1Twòp bweson fè ou pase moun nan betiz. Twòp Jen 9.21; Pwo 23.29-32; Eza 28.7 gwòg fè ou pete kabouya, fè lòbèy. Lè ou sou, ou aji tankou moun fou.
2Lè Pwo 8.36; 19.12 yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k'ap gwonde. Moun ki mete l ankòlè a, se pwòp tèt li l'ap fè mal.
3Se Jen 13.7-9; Pwo 17.14 bèl bagay lè yon moun evite diskisyon. Moun san konprann toujou ap chache kont.
4Parese Pwo 19.15,24 pa pare tè li lè pou l te pare l, li di fè twò frèt. Lè rekòt rive, li pa jwenn anyen nan jaden l.
5Lide Pwo 18.4 yon nonm gen nan tèt li, se tankou dlo nan yon pi byen fon. Men, yon moun lespri ka rale yo mete deyò.
6Anpil Pwo 25.14; Jer 5.1; Mat 6.2; Lik 18.8 moun ap mache di jan yo se moun serye. Men, ou pa fasil jwenn yon moun ou ka fè konfyans.
7Lè 1 Wa 15.4; Sòm 112.2 yon papa se moun serye, li fè sa ki dwat. Sa bon nèt pou pitit li yo.
8Lè Pwo 16.10 yon wa chita sou fòtèy li, l'ap rann jistis, li wè sa ki mal ak sa ki byen.
9Ki Jòb 15.14; Ekl 7.20 moun ki ka di: mwen lave konsyans mwen, mwen wete tout peche ki te sou li?
10Senyè a Pwo 11.1 pa ka sipòte moun k'ap sèvi ak de pwa de mezi.
11Yon Mat 7.16 timoun moutre ou sa l'ap sòti nan sa l'ap fè. Ou ka di si l'ap serye, si l'ap bon.
12Se Egz 4.11; Sòm 94.9 Senyè a ki ban nou je pou nou ka wè, se li menm ki ban nou zòrèy pou nou ka tande.
13Pa Pwo 12.11; 19.15; Wòm 12.11 renmen dòmi twòp pou ou pa vin pòv. Souke kò ou. W'a jwenn kont manje pou ou manje.
14Lè moun ap machande, machandiz pa janm bon. Fini yo fin achte, y'ap mache di jan yo fè yon bon zafè.
15Lè Jòb 28.18 moun konprann pale, sa gen plis valè pase kantite lò ak kantite pyè koute chè.
16Si Pwo 27.13 yon moun sòt jouk pou li asepte bay pawòl li pou dèt yon etranje, se pou yo pran ata rad ki sou li jouk lòt la peye.
17Lajan Pwo 9.17 ou fè nan move kondisyon ka dous lè ou fenk genyen l. Men, apre sa, se tankou ti wòch anba dan.
18Pran Pwo 11.14; 24.6 konsèy, tou sa ou gen lide fè ap mache byen. Pa kouri fè lagè san ou pa konnen sa w'ap fè.
19Bouch Pwo 11.13; 13.3 alèlè pa kenbe sekrè. Pa mele ak moun ki pale twòp.
20Moun Egz 21.17; 2 Sam 21.17; Jòb 18.5 ki bay manman l ak papa l madichon p'ap viv lontan.
21Richès Pwo 13.11 ou ranmase fasil fasil p'ap janm vin yon benediksyon pou ou.
22Pa Sòm 27.14; Pwo 24.29; Wòm 12.17,19; 1 Pyè 3.9 janm di se ou ki pou vanje tèt ou. Mete konfyans ou nan Senyè a, l'a delivre ou.
23Senyè a Pwo 20.10 pa ka sipòte moun k'ap sèvi ak de pwa de mezi. Sa pa bon pou ou sèvi ak move balans.
24Se Pwo 16.9 Senyè a ki louvri chemen devan nou. Ki jan lèzòm ka rive konprann lavi?
25Pa Ekl 5.2,5 prese fè Bondye pwomès. Ou ka regrèt sa pita.
26Yon wa ki gen bon konprann ap rive dekouvri tout mechan yo. L'ap san pitye lè l'ap pini yo.
27Se Sof 1.12; 1 Kor 2.11 Senyè a ki ban nou konsyans nou. Se tankou yon lanp k'ap klere pou fè nou wè tou sa n'ap fè.
28Yon Pwo 16.12 wa ap rete wa si li se nèg serye, si li toujou kenbe pawòl li. L'ap toujou wa si li pa nan patipri.
29Se Pwo 16.31 kouray ki fè valè yon jenn gason. Men, pou granmoun, se cheve blan l yo ki fè valè l.
30Move esperyans ka fè nou chanje. Malè ka fè nou vin gen bon santiman.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.