1Men mesay Senyè a te mete nan bouch pwofèt yo! Atake moun peyi Pekòd yo! Touye yo tout, fini ak yo nèt! Se pou nou fè tou sa mwen menm mwen ban nou lòd fè a!
22Nan Jer 51.54 tout peyi a, se lagè k'ap fèt! Se kraze brize nèt ale!
23Lavil Eza 14.6; Rev 18.19,21 Babilòn te tankou yon gwo mato ki t'ap kraze tout moun sou latè. Kounyeya, mato a chape, li tonbe, li kraze. Yo fini ak Babilòn. Yo fè l tounen yon dezè san moun ladan l nan mitan tout nasyon yo!
24Babilòn! Jer 51.31; Da 5.30 Mwen te pare yon pèlen pou ou! Ou tonbe ladan l san ou pa konnen! Yo jwenn ou, yo mete men sou ou, paske ou te sòti pou goumen avè m.
25Senyè a Eza 13.5 louvri depo zam li yo. Li fè kòlè, li mete yo deyò, paske mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye sèl Mèt la, mwen gen yon travay pou m fè ak moun Babilòn yo.
26Sòti toupatou sou latè, vin atake l! Louvri tout depo pwovizyon l yo! Anpile tou sa nou jwenn, boule tout pou Senyè a. Pa kite anyen!
27Touye Eza 34.7,8 tout sòlda li yo tankou bèf nan labatwa! Madichon pou moun Babilòn yo! Jòdi a, lè chatiman yo a rive!
28Koute! Sòm 64.9 Moun k'ap kouri chape kò yo, moun k'ap kouri kite lavil Babilòn lan, ap moute sou mòn Siyon, y'ap fè konnen jan Senyè a, Bondye nou an, ap tire revanj li pou sa moun Babilòn yo fè Tanp li a.
29Voye Eza 47.10; Jer 25.14 chache tout moun ki konn sèvi ak banza pou yo mache pran lavil Babilòn. Fè yo sènen lavil la nèt, pou pèsonn pa ka chape. Fè l peye tou sa li te fè. Fè l pase tou sa li te fè lòt moun pase, paske li te konprann pou l te kenbe tèt ak Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
30Se Jer 49.26 poutèt sa, yo pral touye tout jenn gason l yo nan tout lari. Jou sa a, yo pral disparèt tout sòlda li yo. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.
31Moun Babilòn, nou awogan twòp! Mwen leve dèyè nou! Se mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa. Jou pa ou la rive, lè pou m pini ou lan rive sou ou.
32Peyi moun awogan sa yo pral tonbe. Pèsonn p'ap ka fè l kanpe ankò. M'ap mete dife nan tout lavil yo. Tout bagay alawonn pral boule.
33Wi, Eza 14.17 men sa Senyè a di ankò: Y'ap peze moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo. Moun ki te depòte yo kenbe yo kout, yo pa vle lage yo.
34Men, Eza 43.14; 51.22; Jer 51.36 moun k'ap vin delivre yo a fò tou! Se Senyè ki gen tout pouvwa a. Se konsa li rele. L'ap pran defans yo, l'ap fè tout lòt nasyon yo viv ak kè poze, men l'ap bay moun lavil Babilòn yo kè sote.
35Men Jer 51.57; Da 4.6; 5.30 sa Senyè a di ankò:
— Lanmò pou lavil Babilòn!
Lanmò pou tout moun ki rete ladan l!
Lanmò pou chèf li yo, pou moun save l yo!
36Lanmò pou divinò li yo!
Se yon bann egare yo ye.
Lanmò pou sòlda li yo!
Y'ap tranble, yo pa konn sa pou yo fè.
37Lanmò Jer 51.30 pou chwal li yo!
Kraze tout cha lagè li yo.
Lanmò pou tout moun lòt nasyon k'ap fè djòb sòlda lakay yo!
Se pou yo tankou fanm san nanm.
Disparèt tout richès li yo.
Piye tout byen li yo.
38Chechrès Jer 51.36,47,52 nan tout peyi a.
Se pou tout dlo rivyè yo cheche.
Babilòn se yon peyi zidòl,
k'ap fè moun pèdi tèt yo.
39Se Eza 13.21,22 poutèt sa, se chat mawon ak vye bèt nan bwa ki pral rete nan peyi sa a. Se la gwo zwazo otrich yo pral rete. P'ap janm gen moun rete ladan l ankò pou tout tan, jouk sa kaba.
40Sa Jen 19.24,25 pral tankou gwo malè Bondye te voye sou lavil Sodòm ak lavil Gomò, malè ki te detwi yo ansanm ak tout ti bouk nan vwazinay yo. Pèsonn p'ap rete la, p'ap gen yon moun nan peyi a ankò. Se mwen menm Senyè a wi ki di sa.
41Moun Jer 6.22-24 ap sòti nan yon peyi bò nan nò.
Yon gwo pèp ak anpil chèf vanyan
sòti byen lwen, y'ap pare pou fè lagè.
42Yo pran banza ak frenn yo.
Yo mechan anpil, se yon bann san manman.
Lè yo sou chwal yo, y'ap fè bri tankou lanmè lè l move.
Yo pare lame yo pou yo vin fè lagè kont Babilòn.
43Wa Babilòn lan pran nouvèl la.
Li santi de bra l kase.
Li gen yon sèl kè sere, l'ap soufri
tankou yon fanm ki gen tranche.
44Tankou Eza 14.24; Jer 49.19-21; 51.11,12,29 yon lyon k'ap sòti nan rakbwa bò larivyè Jouden an pou l ale kote bèt yo ye nan savann yo, mwen menm Senyè a, m'ap vini. M'ap fè moun yo kouri kite peyi a, anvan yo bat je yo. Lè sa a, se moun m'a chwazi a m'a mete pou gouvènen peyi a. Ki moun ki tankou m? Ki moun ki ka koresponn avè m? Ki chèf ki ka kenbe tèt avè m?
45Konsa, koute sa mwen sòti pou m fè moun lavil Babilòn yo, sa mwen fè lide fè moun peyi Kalde yo: Sèten, ata timoun yo yo pral trennen pot ale. Yo pral devaste tout peyi a devan je yo.
46Lè lavil Babilòn tonbe, l'ap fè yon kokennchenn bri, latè ap tranble. Y'ap tande rèl moun yo nan tout lòt nasyon yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.