.

Fè tout moun sou latè konn sa!

6Nou Eza 1.4; Oze 11.9 menm ki rete sou mòn Siyon an, rele, fè fèt!

Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye apa, li gen anpil pouvwa.

Se nan mitan nou li rete.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help