Jòb 13 - 1998 Haitian Creole

1Wi, mwen wè tou sa ak de je m.

Mwen tande tou sa ak de zòrèy mwen epi mwen konprann.

2Sa Zafè!

M mare ren m, m sere dan m!

15Bondye Jòb 13.3; 14.14; Pwo 14.32 te mèt touye m. Sèl chans mwen

se pou m esplike avè l.

16Nou pa janm konnen, se sa ki ka sove m,

paske moun ki fè mal pa ka parèt devan Bondye.

17Koute Jòb 21.2 byen sa m pral di la a.

Louvri zòrèy nou pou n tande deklarasyon mwen.

18M pare Jòb 23.4 pou m defann kòz mwen,

paske mwen konnen mwen nan dwa m.

19Bondye, Eza 50.8 eske se ou ki pral plede avè m?

M tou pare pou m pe bouch mwen, pou m asepte lanmò m.

20De Jen 3.8 sèl ti chans ase m'ap mande ou.

Apre sa, m p'ap kache pou ou ankò.

21Sispann Jòb 9.34 leve men ou sou mwen.

Sispann fè m pè tout pè sa a.

22Ou Jòb 14.15 mèt pale anvan, m'a reponn ou.

Osinon, kite m pale anvan, w'a reponn mwen.

23Konbe peche, konbe bagay mal mwen fè?

Kisa m fè mwen pat dwe fè? Kisa m fè ki mal?

24Poukisa Det 31.17; Jòb 19.11; 33.10; Sòm 13.1; 44.24; 88.14 w'ap kache pou mwen konsa?

Poukisa ou fè tankou si se lènmi ou mwen ye?

25Poukisa w'ap chache fè m pè?

Poukisa ou leve dèyè m konsa?

M tou fini, m tankou fèy bwa,

tankou pay chèch van ap pote ale.

26W'ap Sòm 25.7 akize m yon bann bagay k'ap fè m mal.

W'ap fè m peye tou sa m te fè lè m te jenn gason.

27Ou Jòb 10.14; 33.11 mete pye m nan sèp.

Ou veye tout vire tounen m.

Ou gade tout kote m'ap mete pye m.

28M'ap dekale tankou bwa pouri,

tankou rad sizo ap manje.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help